< Sòm 53 >

1 Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
For the leader. On mahalath. A maskil of David. Fools say in their heart, ‘There is no God.’ Vile, hateful their life is; not one does good.
2 Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.
From heaven God looks out on humans, to see if any are wise, and care for God.
3 Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
But all have turned bad, the taint is on all; not one does good, no, not one.
4 Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.
Have they learned their lesson, those workers of evil? Who ate up my people, eating, devouring, never calling to the Lord.
5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
Sore afraid will they be, where no fear was; when God scatters the bones of the godless people. They will be put to shame, when God rejects them.
6 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
If only help from Zion would come for Israel! When God brings his people a change of fortune, how glad will be Jacob, and Israel how joyful!

< Sòm 53 >