< Sòm 47 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
For the leader. Of the Korahites. A psalm. Clap your hands, all you peoples: shout to God in ringing cries.
2 Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
For the Lord is most high and dread, a great king over all the earth.
3 Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
He subdues the peoples under us, the nations under our feet;
4 Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
he chooses our heritage for us, the glory of Jacob whom he loves. (Selah)
5 Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
God is gone up with a shout, the Lord with the sound of a trumpet.
6 Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
Sing praise to our God, sing praises: sing praise to our king, sing praises.
7 Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
For king of all earth is he: praise God in a skilful song.
8 Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
God is king over all the nations, God sits on his holy throne.
9 Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.
Princes of nations gather with the people of Abraham’s God: for the shields of the earth are God’s; greatly exalted is he.

< Sòm 47 >