< Sòm 21 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
For the Chief Musician. A Psalm by David. The king rejoices in your strength, LORD! How greatly he rejoices in your salvation!
2 Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.
You have given him his heart’s desire, and have not withheld the request of his lips. (Selah)
3 Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
For you meet him with the blessings of goodness. You set a crown of fine gold on his head.
4 Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
He asked life of you and you gave it to him, even length of days forever and ever.
5 Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
His glory is great in your salvation. You lay honour and majesty on him.
6 Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
For you make him most blessed forever. You make him glad with joy in your presence.
7 Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
For the king trusts in the LORD. Through the loving kindness of the Most High, he shall not be moved.
8 Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.
Your hand will find out all of your enemies. Your right hand will find out those who hate you.
9 Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
You will make them as a fiery furnace in the time of your anger. The LORD will swallow them up in his wrath. The fire shall devour them.
10 W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.
You will destroy their descendants from the earth, their posterity from amongst the children of men.
11 Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.
For they intended evil against you. They plotted evil against you which cannot succeed.
12 L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.
For you will make them turn their back, when you aim drawn bows at their face.
13 Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
Be exalted, LORD, in your strength, so we will sing and praise your power.

< Sòm 21 >