< Sòm 18 >

1 Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
For the leader. Of David, the servant of the Lord, who recited the words of this song to the Lord after the Lord had saved him from the power of all his enemies and from the hand of Saul. He said: I love you, O Lord, my strength.
2 Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
The Lord is my rock, my fortress, deliverer, my God, my rock, where I take refuge, my shield, my defender, my tower.
3 Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
Worthy of praise is the Lord whom I call on, he rescues me from all my foes.
4 Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
The waves of death broke about me, fearful floods of chaos.
5 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. (Sheol h7585)
Sheol threw cords around me, snares of death came to meet me. (Sheol h7585)
6 Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
In distress I cried to the Lord, and shouted for help to my God; in his temple he heard my voice, into his ears came my cry.
7 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
Then the earth shook and quaked, mountains trembled to their foundations, and quaked because of his wrath.
8 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
Smoke went up from his nostrils, devouring fire from his mouth, coals were kindled by it.
9 Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
Then he bent the sky and came down, thick darkness was under his feet.
10 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
He rode on a cherub and flew, darting on wings of wind,
11 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
with his screen of darkness about him, in thick dark clouds of water.
12 Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
At the radiance before him there passed hailstones and coals of fire.
13 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
The Lord thundered from heaven, the Most High uttered his voice.
14 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
He shot his arrows and scattered them, flashed lightnings, and routed them.
15 Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
The channels of the sea were revealed, the world was laid bare to its base, at your rebuke, O Lord, at the blast of the breath of your nostrils.
16 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a.
He stretched from on high, he seized me, drew me up from the mighty waters,
17 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.
and saved me from those who hated me – fierce foes, too mighty for me.
18 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.
In my day of distress they assailed me, but the Lord proved my support.
19 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
To a spacious place he brought me, and, for love of me, he saved me.
20 Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
The Lord repays my innocence, he rewards my cleanness of hands.
21 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
For I kept the ways of the Lord, nor have wickedly strayed from my God.
22 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
His commandments were all before me, his statutes I put not away.
23 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
And I was blameless before him, guarding myself from sin.
24 Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
So the Lord repaid my innocence, my cleanness of hands in his sight.
25 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
With the loyal you are loyal, and with the blameless blameless.
26 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
With the pure you show yourself pure, but shrewd with the devious.
27 Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
For the lowly people you save, but haughty eyes you abase.
28 Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
You are my lamp, Lord, my God who enlightens my darkness.
29 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
With you I can storm a rampart, with my God I can leap a wall.
30 Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
As for God, his way is perfect; the word of the Lord is pure. He is shield to all who take refuge in him.
31 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
For who is God but the Lord? And who is a rock but our God?
32 Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
The God who arms me with strength, who cleared and smoothed my way.
33 Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
He made my feet like hinds’ feet, and set me up on the heights.
34 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
He taught my hands how to fight, and my arms how to bend a bronze bow.
35 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
The shield of your help you gave me, your right hand supports me, you stoop down to make me great.
36 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
In your strength I took giant strides, and my feet never slipped.
37 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
So I chased the foe till I caught them, and turned not, till I made an end of them.
38 Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
I smashed them, they could not rise, they fell beneath my feet.
39 Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
You did arm me with strength for war, you did bow my assailants beneath me.
40 Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
You made my foes turn their back to me, and those who did hate me I finished.
41 Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
They cried for help, but none saved them; to the Lord, but he answered them not.
42 Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
I beat them like dust of the market-place, stamped them like mud of the streets.
43 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
From the strife of the peoples you saved me, you made me head of the nations, peoples I knew not did serve me.
44 Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
On the instant they hear, they obey me, foreigners come to me cringing.
45 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
Foreigners lose courage, and come out of their strongholds trembling.
46 Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
The Lord is alive! Blest be my rock! Exalted be God, my protector!
47 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
The God who gave me revenge, and brought down nations beneath me,
48 Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
who saved me from angry foes, and set me above my assailants, safe from the violent.
49 Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
For this I will praise you among the nations, making music, O Lord, to your name:
50 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.
for great triumphs he grants to his king, and faithful love he shows his anointed, to David and his seed evermore.

< Sòm 18 >