< Sòm 140 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
To the leader. A Psalm of David. Rescue me, Lord, from evil people; from the violent guard me
2 anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
from those who plot evil in their heart, and stir up war continually:
3 Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
who make their tongue as sharp as a serpent’s, and under whose lips is the poison of adders. (Selah)
4 Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
Preserve me, O Lord, from the hands of the wicked, from the violent guard me from those who are plotting to trip up my feet.
5 Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
The proud have hidden a trap for me, cords they have spread as a net for my feet: snares they have set at the side of my track. (Selah)
6 Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
I have said to the Lord, ‘My God are you; attend, Lord, to my loud plea.
7 Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
O Lord my Lord, my saviour mighty, you did cover my head in the day of battle.
8 Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
Grant not, O Lord, the desires of the wicked; and what they have purposed, promote you not.’ (Selah)
9 Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
Let them not lift up their heads against me. May the mischief they prate bring themselves to destruction,
10 Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
may he rain upon them coals of fire, may he strike them down swiftly, to rise no more,
11 Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
no place in the land may there be for the slanderer: may the violent be hunted from sorrow to sorrow.
12 Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
I know that the Lord will do right by the weak, and will execute justice for those who are needy.
13 Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.
Surely the righteous shall praise your name, and they who are upright shall live in your presence.

< Sòm 140 >