< Abakouk 1 >

1 Men mesaj Bondye te bay pwofèt Abakouk nan yon vizyon.
The message seen by the prophet Habakkuk.
2 Seyè! Konbe tan ankò pou m' pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m'? Konbe tan ankò pou m' pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo?
How long, Lord, have I cried out and without you hearing me! I cry to you, ‘Violence!’ but you do not help.
3 Poukisa w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo? Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont.
Why do you make me look upon wickedness and behold trouble? Destruction and violence are before my eyes, and fighting and quarrelling.
4 Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan yo ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè.
Therefore the law is weak, and justice is never rendered; for the wicked surround the righteous, so that justice is perverted.
5 Seyè a pale ak pèp li a, li di: -Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon travay devan je nou. Si se moun ki ta vin di nou sa, nou pa ta kwè.
Look at the nations, look well, be shocked and amazed. For I am about to do a work in your days; you will not believe it when it is told.
6 M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.
For I am about to raise up the Chaldeans, a nation grim and quick of action who sweep over the whole breadth of the earth to seize dwellings not their own.
7 Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pesonn. Yo pa pran lòd nan men pesonn. Yo fè sa yo pi pito.
They bring fear and terror. They write their own rules.
8 Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.
Their horses are swifter than leopards, quicker than wolves hunting at dusk. From afar they come swooping down, like an eagle attacking its prey.
9 Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè.
They all come to do violence, a horde like a desert wind, they gather up captives like sand.
10 Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo.
At kings they scoff, and princes are sport to them. They laugh at every fortress, and heap up earth to take it.
11 Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y' al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.
Then they sweep on like the wind, Their strength is their god.
12 Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?
Are you not eternal, Lord, my holy one, who does not die? Lord you have appointed them to execute judgment, my rock, you have established them to punish.
13 Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di anyen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?
Your eyes are too pure to look at evil, you cannot condone iniquity. So why do you regard the treacherous in silence, while the wicked swallows the upright?
14 Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?
You have made people like the fish of the sea, like reptiles that have no ruler.
15 Moun Babilòn yo pran moun nan zen tankou pwason. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini, yo kontan, y'ap fè fèt.
The wicked sweep them all into their nets, and gather them into their drag-nets, and rejoice and celebrate.
16 Se sak fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.
Therefore they sacrifice to their net, and burn offerings to their drag-net; for by their nets are their portions generous, and their food is rich.
17 Eske yo pral toujou sèvi ak nepe yo san rete, pou yo touye moun lòt nasyon san yo pa gen pitye pou yo?
Will they empty their nets continually, slaughter nations unpityingly?

< Abakouk 1 >