< Esdras 8 >

1 Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m' soti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou rèy wa Atagzèsès:
アルタシヤスタ王の治世に我とともにバビロンより上り來りし者等の宗家の長およびその系譜は左のごとし
2 -(we vèsè pwochen)
ピネハスの子孫の中にてはゲルシヨム、イタマルの子孫の中にてはダニエル、ダビデの子孫の中にてはハットシ
3 Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l' sansenkant (150) gason yo te konte nan fanmi an.
シカニヤの子孫の中パロシの子孫の中にてはゼカリヤ彼と偕にありて名簿に載られたる男子百五十人
4 Elyeyoenayi, pitit gason Seraji a, chèf branch fanmi Pakat m'oab la. Li te gen avè l' desan (200) gason.
パハテモアブの子孫の中にてはゼラヒヤの子エリヨエナイ彼と偕なる男二百人
5 Chekanya, pitit gason Jazyèl la, chèf branch fanmi Zatou a. Li te gen avè l' twasan (300) gason.
シカニヤの子孫の中にてはヤハジエルの子 彼と偕なる男三百人
6 Ebèd, pitit gason Jonatan an, chèf branch fanmi Aden an. Li te gen avè l' senkant gason.
アデンの子孫の中にてはヨナタンの子エベデ彼とともなる男五十人
7 Yechaya, pitit gason Atalya a, chèf branch fanmi Elam lan. Li te gen avè l' swasanndis gason.
エラムの子孫の中にてはアタリヤの子ヱサヤ彼と偕なる男七十人
8 Zebadya, pitit gason Mikayèl la, chèf branch fanmi Chefatya a. Li te gen katreven gason avè l'.
シパテヤの子孫の中にてはミカエルの子ゼバデヤ彼とともなる男八十人
9 Obadya, pitit gason Jeyèl la, chèf branch fanmi Joab la. Li te gen desandizwit (218) gason avè l'.
ヨハブの子孫の中にてはヱヒエルの子オバデヤ彼とともなる男二百十八人
10 Chelomit, pitit gason Josifya a, chèf branch fanmi Bani an. Li te gen sanswasant (160) gason avè l'.
シロミテの子孫の中にてはヨシピアの子 彼とともなる男百六十人
11 Zakariya, pitit gason Bebayi a, chèf branch fanmi Bebayi a. Li te gen ventwit gason avè l'.
ベバイの子孫の中にてはベバイの子ゼカリヤ彼と偕なる男二十八人
12 Jokanan, pitit gason Akatan an, chèf fanmi Azgad la. Li te gen sandis (110) gason avè l'.
アズガデの子孫の中にてはハッカタンの子ヨハナン彼とともなる男百十人
13 Pou branch fanmi Adonikam an, se te Elifelèt, Jeyèl ak Chemaja. Yo te gen swasant gason avèk yo. Moun sa yo te vin apre.
アドニカムの子孫の中の後なる者等あり 其名をエリペレテ、ユエル、シマヤといふ彼らと偕なる男六十人
14 Outayi, pitit gason Zaboud la, chèf branch fanmi Bigvayi a. Li te gen swasandis gason avè l'.
ビグワイの子孫の中にてはウタイおよびザブデ彼等とともなる男七十人
15 Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.
我かれらをアハワに流るる所の河の邊に集めて三日が間かしこに天幕を張居たりしが我民と祭司とを閲せしにレビの子孫一人も其處に居ざりければ
16 Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.
すなはち人を遣てエリエゼル、アリエル、シマヤ、エルナタン、ヤリブ、エルナタン、ナタン、ゼカリヤ、メシユラムなどいふ長たる人々を招きまた敎晦を施こす所のヨヤリブおよびエルナタンを招けり
17 Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.
而して我カシピアといふ處の長イドの許に彼らを出し遣せり 即ち我カシピアといふ處にをるイドとその兄弟なるネテニ人に告ぐべき詞を之が口に授け我等の神の室のために役者を我儕に携へ來れと言けるが
18 Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.
我らの神よく我儕を助けたまひて彼等つひにイスラエルの子レビの子マヘリの子孫イシケセルを我らに携さへ來り又セレビヤといふ者およびその子等と兄弟十八人
19 Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.
ハシヤビヤならびにメラリの子孫のヱサヤおよびその兄弟とその子等二十人を携へ
20 Te gen tou desanven (220) travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.
またネテニ人すなはちダビデとその牧伯等がレビ人に事へしむるために設けたりしネテニ人二百二十人を携へ來れり 此等の者は皆その名を掲げられたり
21 Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.
斯て我かしこなるアハワの河の邊にて斷食を宣傳へ我儕の神の前にて我儕身を卑し我らと我らの小き者と我らの諸の所有のために正しき途を示されんことを之に求む
22 Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.
其は我儕さきに王に告て我らの神は己を求むる者を凡て善く助けまた己を棄る者にはその權能と震怒とをあらはしたまふと言しに因て我道路の敵を防ぎて我儕を護るべき歩兵と騎兵とを王に請ふを羞ぢたればなり
23 Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.
かくてこのことを我ら斷食して我儕の神に求めけるに其祈禱を容たまへり
24 Apre sa, mwen chwazi douz moun nan chèf prèt yo: se te Cherebya, Achabya ak dis lòt chèf prèt.
時に我祭司の長十二人即ちセレビヤ、ハシヤビヤおよびその兄弟十人を之とともに擇び
25 Mwen pran pèz tout ajan ak tout lò ak tout lòt veso wa a, konseye l' yo ak lòt chèf ki avè l' yo te bay pou sèvi nan tanp Bondye nou an ansanm ak ofrann moun pèp Izrayèl yo, epi mwen renmèt yo bay douz chèf prèt yo.
金銀および器皿すなはち王とその議官とその牧伯と彼處の一切のイスラエル人とが我らの神の室のために獻げたる奉納物を量りて彼らに付せり
26 Men sa mwen te renmèt yo nan men: nèfsandouzmil (912.000) ons ajan, ak san veso an ajan ki te peze demilkatsan (2.400) ons, sansenkantwitmil (158.000) ons lò,
その量りて彼らの手に付せし者は銀六百五十タラント銀の器百タラント金百タラントなりき
27 ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis (270) ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo.
また金の大斝二十あり一千ダリクに當るまた光り輝く精銅の器二箇あり その貴きこと金のごとし
28 Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Seyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Seyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo.
而して我かれらに言り汝等はヱホバの聖者なり 此器皿もまた聖し又この金銀は汝らの先祖の神ヱホバに奉まつりし誠意よりの禮物なり
29 Nou reskonsab yo jouk n'a rive nan tanp lan lavil Jerizalèm. Rive la, nan chanm prèt yo ki nan tanp Bondye a, n'a peze yo ankò devan chèf prèt yo ak chèf moun Levi yo, devan chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, epi n'a renmèt yo li.
汝等ヱルサレムに至りてヱホバの家の室に於て祭司レビ人の長等およびイスラエルの宗家の首等の前に量るまで之を伺ひ守るべしと
30 Se konsa, lè mwen fin peze ajan an, lò a ak veso yo, prèt yo ak moun Levi yo pran yo nan men m', pou pote yo jouk lavil Jerizalèm, nan tanp Bondye nou an.
是に於て祭司およびレビ人その金銀および器皿をヱルサレムなる我らの神の室に携へゆかんとて其重にしたがひて之を受取れり
31 Sou douzyèm jou premye mwa a, nou kite kote nou te ye a bò kannal Aava a, nou pati pou lavil Jerizalèm. Bondye nou an te la ak nou sou tout wout la. Li pwoteje nou, li pa kite okenn lènmi atake nou, li pa kite nou tonbe nan okenn anbiskad vòlò ta ka pare sou wout pou nou.
我ら正月の十二日にアハワの河邊を出たちてヱルサレム赴きけるが我らの神その手を我らの上におき我らを救ひて敵の手また路に伏て窺ふ者の手に陷らしめたまはざりき
32 Nou rive lavil Jerizalèm, nou pase twa jou ap poze kò nou.
我儕すなはちヱルサレムに至りて三日かしこに居しが
33 Sou katriyèm jou a, n' al nan tanp Bondye nou an, yo peze ajan an, lò a ak veso yo, epi yo renmèt yo nan men Meremòt, prèt la, pitit gason Ouri a. Avèk li te gen Eleaza, pitit gason Fineas la, ak de moun Levi: Jozabad, pitit gason Jozye, ak Noadja, pitit gason Bennwi a.
四日にいたりて我らの神の室においてその金銀および器皿をウリヤの子祭司メレモテの手に量り付せり ピネハスの子エレアザル彼に副ふ又ヱシユアの子ヨザバデおよびビンヌイの子ノアデヤの二人のレビ人かれらに副ふ
34 Yo konte, yo peze, yo jwenn tout bagay, anyen pa t' manke. Lè sa a, yo fè yon lis tou sa yo te peze, epi yo sere lis la.
即ちその一々の重と數を査べ其重をことごとく其時かきとめたり
35 Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye pèp Izrayèl la. Yo ofri douz towo pou tout pèp Izrayèl la, katrevensèz belye mouton, swasanndisèt ti mouton ak douz bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche yo. Yo boule tout bèt sa yo nèt nan dife pou Seyè a.
俘囚の人々のその俘囚をゆるされて歸り來し者イスラエルの神に燔祭を獻げたり 即ちイスラエル全體にあたる牡牛十二を獻げまた牡羊九十六羔羊七十七罪祭の牡山羊十二を獻げたり 是みなヱホバにたてまつりし燔祭なり
36 Yo pran tout dokiman wa a te ba yo, yo renmèt prefè wa yo ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la, yo bay konkou yo pou tanp Bondye a.
彼等王の勅諭を王の代官と河外ふの總督等に示しければその人々民を助けて神の室を建しむ

< Esdras 8 >