< Estè 10 >

1 Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.
아하수에로 왕이 그 본토와 바다 섬들로 공을 바치게 하였더라
2 Yo ekri tou sa wa a te fè nan gwo liv istwa wa peyi Medi ak peyi Pès yo. Yo di tout bèl bagay li te fè, jan li te yon vanyan gason. Yo bay tout ti detay sou jan li te rive mete Madoche nan gwo plas sa a.
왕의 능력의 모든 행적과 모르드개를 높여 존귀케 한 사적이 메대와 바사 열왕의 일기에 기록되지 아니하였느냐
3 Madoche, nonm jwif la, te sèl chèf apre wa Asyeris. Tout jwif parèy li yo te respekte l', yo te renmen l' anpil. Li te travay anpil pou byen pèp la, li te vle pou tout moun nan ras jwif la viv ak kè poze.
유다인 모르드개가 아하수에로 왕의 다음이 되고 유다인 중에 존대하여 그 허다한 형제에게 굄을 받고 그 백성의 이익을 도모하며 그 모든 종족을 안위하였더라

< Estè 10 >