< Travay 28 >

1 Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt.
When we were all safe, we found that the island was called Malta.
2 Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.
The island’s people showed us marked kindness, for they lit a fire and took us all under shelter, because it had come on to rain and was cold.
3 Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li.
Paul had gathered a quantity of dry sticks and laid them on the fire, when a poisonous snake, driven out by the heat, fastened on his hand.
4 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.
When the islanders saw the creature hanging from his hand, they said to one another, ‘Evidently this man is a murderer, for though he has been saved from the sea, Justice has not allowed him to live.’
5 Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò.
However, Paul shook the creature off into the fire and took no harm.
6 Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.
The islanders were expecting inflammation to set in, or that he would suddenly fall dead; but, after waiting for a long time, and seeing that there was nothing amiss with him, they changed their minds and said that he was a God.
7 Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou.
In that region there was an estate belonging to the Governor of the island, whose name was Publius. He took us up to his house, and for three days entertained us most courteously.
8 Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li.
It happened that the father of Publius was lying ill of fever and dysentery. So Paul went to see him; and, after praying, he placed his hands on him and cured him.
9 Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.
After this, all the people in the island who had any illness came to Paul, and were cured.
10 Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.
They also presented us with many gifts, and when we set sail they put supplies of necessaries on board.
11 Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.
After three months, we set sail in a ship that had wintered in the island. She was an Alexandrian vessel, and had the Twin sons of Zeus for her figure-head.
12 Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.
We put in at Syracuse and stayed there three days,
13 Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl.
and from there we worked to windward and so got to Rhegium. A day later a south wind sprang up and took us to Puteoli in two days.
14 La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n' pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm.
There we found some of the Lord’s followers, and were urged to stay a week with them; after which we went on to Rome.
15 Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj.
The followers there had heard about us, and came out as far as the Market of Appius and the Three Taverns to meet us. At sight of them Paul thanked God and was much cheered.
16 Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li.
On our reaching Rome, Paul was allowed to live by himself, except for the soldier who was in charge of him.
17 Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo.
Three days after our arrival, Paul invited the leading Jews to meet him; and, when they came, he said, ‘Brothers, although I had done nothing hostile to the interests of our nation or to our ancestral customs, yet I was sent from Jerusalem as a prisoner, and handed over to the Romans.
18 Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò.
The Romans, when they had examined me, were ready to release me, because there was nothing in my conduct deserving death.
19 Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo.
But, as the Jewish leaders opposed my release, I was compelled to appeal to the Emperor – not, indeed, that I had any charge to make against my own nation.
20 Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.
This, then, is my reason for urging you to come to see me and talk with me; because it is for the sake of the hope of Israel that I am here in chains.’
21 Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou.
‘We,’ was their reply, ‘have not had any letter about you from Judea, nor have any of our fellow Jews come and reported or said anything bad about you.
22 Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a.
But we will be glad to hear from you what your views are, for, with regard to this sect, we are well aware that it is spoken against on all sides.’
23 Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.
They then fixed a day with him, and came to the place where he was staying, in even larger numbers, when Paul proceeded to lay the subject before them. He bore his testimony to the kingdom of God, and tried to convince them about Jesus, by arguments drawn from the Law of Moses and from the prophets – speaking from morning until evening.
24 Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm.
Some were inclined to accept what he said; others, however, rejected it.
25 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:
So, as they disagreed among themselves, they began to disperse, Paul adding only – ‘True, indeed, was the declaration made by the Holy Spirit, through the prophet Isaiah to your ancestors –
26 Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.
Go to this nation and say: You will hear with your ears without ever understanding, and, though you have eyes, you will see without ever perceiving.
27 Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.
For the mind of this nation has grown dense, and their ears are dull of hearing, their eyes also have they closed; otherwise some day they might see with their eyes, and with their ears they might hear, and in their mind they might understand, and might turn – and I might heal them.
28 Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.
Understand, then, that this salvation of God was sent for the Gentiles; and they will listen.’
29 Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt.
30 Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li.
For two whole years Paul stayed in a house which he rented for himself, welcoming all who came to see him,
31 Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.
proclaiming the kingdom of God, and teaching about the Lord Jesus Christ, with perfect fearlessness, unhindered.

< Travay 28 >