< 2 Samyèl 19 >

1 Yo voye di Joab jan wa a t'ap kriye, jan li te pran lapenn pou Absalon ki mouri a.
And it was tolde Ioab, Behold, the King weepeth and mourneth for Absalom.
2 Jou sa a, sòlda David yo pa t' fè fèt pou genyen yo genyen batay la. Yo tout te kagou, paske yo te pran nouvèl jan wa a te nan gwo lapenn pou lanmò pitit li a.
Therefore the victorie of that day was turned into mourning to all the people: for the people heard say that day, The King soroweth for his sonne.
3 Yo antre nan lavil la san fè ankenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè.
And the people went that day into the citie secretly, as people confounded hide them selues when they flee in battell.
4 Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: -Woy! Gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan!
So the King hid his face, and the King cryed with a loude voyce, My sonne Absalom, Absalom my sonne, my sonne.
5 Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo.
Then Ioab came into the house to the King, and said, Thou hast shamed this day the faces of all thy seruants, which this day haue saued thy life and the liues of thy sones, and of thy daughters, and the liues of thy wiues, and the liues of thy concubines,
6 Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri.
In that thou louest thine enemies, and hatest thy friendes: for thou hast declared this day, that thou regardest neither thy princes nor seruants: therefore this day I perceiue, that if Absalom had liued, and we all had dyed this day, that then it would haue pleased thee well.
7 Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a.
Nowe therefore vp, come out, and speake comfortably vnto thy seruants: for I sweare by the Lord, except thou come out, there will not tarie one man with thee this night: and that wil be worse vnto thee, then all the euill that fell on thee from thy youth hitherto.
8 Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l'. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo.
Then the King arose, and sate in the gate: and they tolde vnto all the people, saying, Beholde, the King doeth sit in the gate: and all the people came before the King: for Israel had fled euery man to his tent.
9 Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon.
Then all the people were at strife thorowout all the tribes of Israel, saying, The King saued vs out of the hand of our enemies, and he deliuered vs out of the hande of the Philistims, and nowe he is fled out of the lande for Absalom.
10 Nou te fè /seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou koulye a pou nou fè wa David tounen ankò?
And Absalom, whome we anoynted ouer vs, is dead in battel: therefore why are ye so slow to bring the King againe?
11 Antan wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesaj bay Zadòk ak Abyata, li di yo: -Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li.
But King Dauid sent to Zadok and to Abiathar the Priestes, saying, Speake vnto the Elders of Iudah, and say, Why are ye behind to bring the King againe to his house, (for the saying of al Israel is come vnto the king, euen to his house)
12 Di yo se fanmi m' yo ye, menm ras avè m'. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m' tounen nan palè a?
Ye are my brethren: my bones and my flesh are ye: wherefore then are ye the last that bring the King againe?
13 n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!
Also say ye to Amasa, Art thou not my bone and my flesh? God do so to me and more also, if thou be not captaine of the hoste to me for euer in the roume of Ioab.
14 Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l': -Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo.
So he bowed the heartes of all the men of Iudah, as of one man: therefore they sent to the King, saying, Returne thou with all thy seruants.
15 Wa a leve, li pran wout pou l' tounen. Li rive bò larivyè Jouden an. Tout moun peyi Jida yo, bò pa yo, kite lavil Gilgal, y' al kontre wa a. Yo ede l' janbe larivyè a.
So the King returned, and came to Iorden. And Iudah came to Gilgal, for to goe to meete the King, and to conduct him ouer Iorde.
16 Se konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo.
And Shimei the sonne of Gera, ye sonne of Iemini, which was of Bahurim, hasted and came down with the men of Iudah to meete king Dauid,
17 Te gen mil (1000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.
And a thousande men of Beniamin with him, and Ziba the seruant of the house of Saul, and his fifteene sonnes and twentie seruants with him: and they went ouer Iorden before ye king.
18 Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a.
And there went ouer a boate to carie ouer the Kings houshold, and to do him pleasure. Then Shimei the sonne of Gera fell before the King, when he was come ouer Iorden,
19 Li di l' konsa: -Monwa, tanpri! Pa kenbe m' nan kè! Bliye sa m' te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m' nan kè!
And saide vnto the King, Let not my lorde impute wickednesse vnto me, nor remember ye thing that thy seruant did wickedly when my lorde the King departed out of Ierusalem, that the King should take it to his heart.
20 Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm.
For thy seruant doeth knowe, that I haue done amisse: therefore beholde, I am the first this day of al the house of Ioseph, that am come to goe downe to meete my lord the King.
21 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: -Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.
But Abishai the sonne of Zeruiah answered, and said, Shal not Shimei die for this, because he cursed the Lordes anoynted?
22 Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
And Dauid saide, What haue I to do with you, ye sonnes of Zeruiah, that this day ye should be aduersaries vnto me? shall there any man die this day in Israel? for doe not I know that I am this day King ouer Israel?
23 Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou!
Therefore the King saide vnto Shimei, Thou shalt not die, and the king sware vnto him.
24 Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pa t' koupe bab li, ni li pa t' lave pye l', ni li pa t' lave rad sou li.
And Mephibosheth the sonne of Saul came downe to meete the king, and had neither washed his feete, nor dressed his beard, nor washed his clothes from the time the king departed, vntill he returned in peace.
25 Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou li al resevwa wa a, wa a di l': -Mefibochèt, poukisa ou pa t' pati ansanm avè m'?
And when he was come to Ierusalem, and met the king, the king said vnto him, Wherefore wentest not thou with me, Mephibosheth?
26 Mefibochèt reponn li: -Monwa, se domestik mwen an ki woule m'. Ou konnen m' enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l' te sele fenmèl bourik mwen an pou m' te ka ale ansanm avèk monwa.
And he answered, My lorde the king, my seruant deceiued me: for thy seruant said, I would haue mine asse sadled to ride thereon, for to goe with the king, because thy seruant is lame.
27 Domestik la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m'.
And he hath accused thy seruant vnto my lorde the king: but my lorde the king is as an Angel of God: doe therefore thy pleasure.
28 Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò.
For all my fathers house were but dead men before my lord the king, yet diddest thou set thy seruant among them that did eate at thine owne table: what right therefore haue I yet to crye any more vnto the king?
29 Wa reponn li: -Ou pa bezwen di anyen ankò! Mwen pran desizyon m' deja. W'a antann ou ak Ziba pou nou pataje tè Sayil yo.
And the king said vnto him, Why speakest thou any more of thy matters? I haue said, Thou, and Ziba deuide the landes.
30 Mefibochèt di wa a: -Ziba te mèt pran tout pou li. Sa ki pi enpòtan pou mwen, se wè pou m' wè wa a tounen san danje san malè nan palè li.
And Mephibosheth saide vnto the king, Yea, let him take all, seeing my lorde the king is come home in peace.
31 Bazilayi, moun lavil Gilgal, te desann soti lavil Wogelim rive larivyè Jouden ansanm ak wa a. Li janbe lòt bò larivyè a ansanm ak wa a. Lè li fin janbe, li di wa a orevwa pou l' te tounen lakay li.
Then Barzillai the Gileadite came downe from Rogelim, and went ouer Iorden with the king, to conduct him ouer Iorden.
32 Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.
Nowe Barzillai was a very aged man, euen fourescore yeere olde, and he had prouided the king of sustenance, while he lay at Mahanaim: for he was a man of very great substance.
33 Wa a di l' konsa: -Ann ale ansanm avè m' lavil Jerizalèm non. M'a pran swen ou.
And the king said vnto Barzillai, Come ouer with me, and I will feede thee with me in Ierusalem.
34 Men Bazilayi reponn li: -Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m' viv. M' pa wè poukisa pou m' ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm.
And Barzillai said vnto the king, Howe long haue I to liue, that I should goe vp with the king to Ierusalem?
35 Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa.
I am this day fourescore yeere olde: and can I discerne betweene good or euill? Hath thy seruant any taste in that I eat or in that I drinke? Can I heare any more the voyce of singing men and women? wherefore then should thy seruant be anymore a burthen vnto my lord the king?
36 Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m' te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an.
Thy seruant will goe a litle way ouer Iorden with the King, and why wil the king recompence it me with such a rewarde?
37 Tanpri, kite m' tounen lakay mwen. Konsa, m'a mouri toupre tonm fanmi mwen. Men Chimkam, pitit mwen, ki va sèvi ou. Ou mèt pran l' avè ou, monwa. W'a fè sa ou wè ki pi bon pou li.
I pray thee, let thy seruant turne backe againe, that I may die in mine owne citie, and be buryed in the graue of my father and of my mother: but beholde thy seruant Chimham, let him goe with my lorde the king, and doe to him what shall please thee.
38 Wa a reponn li: -Bon. M'ap pran l' avè m'. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m', m'a fè l' pou ou.
And the king answered, Chimham shall go with me, and I will do to him that thou shalt be content with: and whatsoeuer thou shalt require of me, that will I do for thee.
39 Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa.
So all the people went ouer Iorden: and the King passed ouer: and the King kissed Barzillai, and blessed him, and hee returned vnto his owne place.
40 Tout moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desanm lavil Gilga. Chimkam te ale avè l'.
Then the King went to Gilgal, and Chimham went with him, and all the people of Iudah conducted the King, and also halfe ye people of Israel.
41 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo?
And behold, all the men of Israel came to the King, and sayd vnto the King, Why haue our brethren the men of Iudah stollen thee away, and haue brought the King and his houshold, and all Dauids men with him ouer Iorden?
42 Moun Jida yo reponn: -Nou fè l' paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l', ni li pa janm fè nou kado anyen.
And all the men of Iudah answered the men of Israel, Because the King is neere of kin to vs: and wherefore now be ye angry for this matter? haue we eaten of the Kings cost, or haue wee taken any bribes?
43 Lamenm, moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo: -Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an. Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.
And the men of Israel answered the men of Iudah, and saide, Wee haue ten partes in the King, and haue also more right to Dauid then ye: Why then did ye despise vs, that our aduise should not bee first had in restoring our King? And the wordes of the men of Iudah were fiercer then the wordes of the men of Israel.

< 2 Samyèl 19 >