< 2 Jan 1 >

1 Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.
From the elder, to the lady chosen by God and her children. I truly love you all, and I am not the only one but all who know the truth love you as well.
2 Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan. (aiōn g165)
We love you for the sake of the truth, which lives in us and will be with us forever. (aiōn g165)
3 Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.
Grace, mercy, and peace will be ours – the gift of God, the Father, and of Jesus Christ, the Father’s Son – in truth and love.
4 Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.
It was a great joy to me to find the lives of some of your children guided by the truth, in obedience to the command that we received from the Father.
5 Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an.
And now I implore you, dear lady, let us love one another This is not a new command I am writing to you. It is the command we have had from the beginning. – Let us love one another.
6 Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.
And this is love – to live in obedience to the Father’s commands. This is the command as you learned from the beginning, to live a life of love.
7 Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.
I say this because many deceivers have gone out into the world – men who do not acknowledge that Jesus Christ came in flesh and blood. Any such person is a deceiver and antichrist.
8 Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.
Take care so that you do not what we have worked for but instead receive your full reward.
9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.
Anyone who goes beyond and fails to live inside of the teaching of Christ does not have God. The person who lives inside that teaching – they have both the Father and the Son.
10 Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.
If anyone comes to you and does not bring this teaching, do not receive them into your house or even welcome them;
11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
because the person who welcomes them is sharing with them in his evil work.
12 Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.
Though I have many other things to tell you, I would rather not use paper and ink. Instead I hope to come and see you, and to speak with you face to face, so that our joy may be complete.
13 Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.
The children of your sister, who is chosen by God, send you their greetings.

< 2 Jan 1 >