< 2 Korint 13 >

1 M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
For the third time I am coming to see you. By the word of two or three witnesses each statement will be established.
2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.
I have said it, and I say it again before I come, just as if I were with you on my second visit, though for the moment absent, I say to those who have been long sinning, as well as to all others – that if I come again, I will spare no one.
3 Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.
And that will be the proof, which you are looking for, that the Christ speaks through me. There is no weakness in his dealings with you. No, he shows his power among you.
4 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.
For though his crucifixion was due to weakness, his life is due to the power of God. And we, also, are weak in his weakness, but with him we will live for you through the power of God.
5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.
Put yourselves to the test, to see whether you are holding to the faith. Examine yourselves. Surely you recognise this fact about yourselves – that Jesus Christ is in you! Unless indeed you cannot stand the test!
6 Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.
But I hope that you will recognise that we can stand the test.
7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.
We pray to God that you may do nothing wrong, not that we may be seen to stand the test, but that you may do what is right, even though we may seem not to stand the test.
8 Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.
We have no power at all against the truth, but we have power in the service of the truth.
9 Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen.
We are glad when we are weak, if you are strong. And what we pray for is that you may become perfect.
10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.
This is my reason for writing as I am now doing, while I am away from you, so that, when I am with you, I may not act harshly in the exercise of the authority which the Lord gave me – and gave me for building up and not for pulling down.
11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.
And now, friends, goodbye. Aim at perfection; take courage; agree together; live in peace. And then God, the source of all love and peace, will be with you.
12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
Greet one another with a sacred kiss.
13 Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.
All Christ’s people here send you their greetings.
14 Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
May the blessing of the Lord Jesus Christ, and the love of God, and the communion with the Holy Spirit, be with you all.

< 2 Korint 13 >