< 1 Timote 6 >

1 Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal.
All who are in the position of slaves should regard their masters as deserving of the greatest respect, so that the name of God, and our teaching, may not be maligned.
2 Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l' manke l' respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l' sèvi l' pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo.
Those who have Christian masters should not think less of them because they are also followers of Christ, but on the contrary they should serve them all the better, because those who are to benefit by their good work are dear to them as their fellow Christians.
3 Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,
Anyone who teaches otherwise, and refuses their assent to sound instruction – the instruction of our Lord Jesus Christ – and to the teaching of religion,
4 se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.
is puffed up with conceit, not really knowing anything, but having a morbid craving for discussions and arguments. Such things only give rise to envy, quarrelling, recriminations, base suspicions,
5 Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.
and incessant wrangling on the part of these corrupt-minded people who have lost all hold on the truth, and who think of religion only as a source of gain.
6 Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an.
Of course religion is a great source of gain – when combined with contentment!
7 Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.
For we brought nothing into the world, because we cannot even carry anything out of it.
8 Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.
So, with food and shelter, we will be content.
9 Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.
Those who want to be rich fall into the net of temptation, and become the prey of many foolish and harmful ambitions, which plunge people into destruction and ruin.
10 Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
Love of money is a source of all kinds of evil; and in their eagerness to be rich some have wandered away from the faith, and have been pierced to the heart by many a regret.
11 Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.
But you must, servant of God, avoid all this. Aim at righteousness, piety, faith, love, endurance, gentleness.
12 Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa. (aiōnios g166)
Run the great race of the faith, and win the eternal life. It was for this that you received the call, and, in the presence of many witnesses, made the great profession of faith. (aiōnios g166)
13 Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou:
I beg you, as in the sight of God, the source of all life, and of Christ Jesus who before Pontius Pilate made the great profession of faith –
14 Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.
I implore you to keep his command free from stain or reproach, until the appearing of our Lord Jesus Christ.
15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.
This will be brought about in his own time by the one ever-blessed Potentate, the king of all kings and Lord of all lords,
16 Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. (aiōnios g166)
who alone is possessed of immortality and dwells in unapproachable light, whom no one has ever seen or ever can see – to whom be ascribed honour and power for ever. Amen. (aiōnios g166)
17 Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. (aiōn g165)
Teach those who are wealthy in this life not to pride themselves, or fix their hopes, on so uncertain a thing as wealth, but on God, who gives us a wealth of enjoyment on every side. (aiōn g165)
18 Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.
Teach them to show kindness, to exhibit a wealth of good actions, to be open-handed and generous,
19 Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
storing up for themselves what in the future will prove to be a good foundation, so that they may gain the only true life.
20 Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.
Timothy, guard what has been entrusted to you. Avoid the profane prattle and contradictions of what some miscall “theology,”
21 Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.
for there are those who, while asserting their proficiency in it, have yet, as regards the faith, gone altogether astray. God bless you all.

< 1 Timote 6 >