< 1 Korint 16 >

1 Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
With reference to the collection for Christ’s people, I want you to follow the instructions that I gave to the churches in Galatia.
2 Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
On the first day of every week each of you should put by what he can afford, so that no collections need be made after I have come.
3 Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.
On my arrival, I will send any persons, whom you may authorise by letter, to carry your gift to Jerusalem;
4 Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen.
and, if it appears to be worth while for me to go also, they will go with me.
5 M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan.
I will come to you as soon as I have been through Macedonia – for I am going through Macedonia –
6 Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a.
And I will probably make some stay with you or, perhaps, remain for the winter, so that you may yourselves send me on my way, wherever I may be going.
7 Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle.
I do not propose to pay you a visit in passing now, for I hope to stay with you for some time, if the Lord permits.
8 Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.
I intend, however, staying at Ephesus until the Festival at the close of the Harvest;
9 Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.
for a great opening for active work has presented itself, and there are many opponents.
10 Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.
If Timothy comes, take care that he has no cause for feeling anxious while he is with you. He is doing the Master’s work no less than I am.
11 Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.
No one, therefore, should slight him. See him safely on his way to me, for I am expecting him with some of our friends.
12 Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab.
As for our friend Apollos, I have often urged him to go to you with the others. He has, however, been very unwilling to do so as yet; but he will go as soon as he finds a good opportunity.
13 Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
Be watchful; stand firm in your faith; be brave; be strong.
14 Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.
Let everything you do be done in a loving spirit.
15 Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.
I have another request to make of you, friends. You remember Stephanas and his household, and that they were the first-fruits gathered in from Greece, and set themselves to serve Christ’s people.
16 Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.
I want you, on your part, to show deference to such people as these, as well as to every fellow labourer and earnest worker.
17 Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen.
I am glad Stephanas and Fortunatus and Achaicus have come, for they have made up for your absence;
18 Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.
they have cheered my heart, and your hearts also. Recognise the worth of such people as these.
19 Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a.
The churches in Roman Asia send you their greetings. Aquila and Prisca and the church that meets at their house send you many Christian greetings.
20 Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
All of the Lord’s followers send you greetings. Greet one another with a sacred kiss.
21 M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout.
I, Paul, add this greeting in my own handwriting.
22 Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!
Accursed be anyone who has no love for the Lord. THE LORD IS COMING.
23 Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou.
May the blessing of the Lord Jesus be with you.
24 Mwen renmen nou tout nan Jezikri.
My love to all of you who are in union with Christ Jesus.

< 1 Korint 16 >