< Nehemia 11 >

1 In Jerusalem wohnten die Fürsten des Volkes. Das andere Volk aber warf die Lose, daß je einer von zehn hereinkommen und in Jerusalem, der heiligen Stadt, wohnen solle. Neun Zehntel blieben in den anderen Städten.
Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.
2 Und das Volk segnete alle Männer, die freiwillig beschlossen, in Jerusalem zu wohnen.
Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.
3 Dies sind die Häupter der Provinz, die in Jerusalem Wohnung genommen. In den Städten Judas aber war jeder in seinem Besitztum und in seiner Stadt geblieben: Israels Priester, Leviten und Tempelsklaven und die Söhne der Sklaven Salomos.
Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo.
4 In Jerusalem hatten Söhne Judas und Söhne Benjamins Wohnung genommen. Von den Söhnen Judas Ataja, der Sohn Uzzias, der Enkel des Zekarja, des Sohnes Amarja, des Sohnes des Sephatja, des Sohnes des Mahalalel, von den Söhnen des Peres,
Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo;
5 und Maaseja, der Sohn Baruks, der Enkel des Kol Chozeh, des Sohnes des Chazaja, des Sohnes des Adaja, des Sohnes des Jojarib, des Sohnes des Zekada, des Sohnes des Siloniten.
epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni.
6 Alle Peressöhne, die zu Jerusalem wohnten, waren 468 Grundbesitzer.
Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.
7 Dies sind die Söhne Benjamins: Sallu, der Sohn Mesullams, der Enkel des Joed, des Sohnes des Pedaja, des Sohnes des Kolaja, des Sohnes des Maaseja, des Sohnes des Isiel, des Sohnes des Jesaja,
Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a.
8 und nach ihm Gabbai und Salai 928.
Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit.
9 Und Joel, Zikris Sohn, war ihr Aufseher, und Juda, Senuas Sohn, war der zweite Aufseher über die Stadt.
Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.
10 Von den Priestern: Jojaribs Sohn Jedaja, Jakin
Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin,
11 und Seraja, der Sohn Chilkia, Mesullams Enkel und Urenkel Sadoks, des Sohnes der Merajot und Enkels des Achitub, der Fürst des Gotteshauses.
Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye,
12 Und ihre Brüder, die den Dienst im Haus besorgten, 822, ferner Adaja, der Sohn des Jerocham, der Enkel des Pelaja und Urenkel des Amri, des Sohnes des Zekarja und Enkel des Paschur, des Sohnes des Malkia.
epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a,
13 Und seine Brüder, die Familienhäupter, 242, ferner Amassai, der Sohn des Azarel, Enkel des Achzi und Urenkel des Mesillemot, des Sohnes des Immer,
epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer a,
14 ferner ihre Brüder, Grundbesitzer, 128, und Aufseher über sie war Zabdiel, der Sohn Haggedolims.
avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.
15 Von den Leviten: Semaja, der Sohn Chasubs, der Enkel des Azrikam und Urenkel des Chasabja, des Sohnes des Bunni.
Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an;
16 Und Sabtai und Jozabad standen dem äußeren Dienst am Gotteshause vor; sie gehörten zu den Häuptern der Leviten.
Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a;
17 Und Mattanja, der Sohn des Mika, der Enkel des Zabdi und Urenkel des Asaph, der Hauptführer, der beim Gebet den Gesang anstimmte, und Bakbukja, der zweite unter seinen Brüdern, und Abda, der Sohn des Sammua, der Enkel des Galal und Urenkel des Jeditum,
epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan.
18 sämtliche Leviten in der heiligen Stadt waren es 284.
Tout Levit yo nèt nan lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.
19 Die Torhüter waren Akkub, Talmon und ihre Brüder, die Wächter bei den Toren, 172.
Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz.
20 Und das übrige Israel, die Priester, die Leviten, waren in allen Städten Judas, jeder auf seinem Erbbesitz.
Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak sou pwòp eritaj pa yo.
21 Und die Tempelsklaven wohnten auf dem Ophel. Sicha und Gispa standen den Tempelsklaven vor.
Men sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.
22 Der Aufseher der Leviten zu Jerusalem war Uzzi, der Sohn des Bani, der Enkel des Chasabja und Urenkel des Mattanja, des Sohnes des Mika, von den Asaphsöhnen, den Sängern, beim Dienst im Gotteshause.
Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a.
23 Denn ein königlicher Befehl lag für sie vor und eine Verpflichtung für die Sänger auf jeden Tag.
Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.
24 Petachja, Mesezabels Sohn, von den Söhnen des Zerach, des Sohnes Judas, stand dem König zur Seite in allen Angelegenheiten des Volkes.
Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.
25 In den Ortschaften auf ihren Feldmarkungen wohnten von den Söhnen Judas solche in Kirjatarba und seinen Dörfern, in Dibon und seinen Dörfern, in Jekabzeel und seinen Gehöften,
Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo.
26 in Jesua, Molada, Betpelet,
A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth,
27 in Chasarsual und Beerseba und seinen Dörfern,
a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo,
28 in Siklag und Mekona und seinen Dörfern,
ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo,
29 in Enrimmon, Sora und Jarmut,
a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth,
30 in Zanoach, Adullam und ihren Gehöften, in Lakis und seinen Feldmarken, in Azeka und seinen Dörfern. Sie siedelten also von Beerseba bis zum Hinnomstale.
a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an.
31 Die Söhne Benjamins waren von Geba an zu Mikmas und Ajja, sowie in Betel und seinen Dörfern,
Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo,
32 in Anatot, Nob, Ananja,
a Anathoth, a Nob, a Hanania,
33 in Chasor, Rama, Gittaim,
a Hatsor, a Rama, a Guithaïm,
34 in Chadid, Seboim, Niblat,
a Hadid, a Tseboïm, a Neballath,
35 in Lod, Ono, und in Gehacharasim.
a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo.
36 Von den Leviten waren Abteilungen in Juda und in Benjamin.
Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.

< Nehemia 11 >