< Jérémie 4 >

1 Si tu reviens à moi, Israël, dit l'Éternel, tu reviendras ici; et si tu ôtes tes abominations de devant moi, tu ne seras plus errant;
Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje,
2 et si tu jures par « la vie de l'Éternel, » selon la vérité, la droiture et la justice, les nations se serviront de son nom pour bénir, et se glorifieront de lui.
si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.
3 Car ainsi parle l'Éternel aux hommes de Juda et de Jérusalem:
Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan.
4 Faites-vous des novales et ne semez point parmi les épines! Circoncisez-vous pour l'Éternel, et enlevez le prépuce de vos cœurs, hommes de Juda, et habitants de Jérusalem, de peur que ma colère n'éclate comme un feu, et ne consume sans que personne éteigne, à cause de la méchanceté de vos actions.
Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'.
5 Annoncez en Juda, et publiez à Jérusalem, et parlez, et sonnez de la trompette dans le pays, criez à pleine voix et dites: Rassemblez-vous, et allons dans les villes fortes!
Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.
6 Tournez l'étendard vers Sion, fuyez, ne vous arrêtez pas! Car du nord J'amène la calamité et un grand désastre.
Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega.
7 Le lion sort de son fourré, et le destructeur des peuples part, il sort de son lieu, pour faire de ton pays un désert; tes villes seront détruites, dépeuplées.
Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
8 Aussi, ceignez le cilice, gémissez, et lamentez-vous, car l'ardente colère de l'Éternel ne s'éloigne pas de vous.
Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!
9 Et dans ce jour-là, dit l'Éternel, le cœur manquera au roi et aux princes, et les sacrificateurs seront atterrés, et les prophètes seront stupéfaits.
Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di.
10 Alors je dis: Ah! Seigneur, Éternel, en vérité tu as trompé ce peuple et Jérusalem en disant: Vous serez sains et saufs! et cependant l'épée pénètre jusqu'à son cœur.
Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.
11 Dans ce temps-là, il sera dit à ce peuple et à Jérusalem: Un vent brûlant vient des collines du désert dans la direction de la fille de mon peuple, non point pour nettoyer, ni pour émonder,
Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.
12 un vent plus fort que pour cela viendra de par moi; et alors à mon tour je prononcerai ma sentence contre eux.
Men se yon gwo van m'ap fè soti laba a. Koulye a se mwen menm, Seyè a, ki pral ba yo santans yo.
13 Voici, Il s'avance comme les nuées, et ses chars sont comme l'ouragan, et ses chevaux plus légers que les aigles. « Malheur à nous, car nous sommes dévastés! »
Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!
14 Purge de méchanceté ton cœur, Jérusalem, afin que tu sois sauvée! Jusques à quand séjourneront dans ton cœur tes pensées désastreuses?
Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
15 Car une voix publie depuis Dan, et annonce un désastre depuis la montagne d'Éphraïm.
Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.
16 Annoncez-le aux nations! Voici, publiez-le dans Jérusalem: des assiégeants arrivent d'une terre lointaine, et ils poussent leur voix contre les villes de Juda.
Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.
17 Comme les gardes d'un champ ils te cerneront; car elle s'est révoltée contre moi, dit l'Éternel.
Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa.
18 Ta conduite et tes œuvres ont attiré ces choses sur toi; c'est l'effet de ta méchanceté; oui, cela est amer, oui, cela pénètre jusqu'à ton cœur.
Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.
19 « Mes entrailles! mes entrailles! je souffre dans les cellules de mon cœur; mon cœur bouillonne, je ne puis me taire; car tu entends, mon âme, le son de la trompette, le cri de guerre.
Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
20 Ruine sur ruine est annoncée, car tout le pays est désolé; tout à coup mes tentes sont détruites, en un instant mes pavillons.
Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.
21 Jusques à quand verrai-je l'étendard, ouïrai-je le son de la trompette? »
Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
22 – « C'est que Mon peuple est en délire, il ne Me connaît pas; ce sont des fils insensés, destitués d'intelligence; ce sont des sages pour faire le mal; mais pour faire le bien, ce sont des ignorants. »
Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
23 Je regarde la terre, et voici, elle est déserte et vide; et les Cieux, ils n'ont plus leur lumière.
Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè!
24 Je regarde les montagnes, et voici, elles tremblent, et toutes les collines s'ébranlent.
Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch!
25 Je regarde, et voici, il n'y a point d'homme, et tous les oiseaux des Cieux ont fui.
Mwen gade, m' pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò.
26 Je regarde, et voici, le Carmel est un désert, et toutes ses villes sont détruites par l'Éternel et par le feu de sa colère.
Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.
27 Car ainsi parle l'Éternel: La dévastation couvrira le pays; mais je ne la ferai pas totale.
Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.
28 Pour cela le pays est en deuil, et le ciel s'obscurcit, parce que je l'ai dit, je l'ai arrêté, et je ne m'en repens point, et n'en reviendrai point.
Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide.
29 Au bruit des cavaliers et des archers toute ville est en fuite; on gagne les forêts, et on gravit les rochers; toute ville est abandonnée, il n'y reste personne.
Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò.
30 Et toi, ville désolée, que feras-tu? Quand même tu t'habilles de pourpre, que tu te pares d'une parure d'or, que tu bordes de fard tes yeux, en vain t'embellis-tu, les amants te dédaignent, ils en veulent à ta vie.
Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.
31 Car j'entends comme la voix d'une femme en travail, un cri d'angoisse comme au premier enfantement: c'est la voix de la fille de Sion; elle soupire, étend les bras: « C'en est fait de moi! mon âme succombe sous les meurtriers! »
Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.

< Jérémie 4 >