< Proverbes 26 >

1 Comme la neige en été, et la pluie pendant la moisson, ainsi la gloire ne convient point à un fou.
Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.
2 Comme l'oiseau s'enfuit, et comme l'hirondelle s'envole, ainsi la malédiction non méritée n'atteindra point.
Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.
3 Le fouet est pour le cheval, le mors pour l'âne, et la verge pour le dos des insensés.
Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.
4 Ne réponds point au fou selon sa folie, de peur que tu ne lui ressembles toi-même.
Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.
5 Réponds au fou selon sa folie, de peur qu'il ne s'imagine qu'il est sage.
Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.
6 Celui qui envoie des messages par un fou, se coupe les pieds, et boit la peine du tort qu'il se fait.
Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li.
7 Comme les jambes de l'impotent sont sans force, ainsi est une sentence dans la bouche d'un insensé.
Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan.
8 Faire honneur à un insensé, c'est mettre une pierre précieuse dans un monceau de pierres.
Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la.
9 Un discours sentencieux dans la bouche d'un insensé, est comme une épine dans la main d'un homme ivre.
Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.
10 Celui qui prend à son service les insensés et les premiers venus, est comme un archer qui blesse tout le monde.
Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.
11 Comme le chien retourne à ce qu'il a vomi, ainsi l'insensé revient à sa folie.
Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
12 As-tu vu un homme qui croit être sage? Il y a plus à espérer d'un fou que de lui.
Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
13 Le paresseux dit: Le grand lion est dans le chemin; le lion est par les rues.
Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.
14 Comme la porte tourne sur ses gonds, le paresseux se tourne sur son lit.
Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.
15 Le paresseux plonge la main dans le plat, et il a de la peine à la ramener à sa bouche.
Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
16 Le paresseux se croit plus sage que sept hommes qui savent répondre avec bon sens.
Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
17 Celui qui, en passant, se met en colère pour une querelle qui ne le touche en rien, est comme celui qui saisit un chien par les oreilles.
Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18 Tel qu'est le furieux qui jette des tisons, des flèches et la mort,
-(we vèsè pwochen)
19 Tel est l'homme qui trompe son ami, et qui dit: N'était-ce pas pour jouer?
Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20 Le feu s'éteint faute de bois; ainsi quand il n'y aura plus de rapporteurs, les querelles s'apaiseront.
Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21 Le charbon est pour faire de la braise, et le bois pour faire du feu, et l'homme querelleur pour exciter les querelles.
Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
22 Les paroles d'un rapporteur sont comme des friandises; mais elles descendent jusqu'au-dedans des entrailles.
Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
23 Les lèvres brûlantes et le cœur mauvais, sont comme de l'écume d'argent dont on enduit un pot de terre.
Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
24 Celui qui hait, dissimule en parlant; mais au-dedans de lui il cache la fraude.
Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.
25 Quand il parlera gracieusement, ne le crois point; car il y a sept abominations dans son cœur.
Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen.
26 La méchanceté de celui qui cache sa haine pour faire du mal, se découvrira dans l'assemblée.
Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.
27 Celui qui creuse la fosse, y tombera, et la pierre retournera sur celui qui la roule.
Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.
28 La langue fausse hait celui qu'elle a abattu, et la bouche qui flatte fait tomber.
Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

< Proverbes 26 >