< Lévitique 27 >

1 L'Éternel parla à Moïse, en disant:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 Parle aux enfants d'Israël, et dis-leur: Lorsque quelqu'un consacre un vœu, s'il s'agit de personnes, elles appartiendront à l'Éternel, d'après ton estimation.
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.
3 Telle sera ton estimation: si c'est un homme de vingt à soixante ans, ton estimation sera de cinquante sicles d'argent, selon le sicle du sanctuaire.
Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan.
4 Si c'est une femme, ton estimation sera de trente sicles.
Pou yon fanm menm laj la, se va trant pyès ajan
5 Si c'est quelqu'un de l'âge de cinq ans jusqu'à l'âge de vingt ans, ton estimation sera de vingt sicles pour le mâle, et de dix sicles pour la femme.
Pou yon jenn gason ki gen ant senkan al ventan, se va vin pyès ajan. Pou yon jenn fi ki gen menm laj la, se va dis pyès ajan.
6 Et si c'est quelqu'un de l'âge d'un mois jusqu'à l'âge de cinq ans, ton estimation sera de cinq sicles d'argent pour le mâle, et de trois sicles d'argent pour une fille.
Pou yon timoun ki gen ant yon mwa al senkan, si se yon gason se va senk pyès ajan. Pou yon ti fi menm laj la, se va twa pyès ajan
7 Et si c'est quelqu'un qui soit âgé de soixante ans et au-dessus, si c'est un mâle, ton estimation sera de quinze sicles, et pour la femme de dix sicles.
Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan.
8 Si celui qui a fait le vœu est trop pauvre pour payer ton estimation, on le présentera devant le sacrificateur, qui fixera son prix; le sacrificateur fixera un prix selon les moyens de celui qui a fait le vœu.
Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye.
9 S'il s'agit d'animaux dont on fait offrande à l'Éternel, tout ce qu'on en donnera à l'Éternel, sera chose sacrée.
Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.
10 On ne le changera point, et on ne le remplacera point, un bon pour un mauvais, ou un mauvais pour un bon. Si l'on remplace un animal par un autre, celui-ci ainsi que l'animal mis à sa place, seront choses sacrées.
Li p'ap ka chanje yon move pou yon bon. Li p'ap ka bay yon lòt bèt nan plas sa li te pwomèt la. Si li fè sa, tou de bèt yo, ni sa li te di l'ap bay anvan an, ni sa li ta vle bay nan plas li a, va rete apa pou Seyè a.
11 Et s'il s'agit de quelque animal impur, dont on ne fait point offrande à l'Éternel, on présentera l'animal devant le sacrificateur;
Men, si bèt li te pran angajman ofri a se yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, l'a mennen bèt la bay prèt la.
12 Et le sacrificateur en fera l'estimation, selon que l'animal sera bon ou mauvais. Il en sera selon ton estimation, sacrificateur.
Prèt la va fè pri bèt la dapre jan l' wè bèt la. Lè l'a fin fè pri bèt la, pri l' mande a, se sa y'a peye pou li.
13 Mais si on veut le racheter, on ajoutera un cinquième à ton estimation.
Men, si moun ki te fè ofrann lan ta vle achte bèt la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a plis ven pou san (20%) lavalè.
14 Et quand quelqu'un consacrera à l'Éternel sa maison pour être sacrée, le sacrificateur en fera l'estimation selon qu'elle sera bonne ou mauvaise; on s'en tiendra à l'estimation que le sacrificateur en aura faite.
Lè yon moun ap mete kay li apa pou Seyè a, prèt la va fè pri kay la dapre jan l' wè kay la. Lè l'a fin fè pri a, pri l' mande a, se sa pou yo bay.
15 Mais si celui qui a consacré sa maison veut la racheter, il ajoutera un cinquième au prix de ton estimation, et elle lui appartiendra.
Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.
16 Et si quelqu'un consacre à l'Éternel une partie du champ de sa propriété, ton estimation sera selon ce qu'on y sème; le homer de semence d'orge à cinquante sicles d'argent.
Si yon moun pran yon pòsyon nan jaden l' epi li mete l' apa pou Seyè a, w'a fè pri pòsyon tè a dapre kantite grenn yo ka simen ladan l'. Pou chak barik grenn lòj yo ka simen, l'a bay dis pyès ajan.
17 S'il consacre son champ dès l'année du jubilé, on s'en tiendra à ton estimation.
Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt.
18 Mais s'il consacre son champ après le jubilé, le sacrificateur en estimera le prix à raison des années qui restent jusqu'à l'année du jubilé, et il sera fait une réduction sur ton estimation.
Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la.
19 Et si celui qui a consacré son champ, veut le racheter, il ajoutera un cinquième au prix de ton estimation, et le champ lui restera.
Si moun ki mete pòsyon tè a apa pou Seyè a ta vle achte tè a ankò, l'a peye pri yo te bay pou tè a plis ven pou san (20%). Epi tè a va rete pou li.
20 Mais s'il ne rachète point le champ, et qu'on vende le champ à un autre homme, il ne pourra plus être racheté.
Men, si yo te gen tan vann tè a bay yon lòt moun anvan li menm li te mande achte l' ankò, li p'ap ka achte l' ankò.
21 Et ce champ, quand l'acquéreur en sortira au jubilé, sera consacré à l'Éternel comme un champ d'interdit: la possession en sera au sacrificateur.
Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo.
22 Si quelqu'un consacre à l'Éternel un champ qu'il ait acheté et qui ne soit pas des champs de sa possession,
Si yon moun pran yon jaden li menm li te achte, yon jaden ki pa jaden eritye, epi li mete l' apa pou Seyè a,
23 Le sacrificateur en évaluera le prix d'après ton estimation jusqu'à l'année du jubilé, et cet homme paiera, le jour même, ton estimation, comme une chose consacrée à l'Éternel.
prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a.
24 En l'année du jubilé, le champ retournera à celui duquel il l'avait acheté, à celui à qui appartient la propriété de la terre.
Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.
25 Et toutes tes estimations seront, d'après le sicle du sanctuaire; le sicle est de vingt oboles.
Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès.
26 Toutefois, nul ne consacrera le premier-né de son bétail, lequel appartient déjà à l'Éternel comme primogéniture; soit bœuf, soit agneau, il est à l'Éternel.
Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.
27 Mais s'il s'agit d'un animal impur, on le rachètera selon ton estimation, en y ajoutant un cinquième; s'il n'est pas racheté, il sera vendu d'après ton estimation.
Men, si se premye pitit yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, y'a ka achte l' ankò nan men Seyè a pou pri n'a fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Men, si moun lan pa vle achte l' ankò pou tèt li, y'a vann yon lòt moun li pou pri n'a fikse a.
28 Mais tout interdit, tout ce que quelqu'un aura dévoué à l'Éternel, de ce qui lui appartient, tout, soit un homme, un animal ou un champ de sa propriété, ne pourra ni se vendre ni se racheter; tout interdit est entièrement consacré à l'Éternel.
Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.
29 Aucune personne dévouée par interdit ne pourra être rachetée; elle sera mise à mort.
Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a.
30 Toute dîme de la terre, tant des semences de la terre que des fruits des arbres, appartient à l'Éternel; c'est une chose consacrée à l'Éternel.
N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
31 Et si quelqu'un veut racheter quelque chose de sa dîme, il y ajoutera le cinquième en sus.
Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (20%) lavalè.
32 Mais pour toute dîme de gros et de menu bétail, pour tout ce qui passe sous la verge, le dixième en sera consacré à l'Éternel.
Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.
33 On ne distinguera pas entre le bon et le mauvais, et on ne le changera pas; si on le change, l'animal remplacé et celui qui le remplace seront l'un et l'autre consacrés: ils ne pourront être rachetés.
Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.
34 Tels sont les commandements que l'Éternel prescrivit à Moïse pour les enfants d'Israël, sur la montagne de Sinaï.
Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.

< Lévitique 27 >