< Ézéchiel 44 >

1 Puis il me ramena au chemin de la porte extérieure du sanctuaire, celle de l'Orient. Elle était fermée.
Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou bò solèy leve a. Pòtay la te fèmen.
2 L'Éternel me dit: Cette porte sera fermée, et ne sera point ouverte; personne n'entrera par elle, parce que l'Éternel, le Dieu d'Israël est entré par elle; elle demeurera fermée.
Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen.
3 Le prince seul, parce qu'il est prince, pourra s'y asseoir pour manger le pain devant l'Éternel; il entrera par le chemin du vestibule de la porte, et sortira par le même chemin.
Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou.
4 Et il me conduisit au chemin de la porte du Nord, jusque sur le devant de la maison; et je regardai, et voici, la gloire de l'Éternel remplissait la maison de l'Éternel, et je tombai sur ma face.
Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas.
5 Alors l'Éternel me dit: Fils de l'homme, fais attention, regarde de tes yeux, et écoute de tes oreilles tout ce que je vais te dire, toutes les ordonnances de la maison de l'Éternel, et toutes ses lois; considère avec soin l'entrée de la maison et toutes les sorties du sanctuaire.
Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan.
6 Et tu diras aux rebelles, à la maison d'Israël: Ainsi a dit le Seigneur, l'Éternel: Maison d'Israël, j'ai assez de toutes vos abominations!
Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo.
7 Vous avez fait entrer les enfants de l'étranger, incirconcis de cœur et incirconcis de chair, pour être dans mon sanctuaire et pour profaner ma maison, quand vous offriez mon pain, la graisse et le sang, et vous avez violé mon alliance avec toutes vos abominations.
Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi.
8 Vous n'avez point fait le service de mon sanctuaire; mais vous les avez établis à votre place, pour faire le service de mon sanctuaire.
Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan.
9 Ainsi a dit le Seigneur, l'Éternel: Aucun fils d'étranger, incirconcis de cœur et incirconcis de chair, n'entrera dans mon sanctuaire, aucun de tous les fils d'étrangers qui se trouvent au milieu des enfants d'Israël.
Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen di: Ankenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la.
10 En outre, les Lévites qui se sont éloignés de moi, lorsque Israël s'est égaré, et qui se sont détournés de moi pour suivre leurs idoles, porteront leur iniquité.
Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.
11 Ils serviront dans mon sanctuaire, comme gardes aux portes de la maison; ils feront le service de la maison; ils égorgeront pour le peuple l'holocauste et les autres sacrifices; et ils se tiendront devant lui pour le servir.
Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la.
12 Parce qu'ils l'ont servi devant ses idoles, et qu'ils ont fait tomber la maison d'Israël dans l'iniquité, à cause de cela j'ai levé ma main contre eux, dit le Seigneur, l'Éternel: ils porteront leur iniquité.
Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a.
13 Ils ne s'approcheront pas de moi pour exercer mon sacerdoce; ils ne s'approcheront ni de mon sanctuaire, ni de mes lieux très saints; mais ils porteront leur ignominie et la peine des abominations qu'ils ont commises;
Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a.
14 Je les établirai pour avoir la garde de la maison, pour en faire tout le service et tout ce qui s'y fait.
M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan.
15 Mais, pour les sacrificateurs Lévites, fils de Tsadok, qui ont fait le service de mon sanctuaire, lorsque les enfants d'Israël se sont égarés loin de moi, ils s'approcheront de moi pour faire mon service, et ils se tiendront devant moi, pour m'offrir de la graisse et du sang, dit le Seigneur, l'Éternel.
Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo.
16 Ceux-là entreront dans mon sanctuaire, ceux-là s'approcheront de ma table, pour me servir, et ils feront mon service.
Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan.
17 Lorsqu'ils entreront par les portes du parvis intérieur, ils auront à se vêtir de vêtements de lin; ils n'auront point de laine sur eux, pendant qu'ils feront le service aux portes du parvis intérieur et dans la maison.
Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo.
18 Ils auront des tiares de lin sur la tête, des caleçons de lin sur les reins, et ne se ceindront point de manière à exciter la sueur.
Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fin blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fin blan san sentiwon.
19 Mais quand ils sortiront au parvis extérieur, au parvis extérieur vers le peuple, ils quitteront leurs vêtements de service, les déposeront dans les chambres saintes, et se revêtiront d'autres vêtements, afin de ne pas sanctifier le peuple par leurs vêtements.
Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la.
20 Ils ne se raseront pas la tête, et ne laisseront pas croître leurs cheveux; mais ils couperont leur chevelure.
Prèt yo pa gen dwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo.
21 Aucun sacrificateur ne boira de vin, lorsqu'il entrera dans le parvis intérieur.
Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
22 Ils ne prendront point pour femme une veuve ou une répudiée; mais ils prendront des vierges, de la race de la maison d'Israël, ou une veuve qui soit veuve d'un sacrificateur.
Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.
23 Ils enseigneront à mon peuple la différence entre le sacré et le profane; ils lui feront connaître la différence entre ce qui est souillé et ce qui est pur.
Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
24 Quand il surviendra quelque procès, ils présideront au jugement, et jugeront selon le droit que j'ai établi; ils garderont mes lois et mes statuts dans toutes mes solennités, et sanctifieront mes sabbats.
Lè yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m' yo, yo pa gen dwa fè ankenn travay.
25 Aucun sacrificateur n'ira vers un homme mort, de peur d'en être souillé; toutefois ils pourront se souiller pour un père, pour une mère, pour un fils, pour une fille, pour un frère, et pour une sœur qui n'aura point eu de mari.
Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye.
26 Après qu'il se sera purifié, on lui comptera sept jours.
Apre l'a fin fè sèvis pou mete l' nan kondisyon ankò pou sèvi m', se pou l' tann sèt jou.
27 Le jour où il entrera dans le lieu saint, au parvis intérieur, pour faire le sacrifice dans le lieu saint, il offrira un sacrifice pour son péché, dit le Seigneur, l'Éternel.
Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
28 Ils auront un héritage; je serai leur héritage. Vous ne leur donnerez aucune possession en Israël; je serai leur possession.
Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.
29 Ils se nourriront des offrandes, des sacrifices pour le péché et le délit, et tout l'interdit en Israël leur appartiendra.
Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye.
30 Les prémices de toutes les sortes de produits, toutes les offrandes présentées en élévation, appartiendront aux sacrificateurs; vous donnerez aux sacrificateurs les prémices de votre pâte, afin de faire reposer la bénédiction sur la maison de chacun de vous.
Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou.
31 Les sacrificateurs ne mangeront la chair d'aucune bête morte d'elle-même ou déchirée, soit oiseau, soit bétail.
Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.

< Ézéchiel 44 >