< Exode 7 >

1 Et l'Éternel dit à Moïse: Vois, je t'ai établi Dieu pour Pharaon, et Aaron, ton frère, sera ton prophète.
Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
2 Tu diras tout ce que je te commanderai, et Aaron ton frère parlera à Pharaon, pour qu'il laisse aller les enfants d'Israël hors de son pays.
W'a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l'a repete l' bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a.
3 Mais j'endurcirai le cœur de Pharaon, et je multiplierai mes signes et mes miracles dans le pays d'Égypte.
Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
4 Et Pharaon ne vous écoutera point; et je mettrai ma main sur l'Égypte, et je retirerai du pays d'Égypte mes armées, mon peuple, les enfants d'Israël, par de grands jugements.
Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.
5 Les Égyptiens sauront que je suis l'Éternel, quand j'étendrai ma main sur l'Égypte, et que je retirerai du milieu d'eux les enfants d'Israël.
Lè m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre.
6 Moïse et Aaron firent donc comme l'Éternel leur avait commandé; ils firent ainsi.
Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a.
7 Or, Moïse était âgé de quatre-vingts ans, et Aaron de quatre-vingt-trois ans, quand ils parlèrent à Pharaon.
Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an.
8 Et l'Éternel parla à Moïse et à Aaron, en disant:
Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
9 Quand Pharaon vous parlera, et dira: Faites un miracle; alors tu diras à Aaron: Prends ta verge et jette-la devant Pharaon; et elle deviendra un serpent.
-Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv.
10 Moïse et Aaron vinrent donc vers Pharaon, et firent ainsi, comme l'Éternel l'avait commandé. Et Aaron jeta sa verge devant Pharaon et devant ses serviteurs, et elle devint un serpent.
Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.
11 Mais Pharaon appela aussi les sages et les enchanteurs; et les magiciens d'Égypte firent, eux aussi, la même chose par leurs enchantements.
Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
12 Ils jetèrent donc chacun leur verge, et elles devinrent des serpents; mais la verge d'Aaron engloutit leurs verges.
Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.
13 Et le cœur de Pharaon s'endurcit, et il ne les écouta point, comme l'Éternel l'avait dit.
Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
14 Et l'Éternel dit à Moïse: Le cœur de Pharaon est appesanti; il a refusé de laisser aller le peuple.
Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.
15 Va vers Pharaon dès le matin; voici, il sortira vers l'eau; tu te présenteras donc devant lui sur la rive du fleuve, et tu prendras à ta main la verge qui a été changée en serpent.
Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou.
16 Et tu lui diras: L'Éternel, le Dieu des Hébreux, m'a envoyé vers toi, en disant: Laisse aller mon peuple, afin qu'il me serve dans le désert; et voici, tu n'as point écouté jusqu'ici.
W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'.
17 Ainsi a dit l'Éternel: A ceci tu sauras que je suis l'Éternel: Voici, je vais frapper de la verge qui est dans ma main, les eaux qui sont dans le fleuve, et elles seront changées en sang.
Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.
18 Et le poisson qui est dans le fleuve, mourra, et le fleuve se corrompra, et les Égyptiens éprouveront du dégoût à boire des eaux du fleuve.
Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò.
19 Puis l'Éternel dit à Moïse: Dis à Aaron: Prends ta verge, et étends ta main sur les eaux des Égyptiens, sur leurs rivières, sur leurs fleuves, et sur leurs étangs, et sur tous leurs amas d'eaux, et qu'elles deviennent du sang; et il y aura du sang par tout le pays d'Égypte, et dans les vases de bois et dans les vases de pierre.
Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.
20 Moïse et Aaron firent donc ainsi, comme l'Éternel l'avait commandé. Et Aaron leva la verge, et frappa les eaux qui étaient dans le fleuve, aux yeux de Pharaon et aux yeux de ses serviteurs; et toutes les eaux qui étaient dans le fleuve furent changées en sang.
Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.
21 Et le poisson qui était dans le fleuve mourut, et le fleuve se corrompit, et les Égyptiens ne purent boire des eaux du fleuve; et le sang fut par tout le pays d'Égypte.
Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a.
22 Mais les magiciens d'Égypte firent la même chose par leurs enchantements. Et le cœur de Pharaon s'endurcit, et il n'écouta point Moïse et Aaron, comme l'Éternel l'avait dit.
Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
23 Et Pharaon s'en retourna et vint en sa maison, et ne rendit pas même son cœur attentif à tout cela.
Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.
24 Or, tous les Égyptiens creusèrent autour du fleuve pour trouver de l'eau à boire, car ils ne pouvaient pas boire de l'eau du fleuve.
Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t' kapab bwè dlo gwo larivyè a.
25 Et il se passa sept jours, après que l'Éternel eut frappé le fleuve.
Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.

< Exode 7 >