< Ecclésiaste 7 >

1 Une bonne réputation vaut mieux que le bon parfum; et le jour de la mort, que le jour de la naissance.
Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.
2 Mieux vaut aller dans une maison de deuil, que d'aller dans une maison de festin; car là est la fin de tout homme, et celui qui vit met cela dans son cœur.
Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
3 Mieux vaut la tristesse que le rire; car, par la tristesse du visage, le cœur devient joyeux.
Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
4 Le cœur des sages est dans la maison de deuil; mais le cœur des insensés est dans la maison de joie.
Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.
5 Mieux vaux entendre la répréhension du sage, que d'entendre la chanson des insensés.
Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou.
6 Car tel qu'est le bruit des épines sous la chaudière, tel est le rire de l'insensé. Cela aussi est une vanité.
Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k'ap pete nan dife. Sa pa vo anyen.
7 Certainement l'oppression peut faire perdre le sens au sage; et le présent corrompt le cœur.
Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.
8 Mieux vaut la fin d'une chose que son commencement; mieux vaut un esprit patient qu'un esprit hautain.
Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.
9 Ne te hâte point dans ton esprit de t'irriter; car l'irritation repose dans le sein des insensés.
Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
10 Ne dis point: D'où vient que les jours passés étaient meilleurs que ceux-ci? Car ce n'est point par sagesse que tu t'enquiers de cela.
Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.
11 La sagesse est aussi bonne qu'un héritage; elle est un avantage pour ceux qui voient le soleil.
Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.
12 Car on est à couvert à l'ombre de la sagesse et à l'ombre de l'argent; mais la science a cet avantage, que la sagesse fait vivre celui qui la possède.
Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.
13 Regarde l'œuvre de Dieu; car qui peut redresser ce qu'il aura courbé?
Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
14 Au jour de la prospérité, sois joyeux; et au jour de l'adversité, prends-y garde; aussi Dieu a fait l'un comme l'autre, afin que l'homme ne trouve rien de ce qui sera après lui.
Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.
15 J'ai vu tout ceci pendant les jours de ma vanité. Il y a tel juste qui périt dans sa justice, et il y a tel méchant qui prolonge ses jours dans sa méchanceté.
Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.
16 Ne sois pas juste à l'excès, et ne te fais pas trop sage; pourquoi te perdrais-tu?
Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?
17 Ne sois pas méchant à l'excès, et ne sois point insensé; pourquoi mourrais-tu avant ton temps?
Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?
18 Il est bon que tu retiennes ceci, et que tu ne négliges pas cela; car celui qui craint Dieu, sort de toutes ces choses.
Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.
19 La sagesse donne plus de force au sage que dix gouverneurs qui seraient dans une ville.
Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l' pou yon lavil.
20 Certainement il n'y a point d'homme juste sur la terre, qui fasse le bien et qui ne pèche point.
Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
21 Aussi ne fais point attention à toutes les paroles qu'on dira, de peur que tu n'entendes ton serviteur parler mal de toi.
Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.
22 Car ton cœur a reconnu bien des fois que toi aussi tu as mal parlé des autres.
Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.
23 J'ai éprouvé tout cela par la sagesse; et j'ai dit: J'acquerrai de la sagesse; mais elle s'est éloignée de moi.
Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'.
24 Ce qui est loin, ce qui est profond, profond, qui peut l'atteindre?
Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?
25 J'ai appliqué mon cœur à connaître, à sonder et à chercher la sagesse et la raison de tout, et à connaître la méchanceté de la folie, et la sottise de la déraison.
Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.
26 Et j'ai trouvé plus amère que la mort, la femme dont le cœur est un piège et un filet, et dont les mains sont des liens; celui qui est agréable à Dieu lui échappera; mais le pécheur sera pris par elle.
Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.
27 Voici, dit l'Ecclésiaste, ce que j'ai trouvé, en examinant les choses une à une pour en trouver la raison.
Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m' konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn.
28 Voici ce que mon âme cherche encore, mais que je n'ai point trouvé. J'ai trouvé un homme entre mille; mais je n'ai pas trouvé une femme entre elles toutes.
M'ap chache yon lòt esplikasyon. Men mwen pa jwenn li. Sou mil gason mwen kontre, se yon sèl mwen jwenn ki gen konprann. Men pou fanm, mwen pa jwenn yonn menm.
29 Seulement voici ce que j'ai trouvé: c'est que Dieu a fait l'homme droit; mais ils ont cherché beaucoup de discours.
Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.

< Ecclésiaste 7 >