< Deutéronome 17 >

1 Tu ne sacrifieras à l'Éternel ton Dieu, ni taureau, ni agneau ni chevreau qui ait un défaut, un vice d'aucune espèce; car c'est une abomination pour l'Éternel ton Dieu.
Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm.
2 Quand il se trouvera au milieu de toi, dans quelqu'une des villes que l'Éternel ton Dieu te donne, un homme ou une femme qui fasse ce qui est mauvais aux yeux de l'Éternel ton Dieu, en transgressant son alliance,
Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,
3 Et qui aille et serve d'autres dieux, et qui se prosterne devant eux, devant le soleil, ou devant la lune, ou devant toute l'armée des cieux, ce que je n'ai pas commandé;
pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
4 Et que cela t'aura été rapporté, et que tu l'auras appris; alors tu t'informeras exactement, et si tu trouves que ce qu'on a dit soit véritable et certain, et que cette abomination ait eté commise en Israël,
epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a,
5 Tu feras sortir vers tes portes cet homme, ou cette femme, qui aura fait cette méchante action, soit l'homme, soit la femme, et tu les lapideras, et ils mourront.
lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
6 C'est sur la parole de deux ou trois témoins que sera mis à mort celui qui devra mourir; il ne sera pas mis à mort sur la parole d'un seul témoin.
Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.
7 La main des témoins sera la première sur lui pour le faire mourir, et ensuite la main de tout le peuple. Tu ôteras ainsi le méchant du milieu de toi.
Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
8 Quand une affaire sera trop difficile à juger pour toi, qu'il faille distinguer entre sang et sang, entre cause et cause, entre plaie et plaie, objets de contestation dans tes portes, tu te lèveras et tu monteras au lieu que l'Éternel ton Dieu aura choisi;
Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
9 Et tu viendras aux sacrificateurs de la race de Lévi, et au juge qui sera en ce temps-là, et tu les consulteras, et ils te déclareront ce que porte le droit.
n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.
10 Et tu agiras conformément à ce qu'ils t'auront déclaré, du lieu que l'Éternel aura choisi, et tu prendras garde à faire selon tout ce qu'ils t'auront enseigné.
Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an.
11 Tu agiras conformément à la loi qu'ils t'auront enseignée, et selon le droit qu'ils t'auront prononcé; tu ne te détourneras point de ce qu'ils t'auront déclaré, ni à droite ni à gauche.
Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an.
12 Mais l'homme qui agira avec orgueil et ne voudra point obéir au sacrificateur qui se tient là pour servir l'Éternel ton Dieu, ou au juge, cet homme-là mourra, et tu ôteras le méchant d'Israël;
Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
13 Et tout le peuple l'entendra et craindra, et ils ne s'élèveront plus par orgueil.
Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò.
14 Quand tu seras entré au pays que l'Éternel ton Dieu te donne, et que tu le posséderas et y demeureras, si tu dis: J'établirai un roi sur moi, comme toutes les nations qui m'entourent,
Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,
15 Tu ne manqueras pas de t'établir pour roi celui que l'Éternel ton Dieu aura choisi; tu établiras sur toi un roi d'entre tes frères; tu ne pourras point mettre sur toi un homme étranger, qui ne soit point ton frère.
se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou.
16 Seulement il ne se procurera point un grand nombre de chevaux, et il ne ramènera point le peuple en Égypte, afin d'augmenter le nombre des chevaux; car l'Éternel vous a dit: Vous ne retournerez plus par ce chemin-là.
Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
17 Il ne prendra pas non plus un grand nombre de femmes, de peur que son cœur ne se détourne; il ne s'amassera pas non plus beaucoup d'argent et d'or.
Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.
18 Et dès qu'il sera assis sur son trône royal, il écrira pour lui dans un livre, un double de cette loi, qu'il recevra des sacrificateurs de la race de Lévi.
Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo.
19 Et ce livre sera avec lui, et il y lira tous les jours de sa vie, afin qu'il apprenne à craindre l'Éternel son Dieu, à prendre garde à toutes les paroles de cette loi et à ces statuts pour les pratiquer;
Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'.
20 De peur que son cœur ne s'élève au-dessus de ses frères et qu'il ne se détourne de ce commandement, à droite ou à gauche; et afin qu'il prolonge ses jours dans son règne, lui et ses fils, au milieu d'Israël.
Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.

< Deutéronome 17 >