< Amos 2 >

1 Ainsi a dit l'Éternel: A cause de trois crimes de Moab et même de quatre, je ne le révoquerai point: parce qu'il a brûlé et calciné les os du roi d'Édom;
Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.
2 J'enverrai le feu dans Moab, et il dévorera les palais de Kérijoth; et Moab périra dans le tumulte, au milieu des clameurs, au bruit de la trompette;
M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen.
3 J'exterminerai les juges du milieu de lui, et je tuerai tous ses chefs avec lui, dit l'Éternel.
M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa.
4 Ainsi a dit l'Éternel: A cause de trois crimes de Juda et même de quatre, je ne le révoquerai point: parce qu'ils ont rejeté la loi de l'Éternel et n'ont pas gardé ses ordonnances, et qu'ils ont été égarés par leurs dieux de mensonge après lesquels avaient marché leurs pères;
Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.
5 J'enverrai le feu dans Juda, et il dévorera les palais de Jérusalem.
Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè.
6 Ainsi a dit l'Éternel: A cause de trois crimes d'Israël et même de quatre, je ne le révoquerai point: parce qu'ils ont vendu le juste pour de l'argent, et le pauvre pour une paire de souliers;
Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.
7 Ils font lever sur la tête des misérables la poussière de la terre, et ils font fléchir le droit des malheureux. Le fils et le père vont vers la même fille, pour profaner mon saint nom;
Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.
8 Ils s'étendent, à côté de chaque autel, sur des vêtements pris en gage, et ils boivent, dans la maison de leurs dieux, le vin de ceux qu'ils ont condamnés.
Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.
9 Et moi, j'ai détruit devant eux l'Amoréen, qui était haut comme les cèdres, et fort comme les chênes; j'ai détruit son fruit en haut, et ses racines en bas;
Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.
10 Je vous ai fait monter du pays d'Égypte et je vous ai conduits dans le désert quarante ans, pour posséder la terre de l'Amoréen;
Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.
11 J'ai suscité des prophètes parmi vos fils, et des nazariens parmi vos jeunes hommes. N'en est-il pas ainsi, enfants d'Israël? dit l'Éternel.
Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
12 Mais vous avez fait boire du vin aux nazariens, et vous avez fait défense aux prophètes, disant: Ne prophétisez pas!
Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
13 Voici, je vais vous fouler, comme foule un char plein de gerbes;
Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.
14 L'homme agile ne pourra fuir, le fort ne trouvera pas sa force, et l'homme vaillant ne sauvera point sa vie;
Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.
15 Celui qui manie l'arc ne tiendra pas, celui qui a les pieds légers n'échappera point, celui qui monte le cheval ne sauvera pas sa vie;
Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo.
16 Et le plus courageux entre les vaillants s'enfuira nu en ce jour-là, dit l'Éternel.
Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.

< Amos 2 >