< 1 Samuel 18 >

1 Or, dès que David eut achevé de parler à Saül, l'âme de Jonathan fut liée à l'âme de David, et Jonathan l'aima comme son âme.
Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
2 Et, ce jour-là, Saül le prit, et ne lui permit pas de retourner dans la maison de son père.
Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò.
3 Alors Jonathan fit alliance avec David, parce qu'il l'aimait comme son âme.
Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.
4 Et Jonathan se dépouilla du manteau qu'il portait, et le donna à David, avec ses habits, et jusqu'à son épée, son arc et sa ceinture.
Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.
5 Et David allait en campagne; il réussissait partout où Saül l'envoyait, et Saül l'établit sur les gens de guerre; et il fut agréable à tout le peuple, et même aux serviteurs de Saül.
Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.
6 Or, comme ils rentraient, lorsque David revenait de la défaite du Philistin, il sortit des femmes de toutes les villes d'Israël, chantant et dansant, au-devant du roi Saül, avec des tambours, avec des cris de joie, et avec des triangles;
Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.
7 Et les femmes qui jouaient des instruments se répondaient les unes aux autres, et disaient: Saül a frappé ses mille, et David ses dix mille.
Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
8 Et Saül fut fort irrité, et cette parole lui déplut; elles ont donné, dit-il, dix mille hommes à David, et à moi mille; il ne lui manque donc plus que le royaume!
Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa!
9 Depuis ce jour-là, Saül voyait David de mauvais œil.
Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je.
10 Et il arriva, le lendemain, que le mauvais esprit, envoyé de Dieu, saisit Saül, et il avait des transports au milieu de la maison. Or David jouait de sa main sur la harpe, comme les autres jours, et Saül avait une lance à la main;
Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.
11 Alors Saül leva sa lance, disant en lui-même: Je frapperai David et la muraille; mais David se détourna de lui, par deux fois.
Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.
12 Et Saül avait peur de la présence de David, parce que l'Éternel était avec lui, et qu'il s'était retiré d'avec Saül.
Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.
13 C'est pourquoi Saül l'éloigna de lui, et l'établit capitaine de mille hommes, et il sortait et rentrait à la tête du peuple.
Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen.
14 Et David réussissait en tout ce qu'il entreprenait; et l'Éternel était avec lui.
Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
15 Or Saül, voyant que David était fort heureux, le craignit.
Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd.
16 Mais tout Israël et Juda aimaient David, parce qu'il sortait et rentrait à leur tête.
Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.
17 Et Saül dit à David: Voici, je te donnerai pour femme Mérab, ma fille aînée; sois-moi seulement un vaillant soldat, et combats dans les guerres de l'Éternel. Or Saül disait: Que ma main ne soit point sur lui, mais que la main des Philistins soit sur lui.
Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.
18 Et David répondit à Saül: Qui suis-je et quelle est ma vie, et la famille de mon père en Israël, que je sois gendre du roi?
David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fè pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m' marye ak pitit fi wa a?
19 Or, au temps où l'on devait donner Mérab, fille de Saül, à David, elle fut donnée pour femme à Adriel Méholathite.
Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola.
20 Mais Mical, fille de Saül, aima David; et on le rapporta à Saül, et la chose lui plut.
Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y' al di Sayil sa, bagay la te fè l' plezi.
21 Et Saül dit: Je la lui donnerai, afin qu'elle lui soit en piège, et que la main des Philistins soit sur lui. Saül dit donc à David pour la seconde fois: Tu seras mon gendre aujourd'hui.
Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen.
22 Et Saül donna cet ordre à ses serviteurs: Parlez à David en secret, et dites-lui: Voici, le roi a de la bonne volonté pour toi, et tous ses serviteurs t'aiment: sois donc maintenant gendre du roi.
Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lòd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a.
23 Les serviteurs de Saül répétèrent donc toutes ces paroles à David; et David dit: Est-ce peu de chose à vos yeux que d'être gendre du roi? Et moi je suis un homme pauvre et peu considéré.
Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'.
24 Et les serviteurs de Saül le lui rapportèrent, et lui dirent: David a tenu tels discours.
Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a.
25 Et Saül dit: Vous parlerez ainsi à David: Le roi ne veut pas de douaire, mais cent prépuces de Philistins, afin que le roi soit vengé de ses ennemis. Or, Saül avait dessein de faire tomber David entre les mains des Philistins.
Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.
26 Et les serviteurs de Saül rapportèrent ces discours à David, et il plut à David de devenir gendre du roi. Et avant que les jours fussent accomplis,
Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la,
27 David se leva, et s'en alla, lui et ses gens, et frappa deux cents hommes des Philistins; et David apporta leurs prépuces, et les livra bien comptés au roi, afin qu'il fût gendre du roi. Saül lui donna donc pour femme Mical, sa fille.
David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.
28 Alors Saül vit et comprit que l'Éternel était avec David; et Mical, fille de Saül, l'aimait.
Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,
29 Mais Saül continua de craindre David encore plus, et fut toujours ennemi de David.
Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
30 Or, les capitaines des Philistins se mirent en campagne; et chaque fois qu'ils sortaient, David avait plus de succès que tous les serviteurs de Saül, et son nom fut en fort grande estime.
Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.

< 1 Samuel 18 >