< Nombres 8 >

1 Le Seigneur dit encore à Moïse:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 Parle à Aaron, et dis-lui: Lorsque tu auras disposé en rang les lampes du chandelier, les sept lampes éclaireront.
-Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.
3 Et ainsi fit Aaron; il alluma, sur une seule rangée, les lampes du chandelier, comme le Seigneur l'avait prescrit à Moïse.
Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.
4 Voilà comme était fabriqué le chandelier: il était d'or inflexible, tige et lis, selon la forme que le Seigneur avait indiquée à Moïse; ainsi avait-il fait le chandelier.
Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.
5 Et le Seigneur parla à Moïse, disant:
Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:
6 Prends les lévites parmi les fils d'Israël, et purifie-les.
-Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen.
7 Voilà comment tu feras cette purification: tu les aspergeras de l'eau de la purification; on passera le rasoir sur tout leur corps; ils laveront leurs vêtements, et ils seront purs.
Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
8 Ensuite, ils prendront un veau parmi les bœufs, avec de la fleur de farine pétrie dans l'huile, pour son oblation; tu prendras encore, parmi les bœufs, un veau d'un an pour le péché.
Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal.
9 Et tu conduiras les lévites devant le tabernacle du témoignage. Là, après avoir rassemblé toute la synagogue des fils d'Israël,
Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble.
10 Tu présenteras les lévites devant le Seigneur, et les fils d'Israël imposeront leurs mains sur la tête des lévites;
Y'a poze men yo sou tèt moun Levi yo.
11 Aaron les séparera des fils d'Israël, comme une offrande faite au Seigneur; et les lévites seront pour travailler aux œuvres du Seigneur.
Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen.
12 Ensuite, les lévites imposeront leurs mains sur les veaux, et tu sacrifieras l'un pour le péché, l'autre pour l'holocauste au Seigneur, afin que ce sacrifice leur soit propitiatoire.
Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo.
13 Tu placeras alors les lévites en présence du Seigneur, devant Aaron et ses fils, et tu les donneras au Seigneur comme offrande.
Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo.
14 Ainsi, tu sépareras les lévites des fils d'Israël, et ils seront à moi.
W'a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale.
15 Après cela, les lévites seront introduits pour travailler aux œuvres du tabernacle; c'est ainsi que tu les purifieras, et que tu en feras l'offrande devant le Seigneur, car ils sont l'offrande qui m'est due parmi les fils d'Israël,
Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.
16 En échange de tous les premiers-nés des fils d'Israël; je les ai pris pour moi,
N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.
17 Parce que tout premier-né, parmi les fils d'Israël, m'appartient, depuis l'homme jusqu'aux bestiaux; le jour où j'ai frappé tout premier-né en Egypte, je me suis consacré les premiers-nés d'Israël;
Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen.
18 Et j'ai pris les lévites en échange des premiers-nés d'Israël.
Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo.
19 Les lévites m'ayant été donnés en offrande, je les ai donnés moi-même à Aaron et à ses fils, afin qu'ils fassent les œuvres des fils d'Israël dans le tabernacle du témoignage, et qu'ils prient pour les fils d'Israël; et nul des fils d'Israël ne s'approchera des choses saintes.
Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.
20 Moïse, avec Aaron et toute la synagogue des fils d'Israël, fit donc, au sujet des lévites, ce que le Seigneur lui avait prescrit; et ainsi les fils d'Israël firent pour les lévites.
Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo.
21 Et les lévites se purifièrent; ils lavèrent leurs vêtements; après quoi, Moïse les donna à Aaron, comme offrande au Seigneur. Ce dernier pria pour eux, afin de les purifier.
Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye.
22 Et, après cela, les lévites entrèrent pour faire leur service liturgique dans le tabernacle du témoignage, devant Aaron et ses fils, comme le Seigneur l'avait prescrit à Moïse; ainsi fit-on pour eux.
Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
23 Et le Seigneur parla à Moïse, disant:
Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa:
24 Voici encore ce qui concerne les lévites: A vingt-cinq ans et au-dessus, ils entreront, pour leur ministère, dans le tabernacle du témoignage.
-Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.
25 A cinquante ans, ils s'éloigneront du service saint; à cet âge, nul lévite n'y sera employé.
Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan.
26 Son frère exercera le ministère dans le tabernacle du témoignage; lui- même ne fera plus rien. Tu règleras ainsi les fonctions des lévites.
Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.

< Nombres 8 >