< Exode 12 >

1 Et l’Éternel parla à Moïse et à Aaron dans le pays d’Égypte, disant:
Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo:
2 Ce mois-ci sera pour vous le commencement des mois; il sera pour vous le premier des mois de l’année.
-Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo.
3 Parlez à toute l’assemblée d’Israël, disant: Au dixième [jour] de ce mois, vous prendrez chacun un agneau par maison de père, un agneau par maison.
Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
4 Et si la maison est trop peu nombreuse pour un agneau, que lui et son voisin le plus rapproché de sa maison, le prennent, selon le nombre des âmes; vous compterez pour l’agneau d’après ce que chacun peut manger.
Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.
5 Vous aurez un agneau sans défaut, mâle, âgé d’un an; vous le prendrez d’entre les moutons ou d’entre les chèvres;
Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
6 et vous le tiendrez en garde jusqu’au quatorzième jour de ce mois; et toute la congrégation de l’assemblée d’Israël l’égorgera entre les deux soirs.
N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.
7 Et ils prendront de son sang, et en mettront sur les deux poteaux et sur le linteau de la porte, aux maisons dans lesquelles ils le mangeront;
N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l' sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la.
8 et ils en mangeront la chair cette nuit-là; ils la mangeront rôtie au feu, avec des pains sans levain, et des herbes amères.
Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
9 Vous n’en mangerez pas qui soit à demi cuit ou qui ait été cuit dans l’eau, mais rôti au feu: la tête, et les jambes, et l’intérieur.
Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a.
10 Et vous n’en laisserez rien de reste jusqu’au matin; et ce qui en resterait jusqu’au matin, vous le brûlerez au feu.
Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife.
11 Et vous le mangerez ainsi: vos reins ceints, vos sandales à vos pieds, et votre bâton en votre main; et vous le mangerez à la hâte. C’est la pâque de l’Éternel.
Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.
12 Et je passerai par le pays d’Égypte cette nuit-là, et je frapperai tout premier-né dans le pays d’Égypte, depuis l’homme jusqu’aux bêtes, et j’exercerai des jugements sur tous les dieux de l’Égypte. Je suis l’Éternel.
Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
13 Et le sang vous sera pour signe sur les maisons où vous serez; et je verrai le sang, et je passerai par-dessus vous, et il n’y aura point de plaie à destruction au milieu de vous, quand je frapperai le pays d’Égypte.
San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
14 Et ce jour-là vous sera en mémorial, et vous le célébrerez comme une fête à l’Éternel; vous le célébrerez en vos générations comme un statut perpétuel.
Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
15 Pendant sept jours vous mangerez des pains sans levain: dès le premier jour, vous ôterez le levain de vos maisons; car quiconque mangera du pain levé, du premier jour au septième jour, cette âme-là sera retranchée d’Israël.
Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
16 Et le premier jour vous aurez une sainte convocation, et le septième jour une sainte convocation; il ne se fera aucune œuvre en ces jours-là; seulement ce que chacun mangera, cela seul se fera par vous.
Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje.
17 Et vous garderez la fête des pains sans levain, car en ce même jour j’ai fait sortir vos armées du pays d’Égypte; et vous garderez ce jour-là en vos générations, comme un statut perpétuel.
N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo soti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan.
18 Le premier mois, le quatorzième jour du mois, au soir, vous mangerez des pains sans levain, jusqu’au vingt et unième jour du mois, au soir.
Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.
19 Pendant sept jours il ne se trouvera point de levain dans vos maisons; car quiconque mangera de ce qui est levé, cette âme-là sera retranchée de l’assemblée d’Israël, étranger ou Israélite de naissance.
Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.
20 Vous ne mangerez rien de levé; dans toutes vos habitations vous mangerez des pains sans levain.
Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven.
21 Et Moïse appela tous les anciens d’Israël, et leur dit: Tirez à part et prenez du menu bétail selon vos familles, et égorgez la pâque.
Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou.
22 Et vous prendrez un bouquet d’hysope, et vous le tremperez dans le sang qui sera dans le bassin; et du sang qui sera dans le bassin, vous aspergerez le linteau et les deux poteaux; et nul d’entre vous ne sortira de la porte de sa maison, jusqu’au matin.
Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l' nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l' sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pesonn soti deyò lakay yo jouk li jou.
23 Car l’Éternel passera pour frapper les Égyptiens; et il verra le sang sur le linteau et sur les deux poteaux, et l’Éternel passera par-dessus la porte, et ne permettra pas au destructeur d’entrer dans vos maisons pour frapper.
Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.
24 Et vous garderez cela comme un statut pour toi et pour tes enfants, à toujours.
N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.
25 Et lorsque vous serez entrés dans le pays que l’Éternel vous donnera, comme il l’a dit, il arrivera que vous garderez ce service.
Lè n'a antre nan peyi Seyè a pral ban nou an, jan l' te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a.
26 Et quand vos enfants vous diront: Que signifie pour vous ce service?
Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,
27 il arrivera que vous direz: C’est le sacrifice de la pâque à l’Éternel, qui passa par-dessus les maisons des fils d’Israël en Égypte, lorsqu’il frappa les Égyptiens et qu’il préserva nos maisons. Et le peuple s’inclina, et ils se prosternèrent.
n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.
28 Et les fils d’Israël s’en allèrent, et firent comme l’Éternel l’avait commandé à Moïse et à Aaron; ils firent ainsi.
Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.
29 Et il arriva, au milieu de la nuit, que l’Éternel frappa tout premier-né dans le pays d’Égypte, depuis le premier-né du Pharaon qui était assis sur son trône, jusqu’au premier-né du captif qui était dans la maison de la fosse, et tout premier-né des bêtes.
Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
30 Et le Pharaon se leva de nuit, lui et tous ses serviteurs, et toute l’Égypte; et il y eut un grand cri en Égypte, car il n’y avait pas de maison où il n’y eût un mort.
Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò.
31 Et il appela Moïse et Aaron de nuit, et dit: Levez-vous, sortez du milieu de mon peuple, tant vous que les fils d’Israël, et allez-vous-en, servez l’Éternel, comme vous l’avez dit;
Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.
32 prenez votre menu bétail et votre gros bétail, comme vous l’avez dit, et allez-vous-en, et bénissez-moi aussi.
Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen.
33 Et les Égyptiens pressaient le peuple, pour le renvoyer du pays en hâte; car ils disaient: Nous sommes tous morts.
Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!
34 Et le peuple prit sa pâte avant qu’elle soit levée, ayant leurs huches liées dans leurs vêtements sur leurs épaules.
Se konsa pèp Izrayèl la pran pa t' farin lan san yo pa t' ankò mete ledven ladan l'. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo.
35 Et les fils d’Israël firent selon la parole de Moïse, et demandèrent aux Égyptiens des objets d’argent, et des objets d’or, et des vêtements.
Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad.
36 Et l’Éternel fit que le peuple trouva faveur aux yeux des Égyptiens, qui accordèrent leurs demandes; et ils dépouillèrent les Égyptiens.
Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.
37 Et les fils d’Israël partirent de Ramsès pour Succoth, environ 600 000 hommes de pied, les hommes faits, sans les petits enfants;
Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil (600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.
38 et aussi un grand amas de gens monta avec eux, et du menu et du gros bétail, des troupeaux en très grand nombre.
Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou.
39 Et ils cuisirent en gâteaux sans levain la pâte qu’ils avaient emportée d’Égypte; car elle n’avait pas levé, parce qu’ils avaient été chassés d’Égypte et n’avaient pu tarder; ils ne s’étaient pas fait non plus de provisions.
Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon.
40 Et l’habitation des fils d’Israël qui avaient habité en Égypte, fut de 430 ans.
Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la.
41 Et il arriva, au bout de 430 ans, il arriva, en ce même jour, que toutes les armées de l’Éternel sortirent du pays d’Égypte.
Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la.
42 C’est une nuit à garder pour l’Éternel, parce qu’il les a fait sortir du pays d’Égypte; – cette nuit-là est à garder pour l’Éternel par tous les fils d’Israël, en leurs générations.
Se te yon jou lannwit. Seyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo soti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.
43 Et l’Éternel dit à Moïse et à Aaron: C’est ici le statut de la Pâque: Aucun étranger n’en mangera;
Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.
44 mais tout esclave, homme acheté à prix d’argent, tu le circonciras; alors il en mangera.
Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.
45 L’habitant et l’homme à gages n’en mangeront point.
Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la.
46 Elle sera mangée dans une même maison; tu n’emporteras point de sa chair hors de la maison, et vous n’en casserez pas un os.
Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fèt pou soti deyò menm. Ni nou pa fèt pou kraze ankenn zo bèt nou touye yo.
47 Toute l’assemblée d’Israël la fera.
Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt sa a.
48 Et si un étranger séjourne chez toi, et veut faire la Pâque à l’Éternel, que tout mâle qui est à lui soit circoncis; et alors il s’approchera pour la faire, et sera comme l’Israélite de naissance; mais aucun incirconcis n’en mangera.
Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.
49 Il y aura une même loi pour l’Israélite de naissance et pour l’étranger qui séjourne parmi vous.
Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.
50 Et tous les fils d’Israël firent comme l’Éternel avait commandé à Moïse et à Aaron; ils firent ainsi.
Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.
51 Et il arriva, en ce même jour, que l’Éternel fit sortir les fils d’Israël du pays d’Égypte, selon leurs armées.
Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.

< Exode 12 >