< Sophonie 3 >

1 Malheur à la rebelle et à la souillée, à la ville d’oppression!
Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.
2 Elle n’a écouté aucune voix, elle n’a pas accepté d’avertissement; elle ne s’est pas confiée en Yahweh, elle ne s’est pas approchée de son Dieu.
Yo pa t' koute Seyè a. Yo pa t' pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t' mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t' vin mande Bondye yo a konsèy ankò.
3 Ses princes au milieu d’elle sont des lions rugissants, ses juges des loups du soir, qui ne gardent rien pour le matin.
Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.
4 Ses prophètes sont des fanfarons, des hommes perfides; ses prêtres profanent les choses saintes, ils violent la loi.
Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.
5 Yahweh est juste au milieu d’elle, il ne fait rien d’inique; chaque matin il produit son jugement, pour donner la lumière, sans jamais y manquer; mais l’impie ne connaît pas de honte!
Men Seyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
6 J’ai exterminé des nations; leurs tours ont été détruites; j’ai désolé leurs rues, si bien qu’on n’y passe plus; leurs villes ont été dévastées, si bien qu’il n’y reste personne, aucun habitant.
Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.
7 Je disais: « Au moins tu me craindras, tu accepteras l’avertissement; et sa demeure ne sera pas détruite, selon tout ce que j’ai décidé à son égard. » Mais ils n’ont été que plus empressés à pervertir toutes leurs actions.
Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.
8 C’est pourquoi attendez-moi, — oracle de Yahweh, pour le jour où je me lèverai pour le butin! Car mon arrêt est que j’assemble les nations, que je rassemble les royaumes, pour verser sur eux ma fureur, toute l’ardeur de ma colère. Car par le feu de ma jalousie, toute la terre sera dévorée.
Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.
9 Car alors je donnerai aux peuples des lèvres pures, afin qu’ils invoquent tous le nom de Yahweh, et le servent d’un commun accord.
Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'.
10 D’au delà des fleuves de l’Ethiopie, mes adorateurs, mes dispersés, apporteront mon offrande.
Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen.
11 En ce jour-là, tu n’auras plus à rougir de toutes tes actions par lesquelles tu as péché contre moi; car alors j’ôterai du milieu de toi ceux qui se réjouissaient avec arrogance; et tu ne t’enorgueilliras plus désormais, sur ma montagne sainte.
Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an.
12 je laisserai au milieu de toi un peuple humble et petit, qui se confiera au nom de Yahweh.
Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon.
13 Le reste d’Israël ne commettra pas l’iniquité, il ne dira pas de mensonge, et il ne se trouvera plus dans leur bouche de langue trompeuse. Car ils paîtront et se reposeront, sans que personne les trouble.
Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
14 Pousse des cris de joie, fille de Sion! Pousse des cris d’allégresse, Israël! Réjouis-toi et triomphe de tout ton cœur, fille de Jérusalem!
Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
15 Yahweh a retiré les jugements portés contre toi, il a détourné ton ennemi. Le roi d’Israël, Yahweh, est au milieu de toi; tu ne verras plus le malheur!
Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
16 En ce jour-là, on dira à Jérusalem: Ne crains point, Sion, que tes mains ne s’affaissent point!
Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!
17 Yahweh, ton Dieu, est au milieu de toi, un vaillant sauveur! Il fera éclater sa joie à cause de toi; il se taira dans son amour; il tressaillera à cause de toi avec des cris de joie.
Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante
18 Je rassemblerai ceux qui sont dans la tristesse, privés des fêtes solennelles; car ils étaient des tiens, l’opprobre pèse sur eux.
tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.
19 Voici que j’en finirai, en ce temps-là, avec tous tes oppresseurs; je sauverai celle qui boite, et je recueillerai la rejetée, et je les ferai glorieux et renommés dans tous les pays où ils ont été honnis.
Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.
20 En ce temps-là, je vous ramènerai; et, au temps où je vous rassemblerai, je vous ferai renommés et glorieux, chez tous les peuples de la terre, quand je ferai cesser votre captivité à vos yeux, dit Yahweh.
Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Seyè a menm ki di sa.

< Sophonie 3 >