< Zechariah 8 >

1 The word of Yahweh of Armies came to me.
Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di:
2 Yahweh of Armies says: “I am jealous for Zion with great jealousy, and I am jealous for her with great wrath.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
3 Yahweh says: “I have returned to Zion, and will dwell in the middle of Jerusalem. Jerusalem shall be called ‘The City of Truth;’ and the mountain of Yahweh of Armies, ‘The Holy Mountain.’”
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
4 Yahweh of Armies says: “Old men and old women will again dwell in the streets of Jerusalem, every man with his staff in his hand because of their old age.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li.
5 The streets of the city will be full of boys and girls playing in its streets.”
Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
6 Yahweh of Armies says: “If it is marvelous in the eyes of the remnant of this people in those days, should it also be marvelous in my eyes?” says Yahweh of Armies.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
7 Yahweh of Armies says: “Behold, I will save my people from the east country and from the west country.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la.
8 I will bring them, and they will dwell within Jerusalem. They will be my people, and I will be their God, in truth and in righteousness.”
Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
9 Yahweh of Armies says: “Let your hands be strong, you who hear in these days these words from the mouth of the prophets who were in the day that the foundation of the house of Yahweh of Armies was laid, even the temple, that it might be built.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.
10 For before those days there was no wages for man nor any wages for an animal, neither was there any peace to him who went out or came in, because of the adversary. For I set all men everyone against his neighbor.
Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo.
11 But now I will not be to the remnant of this people as in the former days,” says Yahweh of Armies.
Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo.
12 “For the seed of peace and the vine will yield its fruit, and the ground will give its increase, and the heavens will give their dew. I will cause the remnant of this people to inherit all these things.
“Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.
13 It shall come to pass that, as you were a curse among the nations, house of Judah and house of Israel, so I will save you, and you shall be a blessing. Don’t be afraid. Let your hands be strong.”
Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
14 For Yahweh of Armies says: “As I thought to do evil to you when your fathers provoked me to wrath,” says Yahweh of Armies, “and I didn’t repent,
Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti,
15 so again I have thought in these days to do good to Jerusalem and to the house of Judah. Don’t be afraid.
konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè!
16 These are the things that you shall do: speak every man the truth with his neighbor. Execute the judgment of truth and peace in your gates,
Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
17 and let none of you devise evil in your hearts against his neighbor, and love no false oath; for all these are things that I hate,” says Yahweh.
Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
18 The word of Yahweh of Armies came to me.
Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di:
19 Yahweh of Armies says: “The fasts of the fourth, fifth, seventh, and tenth months shall be for the house of Judah joy, gladness, and cheerful feasts. Therefore love truth and peace.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
20 Yahweh of Armies says: “Many peoples and the inhabitants of many cities will yet come.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil.
21 The inhabitants of one will go to another, saying, ‘Let’s go speedily to entreat the favor of Yahweh, and to seek Yahweh of Armies. I will go also.’
Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’
22 Yes, many peoples and strong nations will come to seek Yahweh of Armies in Jerusalem and to entreat the favor of Yahweh.”
Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.”
23 Yahweh of Armies says: “In those days, ten men out of all the languages of the nations will take hold of the skirt of him who is a Jew, saying, ‘We will go with you, for we have heard that God is with you.’”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’

< Zechariah 8 >