< Mark 15 >

1 Immediately in the morning the chief priests, with the elders, scribes, and the whole council, held a consultation, bound Jesus, carried him away, and delivered him up to Pilate.
Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat.
2 Pilate asked him, “Are you the King of the Jews?” He answered, “So you say.”
Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
3 The chief priests accused him of many things.
Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li.
4 Pilate again asked him, “Have you no answer? See how many things they testify against you!”
Pilat mande l' ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou.
5 But Jesus made no further answer, so that Pilate marveled.
Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
6 Now at the feast he used to release to them one prisoner, whomever they asked of him.
Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
7 There was one called Barabbas, bound with his fellow insurgents, men who in the insurrection had committed murder.
Te gen yon nonm yo rele Barabas; li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an.
8 The multitude, crying aloud, began to ask him to do as he always did for them.
Foul moun yo moute lakay Pilat; yo pran mande Pilat pou l' lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a.
9 Pilate answered them, saying, “Do you want me to release to you the King of the Jews?”
Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?
10 For he perceived that for envy the chief priests had delivered him up.
Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
11 But the chief priests stirred up the multitude, that he should release Barabbas to them instead.
Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas pito.
12 Pilate again asked them, “What then should I do to him whom you call the King of the Jews?”
Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la?
13 They cried out again, “Crucify him!”
Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa!
14 Pilate said to them, “Why, what evil has he done?” But they cried out exceedingly, “Crucify him!”
Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa!
15 Pilate, wishing to please the multitude, released Barabbas to them, and handed over Jesus, when he had flogged him, to be crucified.
Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa.
16 The soldiers led him away within the court, which is the Praetorium; and they called together the whole cohort.
Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini.
17 They clothed him with purple; and weaving a crown of thorns, they put it on him.
Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li.
18 They began to salute him, “Hail, King of the Jews!”
Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo!
19 They struck his head with a reed and spat on him, and bowing their knees, did homage to him.
Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li.
20 When they had mocked him, they took the purple cloak off him, and put his own garments on him. They led him out to crucify him.
Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
21 They compelled one passing by, coming from the country, Simon of Cyrene, the father of Alexander and Rufus, to go with them that he might bear his cross.
Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.
22 They brought him to the place called Golgotha, which is, being interpreted, “The place of a skull.”
Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).
23 They offered him wine mixed with myrrh to drink, but he didn’t take it.
Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li.
24 Crucifying him, they parted his garments among them, casting lots on them, what each should take.
Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak.
25 It was the third hour when they crucified him.
Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.
26 The superscription of his accusation was written over him: “THE KING OF THE JEWS.”
Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
27 With him they crucified two robbers, one on his right hand, and one on his left.
Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.
28 The Scripture was fulfilled which says, “He was counted with transgressors.”
Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo.
29 Those who passed by blasphemed him, wagging their heads and saying, “Ha! You who destroy the temple and build it in three days,
Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou,
30 save yourself, and come down from the cross!”
sove tèt ou non, desann sou kwa a.
31 Likewise, also the chief priests mocking among themselves with the scribes said, “He saved others. He can’t save himself.
Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li!
32 Let the Christ, the King of Israel, now come down from the cross, that we may see and believe him.” Those who were crucified with him also insulted him.
Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
33 When the sixth hour had come, there was darkness over the whole land until the ninth hour.
Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.
34 At the ninth hour Jesus cried with a loud voice, saying, “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” which is, being interpreted, “My God, my God, why have you forsaken me?”
Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
35 Some of those who stood by, when they heard it, said, “Behold, he is calling Elijah.”
Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l' pale. Yo di: -Koute. Men l'ap rele Eli.
36 One ran, and filling a sponge full of vinegar, put it on a reed and gave it to him to drink, saying, “Let him be. Let’s see whether Elijah comes to take him down.”
Yonn nan yo kouri, li al tranpe yon eponj nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè. Epi li di: -Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a!
37 Jesus cried out with a loud voice, and gave up the spirit.
Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.
38 The veil of the temple was torn in two from the top to the bottom.
Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
39 When the centurion, who stood by opposite him, saw that he cried out like this and breathed his last, he said, “Truly this man was the Son of God!”
Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l' wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.
40 There were also women watching from afar, among whom were both Mary Magdalene and Mary the mother of James the less and of Joses, and Salome;
Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
41 who, when he was in Galilee, followed him and served him; and many other women who came up with him to Jerusalem.
Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.
42 When evening had now come, because it was the Preparation Day, that is, the day before the Sabbath,
Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).
43 Joseph of Arimathaea, a prominent council member who also himself was looking for God’s Kingdom, came. He boldly went in to Pilate, and asked for Jesus’ body.
Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi.
44 Pilate was surprised to hear that he was already dead; and summoning the centurion, he asked him whether he had been dead long.
Men, Pilat te sezi lè l' vin konnen Jezi te gen tan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l' si Jezi te mouri depi lontan.
45 When he found out from the centurion, he granted the body to Joseph.
Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a.
46 He bought a linen cloth, and taking him down, wound him in the linen cloth and laid him in a tomb which had been cut out of a rock. He rolled a stone against the door of the tomb.
Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l' nan dra a, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.
47 Mary Magdalene and Mary the mother of Joses, saw where he was laid.
Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.

< Mark 15 >