< Luke 23 >

1 The whole company of them rose up and brought him before Pilate.
Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate.
2 They began to accuse him, saying, “We found this man perverting the nation, forbidding paying taxes to Caesar, and saying that he himself is Christ, a king.”
Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
3 Pilate asked him, “Are you the King of the Jews?” He answered him, “So you say.”
Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.
4 Pilate said to the chief priests and the multitudes, “I find no basis for a charge against this man.”
Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
5 But they insisted, saying, “He stirs up the people, teaching throughout all Judea, beginning from Galilee even to this place.”
Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
6 But when Pilate heard Galilee mentioned, he asked if the man was a Galilean.
Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen.
7 When he found out that he was in Herod’s jurisdiction, he sent him to Herod, who was also in Jerusalem during those days.
Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
8 Now when Herod saw Jesus, he was exceedingly glad, for he had wanted to see him for a long time, because he had heard many things about him. He hoped to see some miracle done by him.
Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li.
9 He questioned him with many words, but he gave no answers.
Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm.
10 The chief priests and the scribes stood, vehemently accusing him.
Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans.
11 Herod with his soldiers humiliated him and mocked him. Dressing him in luxurious clothing, they sent him back to Pilate.
Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.
12 Herod and Pilate became friends with each other that very day, for before that they were enemies with each other.
Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
13 Pilate called together the chief priests, the rulers, and the people,
Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la.
14 and said to them, “You brought this man to me as one that perverts the people, and behold, having examined him before you, I found no basis for a charge against this man concerning those things of which you accuse him.
Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo.
15 Neither has Herod, for I sent you to him, and see, nothing worthy of death has been done by him.
Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li.
16 I will therefore chastise him and release him.”
Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
17 Now he had to release one prisoner to them at the feast.
Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la.
18 But they all cried out together, saying, “Away with this man! Release to us Barabbas!”—
Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!”
19 one who was thrown into prison for a certain revolt in the city, and for murder.
(Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
20 Then Pilate spoke to them again, wanting to release Jesus,
Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò,
21 but they shouted, saying, “Crucify! Crucify him!”
men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
22 He said to them the third time, “Why? What evil has this man done? I have found no capital crime in him. I will therefore chastise him and release him.”
Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
23 But they were urgent with loud voices, asking that he might be crucified. Their voices and the voices of the chief priests prevailed.
Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen.
24 Pilate decreed that what they asked for should be done.
Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a.
25 He released him who had been thrown into prison for insurrection and murder, for whom they asked, but he delivered Jesus up to their will.
Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
26 When they led him away, they grabbed one Simon of Cyrene, coming from the country, and laid the cross on him to carry it after Jesus.
Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus.
27 A great multitude of the people followed him, including women who also mourned and lamented him.
Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li.
28 But Jesus, turning to them, said, “Daughters of Jerusalem, don’t weep for me, but weep for yourselves and for your children.
Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo.
29 For behold, the days are coming in which they will say, ‘Blessed are the barren, the wombs that never bore, and the breasts that never nursed.’
Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’
30 Then they will begin to tell the mountains, ‘Fall on us!’ and tell the hills, ‘Cover us.’
Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’
31 For if they do these things in the green tree, what will be done in the dry?”
Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32 There were also others, two criminals, led with him to be put to death.
De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li.
33 When they came to the place that is called “The Skull”, they crucified him there with the criminals, one on the right and the other on the left.
Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Jesus said, “Father, forgive them, for they don’t know what they are doing.” Dividing his garments among them, they cast lots.
Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
35 The people stood watching. The rulers with them also scoffed at him, saying, “He saved others. Let him save himself, if this is the Christ of God, his chosen one!”
Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36 The soldiers also mocked him, coming to him and offering him vinegar,
Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si.
37 and saying, “If you are the King of the Jews, save yourself!”
Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
38 An inscription was also written over him in letters of Greek, Latin, and Hebrew: “THIS IS THE KING OF THE JEWS.”
Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
39 One of the criminals who was hanged insulted him, saying, “If you are the Christ, save yourself and us!”
Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40 But the other answered, and rebuking him said, “Don’t you even fear God, seeing you are under the same condemnation?
Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an?
41 And we indeed justly, for we receive the due reward for our deeds, but this man has done nothing wrong.”
Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”
42 He said to Jesus, “Lord, remember me when you come into your Kingdom.”
Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 Jesus said to him, “Assuredly I tell you, today you will be with me in Paradise.”
Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
44 It was now about the sixth hour, and darkness came over the whole land until the ninth hour.
Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
45 The sun was darkened, and the veil of the temple was torn in two.
Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.
46 Jesus, crying with a loud voice, said, “Father, into your hands I commit my spirit!” Having said this, he breathed his last.
Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47 When the centurion saw what was done, he glorified God, saying, “Certainly this was a righteous man.”
Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”
48 All the multitudes that came together to see this, when they saw the things that were done, returned home beating their chests.
Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo.
49 All his acquaintances and the women who followed with him from Galilee stood at a distance, watching these things.
Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
50 Behold, there was a man named Joseph, who was a member of the council, a good and righteous man
Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis.
51 (he had not consented to their counsel and deed), from Arimathaea, a city of the Jews, who was also waiting for God’s Kingdom.
Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.
52 This man went to Pilate, and asked for Jesus’ body.
Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus.
53 He took it down and wrapped it in a linen cloth, and laid him in a tomb that was cut in stone, where no one had ever been laid.
Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.
54 It was the day of the Preparation, and the Sabbath was drawing near.
Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse.
55 The women who had come with him out of Galilee followed after, and saw the tomb and how his body was laid.
Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a.
56 They returned and prepared spices and ointments. On the Sabbath they rested according to the commandment.
Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.

< Luke 23 >