< Job 13 >

1 “Behold, my eye has seen all this. My ear has heard and understood it.
“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 What you know, I know also. I am not inferior to you.
Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; mwen pa pi ba pase ou.
3 “Surely I would speak to the Almighty. I desire to reason with God.
“Men mwen ta pale ak Toupwisan an; mwen vle diskite ak Bondye.
4 But you are forgers of lies. You are all physicians of no value.
Men nou sal moun ak manti. Se yon bann doktè sanzave nou ye.
5 Oh that you would be completely silent! Then you would be wise.
Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6 Hear now my reasoning. Listen to the pleadings of my lips.
Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7 Will you speak unrighteously for God, and talk deceitfully for him?
Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?
8 Will you show partiality to him? Will you contend for God?
Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?
9 Is it good that he should search you out? Or as one deceives a man, will you deceive him?
Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 He will surely reprove you if you secretly show partiality.
Anverite, Li va repwoche ou si ou apye yon bò ak patripri.
11 Won’t his majesty make you afraid and his dread fall on you?
Èske majeste Li p ap bay ou lakrent? Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Your memorable sayings are proverbs of ashes. Your defenses are defenses of clay.
Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13 “Be silent! Leave me alone, that I may speak. Let come on me what will.
“Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Why should I take my flesh in my teeth, and put my life in my hand?
Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m?
15 Behold, he will kill me. I have no hope. Nevertheless, I will maintain my ways before him.
Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 This also will be my salvation, that a godless man will not come before him.
Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Listen carefully to my speech. Let my declaration be in your ears.
Koute pawòl mwen byen pre e kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 See now, I have set my cause in order. I know that I am righteous.
Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
19 Who is he who will contend with me? For then would I hold my peace and give up the spirit.
Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20 “Only don’t do two things to me, then I will not hide myself from your face:
“Se sèl de bagay pou pa fè mwen; konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 withdraw your hand far from me, and don’t let your terror make me afraid.
Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Then call, and I will answer, or let me speak, and you answer me.
Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 How many are my iniquities and sins? Make me know my disobedience and my sin.
Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Why do you hide your face, and consider me your enemy?
Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou?
25 Will you harass a driven leaf? Will you pursue the dry stubble?
Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
26 For you write bitter things against me, and make me inherit the iniquities of my youth.
Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 You also put my feet in the stocks, and mark all my paths. You set a bound to the soles of my feet,
Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 though I am decaying like a rotten thing, like a garment that is moth-eaten.
pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”

< Job 13 >