< James 5 >

1 Come now, you rich, weep and howl for your miseries that are coming on you.
Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.
2 Your riches are corrupted and your garments are moth-eaten.
Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit.
3 Your gold and your silver are corroded, and their corrosion will be for a testimony against you and will eat your flesh like fire. You have laid up your treasure in the last days.
Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!
4 Behold, the wages of the laborers who mowed your fields, which you have kept back by fraud, cry out; and the cries of those who reaped have entered into the ears of the Lord of Armies.
Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
5 You have lived in luxury on the earth, and taken your pleasure. You have nourished your hearts as in a day of slaughter.
Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa.
6 You have condemned and you have murdered the righteous one. He doesn’t resist you.
Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
7 Be patient therefore, brothers, until the coming of the Lord. Behold, the farmer waits for the precious fruit of the earth, being patient over it, until it receives the early and late rain.
Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.
8 You also be patient. Establish your hearts, for the coming of the Lord is at hand.
Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Don’t grumble, brothers, against one another, so that you won’t be judged. Behold, the judge stands at the door.
Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
10 Take, brothers, for an example of suffering and of perseverance, the prophets who spoke in the name of the Lord.
Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans.
11 Behold, we call them blessed who endured. You have heard of the perseverance of Job and have seen the Lord in the outcome, and how the Lord is full of compassion and mercy.
Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
12 But above all things, my brothers, don’t swear—not by heaven, or by the earth, or by any other oath; but let your “yes” be “yes”, and your “no”, “no”, so that you don’t fall into hypocrisy.
Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
13 Is any among you suffering? Let him pray. Is any cheerful? Let him sing praises.
Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
14 Is any among you sick? Let him call for the elders of the assembly, and let them pray over him, anointing him with oil in the name of the Lord;
Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a.
15 and the prayer of faith will heal him who is sick, and the Lord will raise him up. If he has committed sins, he will be forgiven.
Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.
16 Confess your sins to one another and pray for one another, that you may be healed. The insistent prayer of a righteous person is powerfully effective.
Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
17 Elijah was a man with a nature like ours, and he prayed earnestly that it might not rain, and it didn’t rain on the earth for three years and six months.
Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.
18 He prayed again, and the sky gave rain, and the earth produced its fruit.
Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
19 Brothers, if any among you wanders from the truth and someone turns him back,
Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen,
20 let him know that he who turns a sinner from the error of his way will save a soul from death and will cover a multitude of sins.
fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

< James 5 >