< Acts 27 >

1 When it was determined that we should sail for Italy, they delivered Paul and certain other prisoners to a centurion named Julius, of the Augustan band.
Lè yo deside pou fè n' pati nan batiman pou peyi Itali, yo renmèt Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye nan men Jiliyis, kòmandan yon batayon lame Wòm lan yo te rele Batayon Seza.
2 Embarking in a ship of Adramyttium, which was about to sail to places on the coast of Asia, we put to sea, Aristarchus, a Macedonian of Thessalonica being with us.
Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou.
3 The next day, we touched at Sidon. Julius treated Paul kindly and gave him permission to go to his friends and refresh himself.
Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l' pèmisyon pou li al wè zanmi l' yo pou li al chache sa l' te bezwen.
4 Putting to sea from there, we sailed under the lee of Cyprus, because the winds were contrary.
Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat lil Chip, nou lonje kòt la sou anwo, paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.
5 When we had sailed across the sea which is off Cilicia and Pamphylia, we came to Myra, a city of Lycia.
Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi.
6 There the centurion found a ship of Alexandria sailing for Italy, and he put us on board.
Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te soti lavil Aleksandri tapral an Itali. Li fè nou anbake sou li.
7 When we had sailed slowly many days, and had come with difficulty opposite Cnidus, the wind not allowing us further, we sailed under the lee of Crete, opposite Salmone.
Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t' ban nou chans pou n' al pi lwen nan k'ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k'ap Salmone, vire anba lil Krèt.
8 With difficulty sailing along it we came to a certain place called Fair Havens, near the city of Lasea.
Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze.
9 When much time had passed and the voyage was now dangerous because the Fast had now already gone by, Paul admonished them
Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje.
10 and said to them, “Sirs, I perceive that the voyage will be with injury and much loss, not only of the cargo and the ship, but also of our lives.”
Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou.
11 But the centurion gave more heed to the master and to the owner of the ship than to those things which were spoken by Paul.
Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl.
12 Because the haven was not suitable to winter in, the majority advised going to sea from there, if by any means they could reach Phoenix and winter there, which is a port of Crete, looking southwest and northwest.
Pò a pa t' bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la.
13 When the south wind blew softly, supposing that they had obtained their purpose, they weighed anchor and sailed along Crete, close to shore.
Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.
14 But before long, a stormy wind beat down from shore, which is called Euroclydon.
Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.
15 When the ship was caught and couldn’t face the wind, we gave way to it and were driven along.
Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.
16 Running under the lee of a small island called Clauda, we were able, with difficulty, to secure the boat.
Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.
17 After they had hoisted it up, they used cables to help reinforce the ship. Fearing that they would run aground on the Syrtis sand bars, they lowered the sea anchor, and so were driven along.
Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.
18 As we labored exceedingly with the storm, the next day they began to throw things overboard.
Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.
19 On the third day, they threw out the ship’s tackle with their own hands.
Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.
20 When neither sun nor stars shone on us for many days, and no small storm pressed on us, all hope that we would be saved was now taken away.
Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
21 When they had been long without food, Paul stood up in the middle of them and said, “Sirs, you should have listened to me, and not have set sail from Crete and have gotten this injury and loss.
Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
22 Now I exhort you to cheer up, for there will be no loss of life among you, but only of the ship.
Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.
23 For there stood by me this night an angel, belonging to the God whose I am and whom I serve,
Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',
24 saying, ‘Don’t be afraid, Paul. You must stand before Caesar. Behold, God has granted you all those who sail with you.’
li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
25 Therefore, sirs, cheer up! For I believe God, that it will be just as it has been spoken to me.
Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
26 But we must run aground on a certain island.”
Men, nou pral chwe sou yon zile.
27 But when the fourteenth night had come, as we were driven back and forth in the Adriatic Sea, about midnight the sailors surmised that they were drawing near to some land.
Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.
28 They took soundings and found twenty fathoms. After a little while, they took soundings again, and found fifteen fathoms.
Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.
29 Fearing that we would run aground on rocky ground, they let go four anchors from the stern, and wished for daylight.
Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.
30 As the sailors were trying to flee out of the ship and had lowered the boat into the sea, pretending that they would lay out anchors from the bow,
Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.
31 Paul said to the centurion and to the soldiers, “Unless these stay in the ship, you can’t be saved.”
Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.
32 Then the soldiers cut away the ropes of the boat and let it fall off.
Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale.
33 While the day was coming on, Paul begged them all to take some food, saying, “Today is the fourteenth day that you wait and continue fasting, having taken nothing.
Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.
34 Therefore I beg you to take some food, for this is for your safety; for not a hair will perish from any of your heads.”
Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.
35 When he had said this and had taken bread, he gave thanks to God in the presence of all; then he broke it and began to eat.
Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.
36 Then they all cheered up, and they also took food.
Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.
37 In all, we were two hundred seventy-six souls on the ship.
Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an.
38 When they had eaten enough, they lightened the ship, throwing out the wheat into the sea.
Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.
39 When it was day, they didn’t recognize the land, but they noticed a certain bay with a beach, and they decided to try to drive the ship onto it.
Lè solèy leve, marin yo pa t' rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.
40 Casting off the anchors, they left them in the sea, at the same time untying the rudder ropes. Hoisting up the foresail to the wind, they made for the beach.
Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k'ap sou plaj la.
41 But coming to a place where two seas met, they ran the vessel aground. The bow struck and remained immovable, but the stern began to break up by the violence of the waves.
Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.
42 The soldiers’ counsel was to kill the prisoners, so that none of them would swim out and escape.
Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t' naje sove.
43 But the centurion, desiring to save Paul, stopped them from their purpose, and commanded that those who could swim should throw themselves overboard first to go toward the land;
Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè.
44 and the rest should follow, some on planks and some on other things from the ship. So they all escaped safely to the land.
Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

< Acts 27 >