< 2 Kings 7 >

1 Elisha said, “Hear Yahweh’s word. Yahweh says, ‘Tomorrow about this time a seah of fine flour will be sold for a shekel, and two seahs of barley for a shekel, in the gate of Samaria.’”
Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”
2 Then the captain on whose hand the king leaned answered the man of God, and said, “Behold, if Yahweh made windows in heaven, could this thing be?” He said, “Behold, you will see it with your eyes, but will not eat of it.”
Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?” Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”
3 Now there were four leprous men at the entrance of the gate. They said to one another, “Why do we sit here until we die?
Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri?
4 If we say, ‘We will enter into the city,’ then the famine is in the city, and we will die there. If we sit still here, we also die. Now therefore come, and let’s surrender to the army of the Syrians. If they save us alive, we will live; and if they kill us, we will only die.”
Si nou di: ‘N ap antre nan vil la’, alò grangou nan vil la, nou va mouri la. Epi si nou chita isit la, nou va mouri tou. Pou sa, vini, annou janbe lòtbò nan kan Siryen yo. Si yo lese nou viv, nou va viv; epi si yo touye nou, nou p ap gen plis pase mouri.”
5 They rose up in the twilight to go to the camp of the Syrians. When they had come to the outermost part of the camp of the Syrians, behold, no man was there.
Konsa, yo te leve avan l fènwa pou ale nan kan Siryen yo, epi gade byen, pa t gen moun la.
6 For the Lord had made the army of the Syrians to hear the sound of chariots and the sound of horses, even the noise of a great army; and they said to one another, “Behold, the king of Israel has hired against us the kings of the Hittites and the kings of the Egyptians to attack us.”
Paske SENYÈ a te fè lame Siryen an tande bwi a cha yo avèk bwi cheval yo, son a yon gwo lame, jiskaske yo te di youn ak lòt: “Men gade, wa Israël la gen tan mete an sèvis kont nou wa Etyen yo avèk wa Ejipsyen yo pou yo vini sou nou.”
7 Therefore they arose and fled in the twilight, and left their tents, their horses, and their donkeys, even the camp as it was, and fled for their life.
Pou sa, yo te leve kouri pandan tenèb la t ap pwoche e te kite tant yo avèk cheval yo avèk bourik yo ak kan an, jis jan ke li te ye a pou te sove ale e sove lavi yo.
8 When these lepers came to the outermost part of the camp, they went into one tent, and ate and drank, then carried away silver, gold, and clothing and went and hid it. Then they came back, and entered into another tent and carried things from there also, and went and hid them.
Lè moun lalèp sa yo te rive nan landwa kan an, yo te antre nan yon tant pou te manje ak bwè e yo te pote soti la, ajan avèk lò avèk rad pou te ale sere yo. Epi yo te tounen antre nan yon lòt tant pou te pote soti la tou pou te ale sere yo.
9 Then they said to one another, “We aren’t doing right. Today is a day of good news, and we keep silent. If we wait until the morning light, punishment will overtake us. Now therefore come, let’s go and tell the king’s household.”
Men konsa, yo te pale youn ak lòt: “Nou pa fè byen. Jou sa a se yon jou bòn nouvèl, men nou rete an silans. Si nou tann jis rive maten an, pinisyon va vin rive sou nou. Alò, pou sa, annou ale pale moun lakay wa a.”
10 So they came and called to the city gatekeepers; and they told them, “We came to the camp of the Syrians, and, behold, there was no man there, not even a man’s voice, but the horses tied, and the donkeys tied, and the tents as they were.”
Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”
11 Then the gatekeepers called out and told it to the king’s household within.
Gadyen pòtay yo te rele pale anndan kay wa a.
12 The king arose in the night, and said to his servants, “I will now show you what the Syrians have done to us. They know that we are hungry. Therefore they have gone out of the camp to hide themselves in the field, saying, ‘When they come out of the city, we shall take them alive, and get into the city.’”
Wa a te leve nan lannwit lan e li te di a sèvitè li yo: “Mwen va pale ou koulye a sa ke Siryen yo gen tan fè. Yo konnen ke nou grangou; pou sa, yo te kite kan an pou kache yo menm nan chan an. Y ap di: ‘Lè yo sòti lavil la, nou va kaptire yo vivan e antre nan vil la.’”
13 One of his servants answered, “Please let some people take five of the horses that remain, which are left in the city. Behold, they are like all the multitude of Israel who are left in it. Behold, they are like all the multitude of Israel who are consumed. Let’s send and see.”
Youn nan sèvitè li yo te di: “Souple, kite kèk moun pran senk nan cheval ki rete lavil la. Gade byen, malgre nenpòt nan yo va menm jan ak tout rès foul moun ki rete ladann nan. Gade byen, yo tankou tout foul ki gen tan peri deja. Pou sa, annou voye gade.”
14 Therefore they took two chariots with horses; and the king sent them out to the Syrian army, saying, “Go and see.”
Konsa, yo te pran de cha avèk cheval e wa a te voye yo dèyè lame Siryen an, e te di: “Ale gade.”
15 They went after them to the Jordan; and behold, all the path was full of garments and equipment which the Syrians had cast away in their haste. The messengers returned and told the king.
Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.
16 The people went out and plundered the camp of the Syrians. So a seah of fine flour was sold for a shekel, and two measures of barley for a shekel, according to Yahweh’s word.
Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a.
17 The king had appointed the captain on whose hand he leaned to be in charge of the gate; and the people trampled over him in the gate, and he died as the man of God had said, who spoke when the king came down to him.
Alò, wa a te chwazi menm ofisye wayal la, sou men a sila li te konn apiye a, pou pran chaj pòtay la; men pèp la te foule li anba pye nan pòtay la e li te vin mouri jis jan ke nonm Bondye a te pale a, ki t ap pale pandan wa a te vin desann kote l la.
18 It happened as the man of God had spoken to the king, saying, “Two seahs of barley for a shekel, and a seah of fine flour for a shekel, shall be tomorrow about this time in the gate of Samaria;”
Li te vin rive jis jan ke nonm Bondye a te pale a wa a, lè l te di: “De mezi lòj pou yon sik e yon mezi farin fen pou yon sik, va vann demen vè lè sa a nan pòtay Samarie.”
19 and that captain answered the man of God, and said, “Now, behold, if Yahweh made windows in heaven, might such a thing be?” and he said, “Behold, you will see it with your eyes, but will not eat of it.”
Epi ofisye wayal la te reponn nonm Bondye a e te di: “Alò gade byen, Si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske yon bagay konsa ta kab rive?” Epi li te di: “Gade byen, ou va wè li avèk pwòp zye pa ou, men ou p ap manje ladann.”
20 It happened like that to him, for the people trampled over him in the gate, and he died.
Epi se konsa sa te vin rive li, paske pèp la te foule li anba pye nan pòtay la, e li te vin mouri.

< 2 Kings 7 >