< 1 Thessalonians 4 >

1 Finally then, brothers, we beg and exhort you in the Lord Jesus, that as you received from us how you ought to walk and to please God, that you abound more and more.
Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.
2 For you know what instructions we gave you through the Lord Jesus.
Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
3 For this is the will of God: your sanctification, that you abstain from sexual immorality,
Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa, pa fè imoralite seksyèl,
4 that each one of you know how to control his own body in sanctification and honor,
ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè,
5 not in the passion of lust, even as the Gentiles who don’t know God,
pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;
6 that no one should take advantage of and wrong a brother or sister in this matter; because the Lord is an avenger in all these things, as also we forewarned you and testified.
epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 For God called us not for uncleanness, but in sanctification.
Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.
8 Therefore he who rejects this doesn’t reject man, but God, who has also given his Holy Spirit to you.
Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
9 But concerning brotherly love, you have no need that one write to you. For you yourselves are taught by God to love one another,
Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.
10 for indeed you do it toward all the brothers who are in all Macedonia. But we exhort you, brothers, that you abound more and more;
Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,
11 and that you make it your ambition to lead a quiet life, and to do your own business, and to work with your own hands, even as we instructed you,
epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.
12 that you may walk properly toward those who are outside, and may have need of nothing.
Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
13 But we don’t want you to be ignorant, brothers, concerning those who have fallen asleep, so that you don’t grieve like the rest, who have no hope.
Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.
14 For if we believe that Jesus died and rose again, even so God will bring with him those who have fallen asleep in Jesus.
Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 For this we tell you by the word of the Lord, that we who are alive, who are left until the coming of the Lord, will in no way precede those who have fallen asleep.
Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 For the Lord himself will descend from heaven with a shout, with the voice of the archangel and with God’s trumpet. The dead in Christ will rise first,
Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.
17 then we who are alive, who are left, will be caught up together with them in the clouds to meet the Lord in the air. So we will be with the Lord forever.
Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Therefore comfort one another with these words.
Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

< 1 Thessalonians 4 >