< Zechariah 13 >

1 On that day a fountain will be opened for the house of David, and for the inhabitants of Jerusalem, for sin and for uncleanness.
Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
2 And it will be on that day, says the Lord of hosts, I will cut off the names of the idols from the land and they will be remembered no more. And the prophets and the unclean spirit I will banish from the land.
Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.
3 If any man prophesy any more, his father and his mother who bore him, will say to him, ‘You will not live, for you speak falsehood in the name of the Lord.’ And his father and his mother who bore him will stab him through when he is seized by the prophetic frenzy.
Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'.
4 And it will be in that day that the prophets will be ashamed, each of his vision, and will not wear the hairy mantle in order to deceive.
Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò.
5 Each will say, ‘I am not a prophet, a tiller of the ground am I, for the ground is my possession from my youth.’
Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay.
6 And they will say to him, ‘What are these scars on your back?’ And he will say, ‘The scars which I received in the house of my friends.’
Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'.
7 Awake, sword, against my shepherd, against the man who stands near to me, says the Lord of hosts. I will strike the shepherd so that the sheep may be scattered, I will turn my hand against the little ones.
Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
8 In all the land, says the Lord, two-thirds in it will be cut off and die, but a third will be left in it.
Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.
9 I will bring the third into the fire, and melt it as one melts silver, and test it as one tests gold. Then they will call on my name, and I myself will answer them. I will say, ‘They are my people.’ They will say, ‘The Lord is our God.’
Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.

< Zechariah 13 >