< Psalms 85 >

1 For the leader. Of the Korahites, a psalm. Once, Lord, you did favour your land, granting change of fortune to Jacob,
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a. Ou te restore kaptivite a Jacob la.
2 forgiving the guilt of your people, pardoning all their sin, (Selah)
Ou te padone inikite a pèp Ou a. Ou te kouvri tout peche yo.
3 withdrawing all your fury, turning from your hot anger.
Ou te retire tout gran kòlè Ou. Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.
4 Restore us, O God our saviour, put away your displeasure against us.
Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
5 Will you cherish your anger against us forever, prolonging your wrath to all generations?
Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
6 Will you not revive us again, that your people may be glad in you?
Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò? Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
7 Show us your kindness, O Lord, grant us your salvation.
Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
8 Let me hear what God the Lord will speak; for he will speak of peace to his people, to those who love him, and turn their hearts to him.
Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.
9 Soon those who fear him shall see how he saves, and glory shall live in our land.
Anverite, sekou Li toupre a (sila) ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
10 Kindness and loyalty meet; peace and righteousness kiss.
Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
11 Loyalty springs from the earth; righteousness looks from the sky.
Verite vòltije sòti nan latè, e Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
12 The Lord shall give all that is good, our land yielding its increase,
Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon, e peyi nou an va bay rekòlt li.
13 righteousness marching before him, and peace on the path he treads.
Ladwati va mache devan L. L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

< Psalms 85 >