< Psalms 19 >

1 For the leader. A psalm of David. The heavens declare God’s glory, the sky tells what his hands have done.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
2 Day tells it to day, night reveals it to night,
Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a.
3 without speaking, without words; without the sound of voices.
Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi.
4 But through all the world their voice carries their words to the ends of the earth. He has pitched a tent for the sun in the sky,
Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
5 it comes out like a bridegroom from his bridal chamber, it joyfully runs its course like a hero.
Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.
6 From one end of the heavens it rises, and round it runs to the other, and nothing hides from its heat.
Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
7 The law of the Lord is perfect, renewing life. The decrees of the Lord are trusty, making the simple wise.
Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
8 The behests of the Lord are right, rejoicing the heart. The command of the Lord is pure, giving light to the eyes.
Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
9 The fear of the Lord is clean, it endures forever. The Lord’s judgments are true and right altogether.
Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
10 More precious are they than gold – than fine gold in plenty, and sweeter they are than honey, that drops from the comb.
Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
11 By them is your servant warned; who keeps them has rich reward.
Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
12 Who can know their flaws? Absolve me from those I know not.
Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
13 Keep your servant from wilful sins – from falling under their sway: then blameless and clear will I be from great offence.
Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.
14 May the words of my mouth and the thoughts of my heart be pleasing to you, Lord, my rock and redeemer.
Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

< Psalms 19 >