< Jeremiah 51 >

1 Thus says Jehovah: "Look, I will raise up against Babylon, and against those who dwell in Lebkamai, a destroying wind.
Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo.
2 I will send to Babylon foreigners who shall winnow her; and they shall empty her land: for in the day of trouble they shall be against her around.
Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li.
3 Do not let him who bends the bow bend it; nor not let him rise up in his armor. And do not spare her young men; utterly destroy all her army.
Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.
4 They shall fall down slain in the land of the Chaldeans, and thrust through in her streets.
Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak.
5 "For Israel is not forsaken, nor Judah, of his God, of Jehovah of hosts; though their land is full of guilt against the Holy One of Israel.
Paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
6 Flee out of the midst of Babylon, and save every man his life; do not be cut off in her iniquity: for it is the time of Jehovah's vengeance; he will render to her a recompense.
Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.
7 Babylon has been a golden cup in Jehovah's hand, who made all the earth drunk: the nations have drunk of her wine; therefore the nations are mad.
Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
8 Babylon is suddenly fallen and destroyed: wail for her; take balm for her pain, if so be she may be healed.
Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.
9 'We would have healed Babylon, but she is not healed: forsake her, and let us go everyone into his own country; for her judgment reaches to heaven, and is lifted up even to the skies.'
Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
10 'Jehovah has brought forth our righteousness: come, and let us declare in Zion the work of Jehovah our God.'
Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè.
11 Make sharp the arrows; hold firm the shields: Jehovah has stirred up the spirit of the kings of the Medes; because his purpose is against Babylon, to destroy it: for it is the vengeance of Jehovah, the vengeance of his temple.
Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!
12 Set up a standard against the walls of Babylon, make the watch strong, set the watchmen, prepare the ambushes; for Jehovah has both purposed and done that which he spoke concerning the inhabitants of Babylon.
Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo.
13 You who dwell on many waters, abundant in treasures, your end has come, the measure of your covetousness.
Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a.
14 Jehovah of hosts has sworn by himself, saying, "Surely I will fill you with men, as with the canker worm; and they shall lift up a shout against you."
Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou.
15 He has made the earth by his power, he has established the world by his wisdom, and by his understanding has he stretched out the heavens.
Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
16 When he utters his voice, there is a tumult of waters in the heavens, and he causes the vapors to ascend from the farthest parts of the earth; he makes lightning for the rain, and brings forth the wind out of his treasuries.
Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.
17 Every man has become brutish without knowledge. Every goldsmith is disappointed by his image; for his molten image is falsehood, and there is no breath in them.
Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo.
18 They are vanity, a work of delusion: in the time of their visitation they shall perish.
Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
19 The portion of Jacob is not like these, for he is the maker of all things; and Israel is the tribe of his inheritance; Jehovah of hosts is his name.
Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
20 "You are my battle axe and weapons of war: and with you will I break in pieces the nations; and with you will I destroy kingdoms;
Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.
21 and with you will I break in pieces the horse and his rider; and with you will I break in pieces the chariot and its rider.
Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo. Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo ak tout moun ki t'ap mennen yo.
22 And with you will I break in pieces man and woman; and with you will I break in pieces the old man and the youth; and with you will I break in pieces the young man and the virgin;
Se avè ou mwen te kraze fanm kou gason, granmoun kou timoun, jenn gason kou jenn fi.
23 and with you will I break in pieces the shepherd and his flock; and with you will I break in pieces the farmer and his yoke; and with you will I break in pieces governors and deputies.
Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo.
24 I will render to Babylon and to all the inhabitants of Chaldea all their evil that they have done in Zion in your sight," says Jehovah.
Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.
25 "Look, I am against you, destroying mountain," says Jehovah, "which destroys all the earth; and I will stretch out my hand on you, and roll you down from the rocks, and will make you a burnt mountain.
Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
26 They shall not take of you a stone for a corner, nor a stone for foundations; but you shall be desolate for ever," says Jehovah.
Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
27 Set up a standard in the land, blow the trumpet among the nations, prepare the nations against her, call together against her the kingdoms of Ararat, Minni, and Ashkenaz: appoint a marshal against her; cause the horses to come up as the rough canker worm.
Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.
28 Prepare against her the nations, the kings of the Medes, its governors, and all its deputies, and all the land of their dominion.
Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo.
29 The land trembles and is in pain; for the purposes of Jehovah against Babylon do stand, to make the land of Babylon a desolation, without inhabitant.
Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
30 The mighty men of Babylon have forborne to fight, they remain in their strongholds; their might has failed; they are become as women: her dwelling places are set on fire; her bars are broken.
Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.
31 One runner will run to meet another, and one messenger to meet another, to show the king of Babylon that his city is taken on every quarter:
Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt.
32 and the passages are seized, and the reeds they have burned with fire, and the men of war are frightened.
Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.
33 For thus says Jehovah of hosts, the God of Israel: "The daughter of Babylon is like a threshing floor at the time when it is trodden; yet a little while, and the time of harvest shall come for her.
Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.
34 'Nebuchadnezzar the king of Babylon has devoured me, he has crushed me, he has made me an empty vessel, he has, like a monster, swallowed me up, he has filled his maw with my delicacies; he has cast me out.
Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.
35 The violence done to me and to my flesh be on Babylon,' shall the inhabitant of Zion say; and, 'My blood be on the inhabitants of Chaldea,' shall Jerusalem say.
Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a.
36 Therefore thus says Jehovah: "Look, I will plead your cause, and take vengeance for you; and I will dry up her sea, and make her fountain dry.
Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.
37 Babylon shall become heaps, a dwelling place for jackals, an astonishment, and a hissing, without inhabitant.
Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
38 They shall roar together like young lions; they shall growl as lions' cubs.
Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon.
39 When they are heated, I will make their feast, and I will make them drunk, that they may rejoice, and sleep a perpetual sleep, and not wake," says Jehovah.
Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò.
40 "I will bring them down like lambs to the slaughter, like rams with male goats.
M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
41 How is Sheshach taken, and the praise of the whole earth seized. How is Babylon become a desolation among the nations.
Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo.
42 The sea has come up on Babylon; she is covered with the multitude of its waves.
Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la.
43 Her cities are become a desolation, a dry land, and a desert, a land in which no man dwells, neither does any son of man pass thereby.
Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.
44 I will execute judgment on Bel in Babylon, and I will bring forth out of his mouth that which he has swallowed up; and the nations shall not flow any more to him: yes, the wall of Babylon shall fall."
M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe.
45 "My people, go away from the midst of her, and save yourselves every man from the fierce anger of Jehovah.
Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Seyè a move anpil sou lavil Babilòn.
46 Do not let your heart faint, neither fear for the news that shall be heard in the land; for news shall come one year, and after that in another year shall come news, and violence in the land, ruler against ruler.
Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak lanne yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè yo di se mechanste k'ap fèt nan peyi a, yon lòt lè yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pran pouvwa a.
47 Therefore look, the days come, that I will execute judgment on the engraved images of Babylon; and her whole land shall be confounded; and all her slain shall fall in the midst of her.
Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'.
48 Then the heavens and the earth, and all that is in them, shall sing for joy over Babylon; for the destroyers shall come to her from the north," says Jehovah.
Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa.
49 As Babylon has caused the slain of Israel to fall, so at Babylon shall fall the slain of all the land.
Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.
50 You who have escaped the sword, go, do not stand still; remember Jehovah from afar, and let Jerusalem come into your mind.
Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!
51 "We are confounded, because we have heard reproach; confusion has covered our faces: for strangers have come into the sanctuaries of Jehovah's house."
Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan.
52 "Therefore look, the days come," says Jehovah, "that I will execute judgment on her engraved images; and through all her land the wounded shall groan.
Enben, men sa Seyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn.
53 Though Babylon should mount up to the sky, and though she should fortify the height of her strength, yet from me shall destroyers come to her," says Jehovah.
Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
54 "The sound of a cry from Babylon, and of great destruction from the land of the Chaldeans."
Seyè a di ankò: -Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a.
55 For Jehovah lays Babylon waste, and destroys out of her the great voice; and their waves roar like many waters; the noise of their voice is uttered:
Se mwen menm Seyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l' pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l' sispann rele.
56 for the destroyer has come on her, even on Babylon, and her mighty men are taken, their bows are broken in pieces; for Jehovah is a God of recompenses, he will surely requite.
Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
57 "I will make drunk her officials and her wise men, her governors and her deputies, and her mighty men; and they shall sleep a perpetual sleep, and not wake up," says the King, whose name is Jehovah of hosts.
M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
58 Thus says Jehovah of hosts: "The broad walls of Babylon shall be utterly overthrown, and her high gates shall be burned with fire; and the peoples shall labor for vanity, and the nations for the fire; and they shall be weary."
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
59 The word which Jeremiah the prophet commanded Seraiah the son of Neriah, the son of Mahseiah, when he went with Zedekiah the king of Judah to Babylon in the fourth year of his reign. Now Seraiah was chief quartermaster.
Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja.
60 Jeremiah wrote in a scroll all the evil that should come on Babylon, even all these words that are written concerning Babylon.
Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.
61 Jeremiah said to Seraiah, "When you come to Babylon, then see that you read all these words,
Jeremi di Seraja konsa: -Lè w'a rive lavil Babilòn, pa bliye se pou ou li tou sa ki ekri nan liv la.
62 and say, 'Jehovah, you have spoken concerning this place, to cut it off, that none shall dwell in it, neither man nor animal, but that it shall be desolate forever.'
Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan!
63 It shall be, when you have made an end of reading this scroll, that you shall bind a stone to it, and cast it into the midst of the Perath:
Lè w'a fin li liv sa a, w'a mare l' sou yon wòch, w'a voye l' jete nan mitan larivyè Lefrat.
64 and you shall say, 'Thus shall Babylon sink, and shall not rise again because of the evil that I will bring on her; and they shall be weary.'" Thus far are the words of Jeremiah.
Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.

< Jeremiah 51 >