< 1 Samuel 28 >

1 And it came to pass in those days, that the Philistines gathered their armies together for warfare, to fight with Israel. And Achish said to David, Know you assuredly, that you shall go out with me to battle, you and your men.
Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.
2 And David said to Achish, Surely you shall know what your servant can do. And Achish said to David, Therefore will I make you keeper of my head for ever.
David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wè sa m' ka fè. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fè ou gad kò mwen pou tout tan.
3 Now Samuel was dead, and all Israel had lamented him, and buried him in Ramah, even in his own city. And Saul had put away those that had familiar spirits, and the wizards, out of the land.
Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo.
4 And the Philistines gathered themselves together, and came and pitched in Shunem: and Saul gathered all Israel together, and they pitched in Gilboa.
Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa.
5 And when Saul saw the host of the Philistines, he was afraid, and his heart greatly trembled.
Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li soti pè, kè l' pran bat byen fò.
6 And when Saul inquired of the LORD, the LORD answered him not, neither by dreams, nor by Urim, nor by prophets.
Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo.
7 Then said Saul to his servants, Seek me a woman that has a familiar spirit, that I may go to her, and inquire of her. And his servants said to him, Behold, there is a woman that has a familiar spirit at Endor.
Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò.
8 And Saul disguised himself, and put on other raiment, and he went, and two men with him, and they came to the woman by night: and he said, I pray you, divine to me by the familiar spirit, and bring me him up, whom I shall name to you.
Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'.
9 And the woman said to him, Behold, you know what Saul has done, how he has cut off those that have familiar spirits, and the wizards, out of the land: why then lay you a snare for my life, to cause me to die?
Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'?
10 And Saul swore to her by the LORD, saying, As the LORD lives, there shall no punishment happen to you for this thing.
Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a.
11 Then said the woman, Whom shall I bring up to you? And he said, Bring me up Samuel.
Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen.
12 And when the woman saw Samuel, she cried with a loud voice: and the woman spoke to Saul, saying, Why have you deceived me? for you are Saul.
Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil!
13 And the king said to her, Be not afraid: for what saw you? And the woman said to Saul, I saw gods ascending out of the earth.
Wa a di l': -Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: -Mwen wè yon lespri k'ap moute soti anba tè a.
14 And he said to her, What form is he of? And she said, An old man comes up; and he is covered with a mantle. And Saul perceived that it was Samuel, and he stooped with his face to the ground, and bowed himself.
Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.
15 And Samuel said to Saul, Why have you disquieted me, to bring me up? And Saul answered, I am sore distressed; for the Philistines make war against me, and God is departed from me, and answers me no more, neither by prophets, nor by dreams: therefore I have called you, that you may make known to me what I shall do.
Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.
16 Then said Samuel, Why then do you ask of me, seeing the LORD is departed from you, and is become your enemy?
Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa?
17 And the LORD has done to him, as he spoke by me: for the LORD has rent the kingdom out of your hand, and given it to your neighbor, even to David:
Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito.
18 Because you obeyed not the voice of the LORD, nor executed his fierce wrath on Amalek, therefore has the LORD done this thing to you this day.
Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a.
19 Moreover the LORD will also deliver Israel with you into the hand of the Philistines: and to morrow shall you and your sons be with me: the LORD also shall deliver the host of Israel into the hand of the Philistines.
Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo.
20 Then Saul fell straightway all along on the earth, and was sore afraid, because of the words of Samuel: and there was no strength in him; for he had eaten no bread all the day, nor all the night.
Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten.
21 And the woman came to Saul, and saw that he was sore troubled, and said to him, Behold, your handmaid has obeyed your voice, and I have put my life in my hand, and have listened to your words which you spoke to me.
Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a.
22 Now therefore, I pray you, listen you also to the voice of your handmaid, and let me set a morsel of bread before you; and eat, that you may have strength, when you go on your way.
Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou.
23 But he refused, and said, I will not eat. But his servants, together with the woman, compelled him; and he listened to their voice. So he arose from the earth, and sat on the bed.
Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan.
24 And the woman had a fat calf in the house; and she hurried, and killed it, and took flour, and kneaded it, and did bake unleavened bread thereof:
Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven.
25 And she brought it before Saul, and before his servants; and they did eat. Then they rose up, and went away that night.
Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.

< 1 Samuel 28 >