< Luke 22 >

1 Now the Festival of Unleavened Bread, also called the Passover, was approaching.
Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.
2 The chief priests and religious teachers were looking for a way to kill Jesus, but were afraid of what the people would do.
Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.
3 Satan entered into Judas, surnamed Iscariot, one of the twelve disciples.
Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.
4 He went and discussed with the chief priests and guard officers how he could betray Jesus.
Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.
5 They were delighted, and offered him money.
Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan.
6 He agreed, and began to look for an opportunity to hand over Jesus when a crowd would not be there.
Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.
7 The Day of Unleavened Bread arrived when the Passover lamb had to be sacrificed.
Jou fèt Pen san ledven an te rive; se jou sa a pou yo te touye ti mouton yo pou manje Delivrans lan.
8 Jesus sent Peter and John, telling them, “Go and prepare the Passover meal, so we can eat it together.”
Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo konsa: Ale pare manje Delivrans lan pou n' kapab manje li.
9 They asked him, “Where do you want us to prepare for it?”
Yo mande li: Ki bò ou ta vle nou pare li?
10 He replied, “When you enter the city you'll meet a man carrying a jar of water. Follow him and go into the house he enters.
Li di yo: Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo; swiv li jouk nan kay kote la antre a.
11 Tell the owner of the house that the Teacher asks you, ‘Where is the dining room where I can eat the Passover with my disciples?’
N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?
12 He'll show you a large upstairs room that already has the necessary furniture. Prepare the meal there.”
Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan.
13 They went and found that everything was just as he had told them, and they prepared the Passover meal there.
Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
14 When the time came, he sat down at the table with his apostles. He told them,
Lè lè a rive, Jezi chita bò tab la avèk apòt yo pou manje.
15 “I've been really looking forward to eating this Passover meal with you before my sufferings begin.
Li di yo: Mwen pa t' manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n' anvan m' al soufri.
16 I tell you I shall not eat it again until the time is fulfilled in the kingdom of God.”
Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l' ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.
17 Jesus took the cup, and after he had given thanks, he said, “Take this and share it among yourselves.
Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l' di: Men gode sa a, separe l' bay chak moun nan nou;
18 I tell you that I won't drink again of the fruit of the vine until the kingdom of God comes.”
paske, m'ap di nou sa, depi koulye a mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
19 He picked up some bread, and after he had given thanks, he broke it into pieces and gave it to them. “This is my body which is given for you; do this in order to remember me,” Jesus told them.
Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
20 In the same way after they had finished supper, he picked up the cup and said, “This cup is the new agreement in my blood which is poured out for you.”
Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.
21 “In spite of this, my betrayer is sitting right here with me at the table.
Men gade! Moun k'ap trayi m' lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!
22 For it has been determined that the Son of man will die, yet how disastrous it will be for his betrayer!”
Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l' la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l' la!
23 They began to argue among themselves as to who this might be and who could do this.
Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.
24 At the same time they also got into a quarrel about which of them was the most important.
Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo. Yo te vle konnen kilès nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.
25 Jesus told them, “Foreign kings lord it over their subjects, and those having power even want people to call them ‘benefactors.’
Jezi di yo: Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa.
26 But it should not be so with you! Whoever is highest among you should be like the lowest, and the leader should be like a servant.
Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, sak pi grannèg nan mitan nou an, se pou l' tankou pi piti a; sa k'ap kòmande a, se pou l' tankou sa k'ap sèvi a.
27 Who is greater—the one who sits at the table, or the one who serves? Isn't it the one who sits at the table? But I'm among you as the one who serves.
Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k'ap sèvi l' la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.
28 You have stayed with me throughout my trials.
Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.
29 And I grant to you authority to rule, just as my Father granted it to me,
Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.
30 so that you may eat and drink at my table in my kingdom, and sit on thrones judging the twelve tribes of Israel.”
N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
31 “Simon, Simon—Satan has asked to have all of you to sift like wheat,
Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l' pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen.
32 but I have prayed for you that your trust in me may not fail. And when you have returned, encourage your brothers.”
Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
33 Peter said, “Lord, I'm ready to go with you to prison, and to die with you!”
Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m' al nan prizon avè ou, pou m' mouri menm avè ou.
34 Jesus replied, “I'm telling you, Peter, before the cock crows today, you will deny three times that you know me.”
Jezi reponn li: Pyè, tande sa m'ap di ou: kòk p'ap gen tan chante jòdi a, w'ap di ou pa konnen m' pandan twa fwa.
35 Jesus asked them, “When I sent you out without money, without a bag, and without an extra pair of sandals, did you lack anything?” “No, nothing,” they replied.
Jezi di yo ankò: Lè m' te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t' manke anyen.
36 “But now, if you have money you should take it, as well as a bag, and if you don't have a sword, sell your cloak and buy one.
Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l' pran l'; sa ki gen manje se pou l' pran l' tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l' vann rad li pou l' achte yonn.
37 I tell you that this statement in Scripture about me must be fulfilled: ‘He was counted with the wicked.’ What was said about me is now being fulfilled.”
Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l' ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.
38 “Look, Lord, here are two swords,” they said. “That's enough,” he replied.
Disip yo di li: Mèt, men de nepe. Li di yo: Sa kont.
39 Jesus left and as usual went to the Mount of Olives together with his disciples.
Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l' te konn fè a. Disip yo swiv li.
40 When he arrived he said to them, “Pray that you don't give in to temptation.”
Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
41 Then he left them and walked about a stone's throw away, where he kneeled down and prayed.
Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.
42 “Father,” he prayed, “if you're willing, please take away this cup of suffering from me. But I want to do what you want, not what I want.”
Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou.
43 Then an angel appeared from heaven to strengthen him.
Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.
44 In great distress Jesus prayed even harder, and his sweat fell like drops of blood onto the ground.
Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.
45 He finished praying, stood up, and went over to the disciples. He found them asleep, worn out by grief.
Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
46 “Why are you sleeping?” he asked them. “Get up and pray so that you won't fall into temptation.”
Li di yo: Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
47 While he was still speaking, a crowd appeared led by Judas, one of the twelve disciples. Judas went up to Jesus to kiss him.
Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.
48 But Jesus asked him, “Judas, are you betraying the Son of man with a kiss?”
Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
49 Jesus' followers asked him, “Lord, should we attack them with our swords?”
Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sak t'apral rive, yo mande li: Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?
50 And one of them struck the high priest's servant, cutting off his right ear.
Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.
51 “Stop! No more of this!” said Jesus. He touched the man's ear and healed him.
Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.
52 Then Jesus spoke to the chief priests, and the officers of the Temple guard, and the elders. “Am I some kind of criminal that you had to come with swords and clubs?” he asked.
Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.
53 “You didn't arrest me before, even though I was with you in the Temple every day. But this is your moment now, the time when darkness is in power.”
Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
54 They arrested him and led him away, taking him to the chief priest's house. Peter followed at a distance.
Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.
55 They started a fire in the middle of the courtyard and sat down by it. Peter was there among them.
Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
56 As he sat there, a servant girl noticed him in the firelight, and stared directly at him and said,
Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a; li fiske je l' sou li, li di: Nonm sa a te avèk li tou.
57 “This man was with him.” But Peter denied it. “Woman, I don't know him!” he said.
Men, Pyè demanti l', li di: Madanm, mwen pa konnen li.
58 A little later someone else looked at him and said, “You're also one of them.” “No, I'm not!” Peter replied.
Yon kadè apre, yon lòt wè l', epi l' di: Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.
59 About an hour later, another person insisted, “I'm sure he was with him too—he's a Galilean.”
Apre yon bon ti moman, yon lòt di l' ankò: Men wi, nonm sa a te avè l'. Se moun Galile li ye.
60 “I've no idea what you're talking about!” Peter replied. Right then, while he was still speaking, the cock crowed. The Lord turned and looked at Peter.
Pyè reponn li: Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante.
61 And Peter remembered what the Lord had said, how he'd told him: “Before the cock crows today, you'll deny me three times.”
Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l': Jòdi a, kòk p'ap gen tan chante, w'ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.
62 Peter went out and wept bitterly.
Pyè soti, epi li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
63 The men guarding Jesus began to mock him and beat him.
Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou.
64 They put a blindfold on him, and then asked him, “If you can prophesy, tell us who hit you that time!”
Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?
65 and shouted many other insults at him.
Epi yo t'ap di l' anpil lòt jouman ankò.
66 Early in the morning the council of elders gathered together with the chief priests and religious teachers. Jesus was led before the council.
Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.
67 “If you really are the Messiah, then tell us,” they said. “Even if I were to tell you, you wouldn't believe me,” Jesus replied.
Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.
68 “And if I were to ask you a question, you wouldn't answer.
Si m' poze nou yon keksyon, nou p'ap vle reponn mwen.
69 But from now on the Son of man will sit at the right hand of the mighty God.”
Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.
70 They all asked, “So are you the son of God?” “You say that I am,” Jesus replied.
Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
71 “Why do we need any more witnesses?” they said. “We've heard it ourselves from his own mouth!”
Lè sa a yo di: Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fèk tande pawòl ki soti nan bouch li.

< Luke 22 >