< Numbers 20 >

1 And the children of Israel, the whole assembly, came into the wilderness of Zin, in the first month; and the people abode at Kadesh; and Miriam died there, and was buried there.
Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'.
2 And there was no water for the assembly, and they gathered themselves together against Moses and against Aaron.
Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo.
3 And the people contended with Moses, and spoke, saying, Would that we had died when our brethren died before Jehovah!
Pèp la fè kont ak Moyiz, yo di l' konsa: -Pa pito nou te mouri devan lotèl Seyè a ansanm ak lòt frè nou yo!
4 And why have ye brought the congregation of Jehovah into this wilderness, that we should die there, we and our beasts?
Poukisa ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Seyè a, ansanm ak tou bèt nou yo?
5 And why have ye made us to go up out of Egypt, to bring us to this evil place? it is no place of seed, or of figs, or of vines, or of pomegranates, neither is there any water to drink.
Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye rezen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè!
6 And Moses and Aaron went from before the congregation to the entrance of the tent of meeting, and fell upon their faces; and the glory of Jehovah appeared to them.
Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y' ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo.
7 And Jehovah spoke to Moses, saying,
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
8 Take the staff, and gather the assembly together, thou, and Aaron thy brother, and speak ye unto the rock before their eyes, and it shall give its water; and thou shalt bring forth to them water out of the rock, and shalt give the assembly and their beasts drink.
-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.
9 And Moses took the staff from before Jehovah, as he had commanded him.
Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Seyè a te ba li lòd la.
10 And Moses and Aaron gathered the congregation together before the rock, and he said to them, Hear now, ye rebels: shall we bring forth to you water out of this rock?
Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?
11 And Moses lifted up his hand, and with his staff smote the rock twice, and much water came out, and the assembly drank, and their beasts.
Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
12 And Jehovah said to Moses and to Aaron, Because ye believed me not, to hallow me before the eyes of the children of Israel, therefore ye shall not bring this congregation into the land that I have given them.
Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.
13 These are the waters of Meribah, where the children of Israel contended with Jehovah, and he hallowed himself in them.
Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Seyè a. Se la Seyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.
14 And Moses sent messengers from Kadesh to the king of Edom, Thus says thy brother Israel: Thou knowest all the trouble that hath befallen us,
Moyiz rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l' konsa: -Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase.
15 how our fathers went down to Egypt, and we dwelt in Egypt a long time, and the Egyptians evil entreated us and our fathers;
Ou konnen ki jan zansèt nou yo te desann al rete nan peyi Lejip pandan lontan, ki jan moun peyi sa a tonbe maltrete nou menm jan yo te maltrete zansèt nou yo.
16 and when we cried to Jehovah, he heard our voice, and sent an angel, and brought us forth out of Egypt; and behold, we are at Kadesh, a city at the extremity of thy border.
Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la.
17 Let us pass, I pray thee, through thy country; we will not pass through fields, or through vineyards, neither will we drink water out of the wells: we will go by the king's road; we will not turn to the right hand nor to the left, until we have passed thy border.
Tanpri, n'ap mande ou yon ti pèmisyon pou nou pase ase nan mitan peyi ou la. Nou p'ap kite wout nou pou n' pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata dlo nan pi ou yo nou p'ap bwè. Nou p'ap kite gran chemen w'a moutre nou an, nou p'ap vire ni adwat ni agoch, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi a.
18 But Edom said to him, Thou shalt not pass by me, lest I come out against thee with the sword.
Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou.
19 And the children of Israel said to him, We will go by the high way; and if we drink of thy water, I and my cattle, then I will pay for it: I will only, without anything else, go through on my feet.
Men, moun pèp Izrayèl yo voye di l' ankò: -Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay!
20 And he said, Thou shalt not go through. And Edom came out against him with much people, and with a strong hand.
Men, wa Edon an voye di yo ankò: -Non! Nou p'ap pase menm! Epi li soti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo.
21 Thus Edom refused to give Israel passage through his territory; and Israel turned away from him.
Se konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout.
22 And they removed from Kadesh; and the children of Israel, the whole assembly, came to mount Hor.
Tout moun pèp Izrayèl yo kite Kadès, yo rive sou Mòn Or la,
23 And Jehovah spoke to Moses and to Aaron in mount Hor, on the border of the land of Edom, saying,
ki te toupre fwontyè peyi Edon an. Antan yo la, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
24 Aaron shall be gathered unto his peoples; for he shall not enter into the land that I have given unto the children of Israel, because ye rebelled against my commandment at the waters of Meribah.
-Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.
25 Take Aaron and Eleazar his son, and bring them up unto mount Hor,
Pran Arawon ak Eleaza, pitit gason l' lan, moute sou mòn Or la ak yo.
26 and strip Aaron of his garments, and put them upon Eleazar his son; and Aaron shall be gathered [to his peoples], and shall die there.
W'a wete rad espesyal ki sou Arawon yo, w'a mete yo sou Eleaza, pitit gason l' lan. Se la sou mòn lan Arawon pral mouri.
27 And Moses did as Jehovah had commanded, and they went up mount Hor before the eyes of the whole assembly.
Moyiz fè tou sa Seyè a te mande l' fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la.
28 And Moses stripped Aaron of his garments, and put them upon Eleazar his son; and Aaron died there upon the top of the mountain; and Moses and Eleazar came down from the mountain.
Lèfini, Moyiz wete rad espesyal ki te sou Arawon yo, li mete yo sou Eleaza, pitit gason Arawon an. Se la sou tèt mòn lan Arawon mouri. Apre sa, Moyiz ak Eleaza desann desann yo sou mòn lan.
29 And the whole assembly saw that Aaron was dead, and they mourned for Aaron thirty days, [even] the whole house of Israel.
Tout pèp la vin konnen Arawon te mouri. Se konsa tout moun nan pèp Izrayèl la pase trant jou ap kriye pou Arawon.

< Numbers 20 >