< Joshua 8 >

1 And Jehovah said to Joshua, Fear not, neither be dismayed. Take with thee all the people of war, and arise, go up to Ai. See, I have given into thy hand the king of Ai, and his people, and his city, and his land.
Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.
2 And thou shalt do to Ai and to its king as thou didst to Jericho and to its king; only, the spoil thereof and the cattle thereof shall ye take as prey for yourselves. Set an ambush against the city behind it.
Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè.
3 And Joshua arose, and all the people of war, to go up to Ai. And Joshua chose thirty thousand valiant men, and sent them away by night.
Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (30.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit.
4 And he commanded them, saying, See, ye shall be in ambush against the city, behind the city: go not very far from the city, and be all of you ready.
Men lòd li ba yo: -Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake.
5 And I and all the people that are with me will approach to the city; and it shall come to pass when they come out against us, as at the first, that we will flee before them.
Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m' yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo soti vin fè fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l' anvan an.
6 And they will come out after us till we have drawn them from the city; for they will say, They flee before us, as at the first; and we will flee before them.
Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a.
7 And ye shall rise up from the ambush and take possession of the city; and Jehovah your God will deliver it into your hand.
Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a soti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Seyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou.
8 And it shall be when ye have taken the city, that ye shall set the city on fire; according to the word of Jehovah shall ye do. See, I have commanded you.
Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l' jan Seyè a te mande l' la. Men lòd mwen ban nou.
9 And Joshua sent them forth; and they went to lie in ambush, and abode between Bethel and Ai, on the west of Ai. And Joshua lodged that night among the people.
Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.
10 And Joshua rose early in the morning, and inspected the people, and went up, he and the elders of Israel, before the people to Ai.
Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo.
11 And all the people of war that were with him went up, and drew near, and came before the city; and they encamped on the north of Ai; and the valley was between them and Ai.
Sòlda ki te avè l' yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a.
12 Now he had taken about five thousand men, and set them in ambush between Bethel and Ai, on the west of the city.
Jozye pran senkmil (5.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl.
13 And when they had set the people, the whole camp on the north of the city, and their ambush on the west of the city, Joshua went that night into the midst of the valley.
Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an.
14 And it came to pass when the king of Ai saw it, that the men of the city hasted and rose early, and went out against Israel to battle, he and all his people, at the appointed place before the plain. But he knew not that there was an ambush against him behind the city.
Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè.
15 And Joshua and all Israel let themselves be beaten before them; and they fled by the way of the wilderness.
Jozye ak moun pa l' yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a.
16 And all the people that were in the city were called together to pursue after them; and they pursued after Joshua, and were drawn away from the city.
Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè.
17 And not a man remained in Ai and Bethel that went not out after Israel; and they left the city open, and pursued after Israel.
Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li.
18 And Jehovah said to Joshua, Stretch out the javelin that is in thy hand toward Ai; for I will give it into thy hand. And Joshua stretched out the javelin that he had in his hand toward the city.
Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la.
19 And the ambush arose quickly from their place, and they ran when he stretched out his hand, and came into the city, and took it, and hasted and set the city on fire.
Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kò yo soti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'.
20 And the men of Ai turned and saw, and behold, the smoke of the city went up to heaven, and they had no power to flee this way or that way; and the people that fled to the wilderness turned upon the pursuers.
Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.
21 When Joshua and all Israel saw that the ambush had taken the city, and that the smoke of the city went up, they turned again, and slew the men of Ai.
Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo.
22 And the others went out of the city against them; so they were in the midst of Israel, some on this side, and some on that side; and they smote them, until they let none of them escape or flee away.
Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,
23 And the king of Ai they took alive, and brought him to Joshua.
esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.
24 And it came to pass when Israel had ended slaying all the inhabitants of Ai in the field, in the wilderness wherein they had chased them, and they had all fallen by the edge of the sword, until they were consumed, that all Israel returned to Ai, and smote it with the edge of the sword.
Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'.
25 And so it was, that all who fell that day, men as well as women, were twelve thousand, all the people of Ai.
Jou sa a, yo touye douzmil (12000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.
26 And Joshua did not draw back his hand, which he had stretched out with the javelin, until they had utterly destroyed all the inhabitants of Ai.
Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a.
27 Only, the cattle and the spoil of the city Israel took as prey to themselves, according to the word of Jehovah which he had commanded Joshua.
Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la.
28 And Joshua burned Ai, and made it an everlasting heap of desolation to this day.
Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.
29 And the king of Ai he hanged on a tree until the evening; and at the going down of the sun Joshua commanded, and they took his carcase down from the tree, and threw it down at the entrance of the gate of the city, and raised upon it a great heap of stones, [which remains] to this day.
Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.
30 Then Joshua built an altar to Jehovah the God of Israel, in mount Ebal,
Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal.
31 as Moses the servant of Jehovah had commanded the children of Israel, as it is written in the book of the law of Moses, an altar of whole stones, over which iron had not been lifted up. And they offered up burnt-offerings on it to Jehovah, and sacrificed peace-offerings.
Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon.
32 And he wrote there on the stones a copy of the law of Moses, which he had written before the children of Israel.
Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l' sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la.
33 And all Israel, and their elders, and their officers and judges, stood on this side and on that side of the ark before the priests the Levites, who bore the ark of the covenant of Jehovah, as well the stranger as the home-born [Israelite]; half of them toward mount Gerizim, and the other half of them toward mount Ebal; as Moses the servant of Jehovah had commanded, that they should bless the people of Israel, in the beginning.
Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.
34 And afterwards he read all the words of the law, the blessing and the curse, according to all that is written in the book of the law.
Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.
35 There was not a word of all that Moses had commanded which Joshua read not before the whole congregation of Israel, and the women, and the children, and the strangers that lived among them.
Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

< Joshua 8 >