< Isaiah 60 >

1 Arise, shine! for thy light is come, and the glory of Jehovah is risen upon thee.
Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
2 For behold, darkness shall cover the earth, and gross darkness the peoples; but Jehovah will arise upon thee, and his glory shall be seen on thee.
Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
3 And the nations shall walk by thy light, and kings by the brightness of thy rising.
Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.
4 Lift up thine eyes round about, and see: all they gather themselves together, they come to thee: thy sons come from afar, and thy daughters are carried upon the side.
Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.
5 Then thou shalt see, and shalt be brightened, and thy heart shall throb, and be enlarged; for the abundance of the sea shall be turned unto thee, the wealth of the nations shall come unto thee.
Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.
6 A multitude of camels shall cover thee, young camels of Midian and Ephah; all they from Sheba shall come: they shall bring gold and incense; and they shall publish the praises of Jehovah.
Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.
7 All the flocks of Kedar shall be gathered unto thee, the rams of Nebaioth shall serve thee: they shall come up with acceptance on mine altar, and I will beautify the house of my magnificence.
Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.
8 Who are these that come flying as a cloud, and as doves to their dove-cotes?
Ki tout moun sa yo? Y'ap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo?
9 For the isles shall await me, and the ships of Tarshish first, to bring thy sons from afar, their silver and their gold with them, unto the name of Jehovah thy God, and to the Holy One of Israel, for he hath glorified thee.
Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.
10 And the sons of the alien shall build up thy walls, and their kings shall minister unto thee. For in my wrath I smote thee, but in my favour have I had mercy on thee.
Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.
11 And thy gates shall stand open continually: (they shall not be shut day nor night, ) that the wealth of the nations may be brought unto thee, and that their kings may be led [to thee].
Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou.
12 For the nation and the kingdom that will not serve thee shall perish; and those nations shall be utterly wasted.
Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.
13 The glory of Lebanon shall come unto thee, the cypress, pine, and box-tree together, to beautify the place of my sanctuary; and I will make the place of my feet glorious.
Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.
14 And the children of them that afflicted thee shall come bending unto thee; and all they that despised thee shall bow themselves down at the soles of thy feet; and they shall call thee The city of Jehovah, the Zion of the Holy One of Israel.
Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
15 Instead of thy being forsaken and hated, so that no one went through [thee], I will make thee an eternal excellency, a joy from generation to generation.
Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.
16 And thou shalt suck the milk of the nations, and shalt suck the breast of kings; and thou shalt know that I, Jehovah, [am] thy Saviour and thy Redeemer, the Mighty One of Jacob.
Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.
17 For bronze I will bring gold, and for iron I will bring silver, and for wood bronze, and for stones iron; and I will make thine officers peace, and thy rulers righteousness.
M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
18 Violence shall no more be heard in thy land, wasting nor destruction within thy borders; but thou shalt call thy walls Salvation, and thy gates Praise.
Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
19 The sun shall be no more thy light by day, neither for brightness shall the moon give light unto thee; but Jehovah shall be thine everlasting light, and thy God thy glory.
Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
20 Thy sun shall no more go down, neither shall thy moon withdraw itself; for Jehovah shall be thine everlasting light, and the days of thy mourning shall be ended.
Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.
21 Thy people also shall be all righteous: they shall possess the land for ever — the branch of my planting, the work of my hands, that I may be glorified.
Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
22 The little one shall become a thousand, and the smallest a mighty nation: I, Jehovah, will hasten it in its time.
Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.

< Isaiah 60 >