< Genesis 45 >

1 And Joseph could not control himself before all them that stood by him, and he cried, Put every man out from me! And no man stood with him when Joseph made himself known to his brethren.
Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li.
2 And he raised his voice in weeping; and the Egyptians heard, and the house of Pharaoh heard.
Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an.
3 And Joseph said to his brethren, I am Joseph. Does my father yet live? And his brethren could not answer him, for they were troubled at his presence.
Jozèf di frè l' yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m' vivan toujou? Men frè l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l' devan yo.
4 And Joseph said to his brethren, Come near to me, I pray you. And they came near. And he said, I am Joseph your brother, whom ye sold into Egypt.
Jozèf di frè l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.
5 And now, be not grieved, and be not angry with yourselves, that ye sold me hither, for God sent me before you to preserve life.
Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.
6 For the famine has been these two years in the land; and yet there are five years in which there will be neither ploughing nor harvest.
Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.
7 So God sent me before you to preserve you a remnant in the earth, and to save you alive by a great deliverance.
Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.
8 And now it was not you [that] sent me here, but God; and he has made me a father to Pharaoh, and lord of all his house, and governor over all the land of Egypt.
Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la.
9 Haste and go up to my father, and say to him, Thus says thy son Joseph: God has made me lord of all Egypt; come down to me, tarry not.
Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.
10 And thou shalt dwell in the land of Goshen, and thou shalt be near to me, thou, and thy sons, and thy sons' sons, and thy sheep, and thy cattle, and all that thou hast.
Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.
11 And there will I maintain thee; for yet there are five years of famine; in order that thou be not impoverished, thou, and thy household, and all that thou hast.
Lè wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò.
12 And behold, your eyes see, and the eyes of my brother Benjamin, that it is my mouth which speaks to you.
Koulye a, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m' lan, wè tout se mwen menm menm Jozèf k'ap pale ak nou an.
13 And tell my father of all my glory in Egypt, and of all that ye have seen, and haste and bring down my father hither.
Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la.
14 And he fell on his brother Benjamin's neck, and wept; and Benjamin wept on his neck.
Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.
15 And he kissed all his brethren, and wept upon them; and after that his brethren talked with him.
Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li.
16 And the report was heard in Pharaoh's house, saying, Joseph's brethren are come. And it was good in the eyes of Pharaoh, and in the eyes of his bondmen.
Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan.
17 And Pharaoh said to Joseph, Say to thy brethren, Do this: load your beasts and depart, go into the land of Canaan,
Farawon an di Jozèf konsa: -Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran.
18 and take your father and your households, and come to me; and I will give you the good of the land of Egypt, and ye shall eat the fat of the land.
Lè y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. m'a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a.
19 And thou art commanded — this do: take waggons out of the land of Egypt for your little ones and for your wives, and take up your father, and come.
Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.
20 And let not your eye regret your stuff; for the good of all the land of Egypt shall be yours.
Yo pa bezwen règrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo.
21 And the sons of Israel did so; and Joseph gave them waggons, according to the commandment of Pharaoh, and gave them provision for the way.
Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la.
22 To each one of them all he gave changes of clothing; but to Benjamin he gave three hundred [pieces] of silver and five changes of clothing.
Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan (300) pyès lajan ak senk rad nèf.
23 And to his father he sent this: ten asses laden with the good things of Egypt, and ten she-asses laden with corn and bread, and food for his father by the way.
Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l' pou l' ka fè vwayaj la.
24 And he sent his brethren away, and they departed. And he said to them, Do not quarrel on the way.
Lè l'ap voye frè l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande.
25 And they went up out of Egypt, and came into the land of Canaan to Jacob their father.
Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo.
26 And they told him, saying, Joseph is still alive, and he is governor over all the land of Egypt. And his heart fainted, for he did not believe them.
Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo.
27 And they spoke to him all the words of Joseph, which he had spoken to them. And he saw the waggons that Joseph had sent to carry him. And the spirit of Jacob their father revived.
Men, lè yo rakonte l' tout sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l' te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l'.
28 And Israel said, It is enough: Joseph my son is yet alive; I will go and see him before I die.
Li di yo: -Se kont. Jozèf, pitit mwen an, vivan toujou. Fòk m ale pou m' ka wè l' anvan m' mouri.

< Genesis 45 >