< Judges 4 >

1 But after the death of Ehud, the sons of Israel resumed doing evil in the sight of the Lord.
Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a.
2 And the Lord delivered them into the hands of Jabin, the king of Canaan, who reigned at Hazor. And he had a commander of his army named Sisera, but this man lived at Harosheth of the Gentiles.
Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim.
3 And the sons of Israel cried out to the Lord. For he had nine hundred chariots with scythes, and he vehemently oppressed them for twenty years.
Li te gen nèfsan (900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.
4 Now there was a prophetess, Deborah, the wife of Lappidoth, who judged the people in that time.
Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.
5 And she was sitting under a palm tree, which was called by her name, between Ramah and Bethel, on Mount Ephraim. And the sons of Israel went up to her for every judgment.
Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.
6 And she sent and called Barak, the son of Abinoam, from Kedesh of Naphtali. And she said to him: “The Lord, the God of Israel, instructs you: ‘Go and lead an army to Mount Tabor, and you shall take with you ten thousand fighting men from the sons of Naphtali and from the sons of Zebulun.
Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou.
7 Then I will lead to you, at the place of the torrent Kishon, Sisera, the leader of the army of Jabin, with his chariots and the entire multitude. And I will deliver them into your hand.’”
M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou.
8 And Barak said to her: “If you will come with me, I will go. If you are not willing to come with me, I will not go.”
Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.
9 She said to him: “Indeed, I will go with you. But due to this change, the victory shall not be reputed to you. And so Sisera will be delivered into the hand of a woman.” Therefore, Deborah rose up, and she traveled with Barak to Kedesh.
Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
10 And he, summoning Zebulun and Naphtali, ascended with ten thousand fighting men, having Deborah in his company.
Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.
11 Now Heber, the Kenite, had previously withdrawn from the rest of the Kenites, his brothers, the sons of Hobab, the relative of Moses. And he had pitched his tents as far as the valley that is called Zaanannim, which was near Kedesh.
Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.
12 And it was reported to Sisera that Barak, the son of Abinoam, had ascended to Mount Tabor.
Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
13 And he gathered together the nine hundred chariots with scythes, and the entire army, from Harosheth of the Gentiles to the torrent Kishon.
Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
14 And Deborah said to Barak: “Rise up. For this is the day on which the Lord delivers Sisera into your hands. For he is your commander.” And so, Barak descended from Mount Tabor, and the ten thousand fighting men with him.
Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'.
15 And the Lord struck Sisera with great fear, and all his chariots and all his multitude with the edge of the sword, in the sight of Barak, so much so that Sisera, leaping from his chariot, fled on foot.
Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!
16 And Barak pursued the fleeing chariots, and the army, as far as Harosheth of the Gentiles. And the entire multitude of the enemy was cut down, unto utter annihilation.
Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.
17 But Sisera, while fleeing, arrived at the tent of Jael, the wife of Heber, the Kenite. For there was peace between Jabin, the king of Hazor, and the house of Heber, the Kenite.
Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.
18 Therefore, Jael went out to meet Sisera, and she said to him: “Enter to me, my lord. Enter, you should not be afraid.” And he entered her tent, and having been covered by her with a cloak,
Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra.
19 he said to her: “Give me, I beg you, a little water. For I am very thirsty.” And she opened a bottle of milk, and she gave him to drink. And she covered him.
Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò.
20 And Sisera said to her: “Stand before the door of the tent. And if anyone arrives, questioning you and saying, ‘Could there be any man here?’ you shall respond, ‘There is no one.’”
Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn.
21 And so Jael, the wife of Heber, took a spike from the tent, and also took a mallet. And entering unseen and with silence, she placed the spike over the temple of his head. And striking it with the mallet, she drove it through his brain, as far as the ground. And so, joining deep sleep to death, he fell unconscious and died.
Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.
22 And behold, Barak arrived, in pursuit of Sisera. And Jael, going out to meet him, said to him, “Come, and I will show you the man whom you are seeking.” And when he had entered her tent, he saw Sisera lying dead, with the spike fixed in his temples.
Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
23 Thus did God humble Jabin, the king of Canaan, on that day, before the sons of Israel.
Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.
24 And they increased every day. And with a strong hand they overpowered Jabin, the king of Canaan, until they wiped him out.
Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l'.

< Judges 4 >