< Numbers 16 >

1 Now Korah, the son of Izhar, the son of Kohath, the son of Levi, with Dathan and Abiram, the sons of Eliab, and On, the son of Peleth, sons of Reuben, took,
Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn.
2 and they rose up before Moses, with certain of the sons of Israel, two hundred and fifty rulers of the congregation, called to the assembly, men of renown,
Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.
3 and they assembled themselves together against Moses and against Aaron, and said to them, Ye take too much upon you, since all the congregation are holy, every one of them, and Jehovah is among them. Why then do ye lift up yourselves above the assembly of Jehovah?
Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?
4 And when Moses heard it, he fell upon his face.
Lè Moyiz tande sa, li lage kò l' atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l' yo konsa:
5 And he spoke to Korah and to all his company, saying, In the morning Jehovah will show who are his, and who is holy, and will cause him to come near to him, even him whom he shall choose will he cause to come near to him.
-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
6 This do: Take you censers, Korah, and all his company,
Men sa pou n' fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife.
7 and put fire in them, and put incense upon them before Jehovah tomorrow. And it shall be that the man whom Jehovah chooses, he is holy. Ye take too much upon you, ye sons of Levi.
Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l' la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotèl Seyè a. Konsa, moun Seyè a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou l' a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen koulye a!
8 And Moses said to Korah, Hear now, ye sons of Levi.
Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo!
9 Is it a small thing to you, that the God of Israel has separated you from the congregation of Israel, to bring you near to himself, to do the service of the tabernacle of Jehovah, and to stand before the congregation to minister to them,
Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
10 and that he has brought thee near, and all thy brothers the sons of Levi with thee? And ye seek the priesthood also?
Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!
11 Therefore thou and all thy company are gathered together against Jehovah. And Aaron, what is he that ye murmur against him?
Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
12 And Moses sent to call Dathan and Abiram, the sons of Eliab. And they said, We will not come up.
Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p'ap vini.
13 Is it a small thing that thou have brought us up out of a land flowing with milk and honey, to kill us in the wilderness, but thou must make thyself also a ruler over us?
Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
14 Moreover thou have not brought us into a land flowing with milk and honey, nor given us inheritance of fields and vineyards. Will thou put out the eyes of these men? We will not come up.
Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini.
15 And Moses was very angry, and said to Jehovah, Do not respect thou their offering. I have not taken one donkey from them, neither have I hurt one of them.
Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.
16 And Moses said to Korah, Be thou and all thy company before Jehovah, thou, and they, and Aaron, tomorrow.
Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotèl Seyè a. Arawon va la tou.
17 And take ye every man his censer, and put incense upon them, and bring ye before Jehovah every man his censer, two hundred and fifty censers, thou also, and Aaron, each his censer.
Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l', epi y'a pote recho yo devan Seyè a. Sa va fè desansenkant (250) recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou.
18 And they took every man his censer, and put fire in them, and laid incense on it, and stood at the door of the tent of meeting with Moses and Aaron.
Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l', yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon.
19 And Korah assembled all the congregation against them to the door of the tent of meeting. And the glory of Jehovah appeared to all the congregation.
Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.
20 And Jehovah spoke to Moses and to Aaron, saying,
Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
21 Separate yourselves from among this congregation, that I may consume them in a moment.
-Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a.
22 And they fell upon their faces, and said, O God, the God of the spirits of all flesh, shall one man sin, and will thou be angry with all the congregation?
Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
23 And Jehovah spoke to Moses, saying,
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
24 Speak to the congregation, saying, Get you up from about the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram.
-Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a.
25 And Moses rose up and went to Dathan and Abiram, and the elders of Israel followed him.
Moyiz leve, l' al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l' tou.
26 And he spoke to the congregation, saying, Depart, I pray you, from the tents of these wicked men, and touch nothing of theirs, lest ye be consumed in all their sins.
Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a.
27 So they got up from the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram, on every side. And Dathan and Abiram came out, and stood at the door of their tents, and their wives, and their sons, and their little ones.
Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
28 And Moses said, Hereby ye shall know that Jehovah has sent me to do all these works, for it is not of my own mind.
Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m' fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo.
29 If these men die the common death of all men, or if they be visited after the visitation of all men, then Jehovah has not sent me.
Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m'.
30 But if Jehovah makes a new thing, and the ground opens its mouth, and swallows them up, with all that pertains to them, and they go down alive into Sheol, then ye shall understand that these men have despised Jehovah. (Sheol h7585)
Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa. (Sheol h7585)
31 And it came to pass, as he made an end of speaking all these words, that the ground split asunder that was under them,
Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram.
32 and the earth opened its mouth, and swallowed them up, and their households, and all the men that pertained to Korah, and all their goods.
Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.
33 So they, and all that pertained to them, went down alive into Sheol. And the earth closed upon them, and they perished from among the assembly. (Sheol h7585)
Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la. (Sheol h7585)
34 And all Israel that were round about them fled at the cry of them, for they said, Lest the earth swallow us up.
Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
35 And fire came forth from Jehovah, and devoured the two hundred and fifty men who offered the incense.
Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.
36 And Jehovah spoke to Moses, saying,
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
37 Speak to Eleazar the son of Aaron the priest, that he take up the censers out of the burning, and scatter thou the fire yonder, for they are holy,
-Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l' ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen.
38 even the censers of these sinners against their own lives, and let them be made beaten plates for a covering of the altar, for they offered them before Jehovah, therefore they are holy, and they shall be a sign to the sons of Israel.
Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.
39 And Eleazar the priest took the brazen censers, which those who were burnt had offered, and they beat them out for a covering of the altar,
Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la
40 to be a memorial to the sons of Israel, to the end that no stranger, who is not of the seed of Aaron, come near to burn incense before Jehovah, that he not be as Korah, and as his company, as Jehovah spoke to him by Moses.
pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
41 But on the morrow all the congregation of the sons of Israel murmured against Moses and against Aaron, saying, Ye have killed the people of Jehovah.
Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa.
42 And it came to pass, when the congregation was assembled against Moses and against Aaron, that they looked toward the tent of meeting, and, behold, the cloud covered it, and the glory of Jehovah appeared.
Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè.
43 And Moses and Aaron came to the front of the tent of meeting.
Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.
44 And Jehovah spoke to Moses, saying,
Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
45 Get you up from among this congregation, that I may consume them in a moment. And they fell upon their faces.
-Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè.
46 And Moses said to Aaron, Take thy censer, and put fire in it from off the altar, and lay incense on it, and carry it quickly to the congregation, and make atonement for them, for there is wrath gone out from Jehovah. The plague has begun.
Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja.
47 And Aaron took as Moses spoke, and ran into the midst of the assembly. And, behold, the plague had begun among the people. And he put on the incense, and made atonement for the people.
Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l' fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo.
48 And he stood between the dead and the living, and the plague was stopped.
Se konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò.
49 Now those who died by the plague were fourteen thousand and seven hundred, besides those who died about the matter of Korah.
Te gen katòzmil sètsan moun (14.700) antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.
50 And Aaron returned to Moses to the door of the tent of meeting, and the plague was stopped.
Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

< Numbers 16 >