< 詩篇 62 >

1 大衛的詩,照耶杜頓的作法,交與伶長。 我的心默默無聲,專等候上帝; 我的救恩是從他而來。
Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
2 惟獨他是我的磐石,我的拯救; 他是我的高臺,我必不很動搖。
Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
3 你們大家攻擊一人,把他毀壞, 如同毀壞歪斜的牆、將倒的壁,要到幾時呢?
Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
4 他們彼此商議,專要從他的尊位上把他推下; 他們喜愛謊話,口雖祝福,心卻咒詛。 (細拉)
Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
5 我的心哪,你當默默無聲,專等候上帝, 因為我的盼望是從他而來。
Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
6 惟獨他是我的磐石,我的拯救; 他是我的高臺,我必不動搖。
Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.
7 我的拯救、我的榮耀都在乎上帝; 我力量的磐石、我的避難所都在乎上帝。
Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
8 你們眾民當時時倚靠他, 在他面前傾心吐意; 上帝是我們的避難所。 (細拉)
Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
9 下流人真是虛空; 上流人也是虛假; 放在天平裏就必浮起; 他們一共比空氣還輕。
Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
10 不要仗勢欺人, 也不要因搶奪而驕傲; 若財寶加增,不要放在心上。
Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
11 上帝說了一次、兩次,我都聽見: 就是能力都屬乎上帝。
An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.
12 主啊,慈愛也是屬乎你, 因為你照着各人所行的報應他。
Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

< 詩篇 62 >