< 约伯记 14 >
Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.
Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'?
4 谁能使洁净之物出于污秽之中呢? 无论谁也不能!
Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.
5 人的日子既然限定, 他的月数在你那里, 你也派定他的界限,使他不能越过,
Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.
6 便求你转眼不看他,使他得歇息, 直等他像雇工人完毕他的日子。
Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.
Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.
Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,
9 及至得了水气,还要发芽, 又长枝条,像新栽的树一样。
depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.
Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.
12 人也是如此,躺下不再起来, 等到天没有了,仍不得复醒, 也不得从睡中唤醒。
Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.
13 惟愿你把我藏在阴间, 存于隐密处,等你的忿怒过去; 愿你为我定了日期,记念我。 (Sheol )
Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò. (Sheol )
14 人若死了岂能再活呢? 我只要在我一切争战的日子, 等我被释放的时候来到。
Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
16 但如今你数点我的脚步, 岂不窥察我的罪过吗?
Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal.
Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.
19 水流消磨石头, 所流溢的洗去地上的尘土; 你也照样灭绝人的指望。
Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.
20 你攻击人常常得胜,使他去世; 你改变他的容貌,叫他往而不回。
Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
21 他儿子得尊荣,他也不知道, 降为卑,他也不觉得。
Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!