< 阿摩司書 9 >

1 [神視五:號上主消滅惡人無一倖免]我看見吾主站在祭壇旁,擊打柱帽,門限震動。衪說:「我要砍下他們眾人的頭,剩下的要用刀殺盡;他們中一個也逃不了,一個也不能幸免生存。
Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.
2 既使鑽入陰府,我的手必從那裏將他們揪出;既使飛上高天,我也必從那裏將他們拉下; (Sheol h7585)
Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann. (Sheol h7585)
3 既使藏在加爾默耳山頂,我必去搜尋,從那裏逮回;既使避開我的眼目逃入海底,我也必令蛟龍將他們咬死;
Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo.
4 既使在敵人面前被擄去充軍,我必命刀劍殺死他們;我的眼注視他們,是為加害,不是為祝福。」
Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo.
5 吾主上主一觸摸大地,大地就溶化,地上所有的居民便都哀號,全地泛濫有如尼羅,退落有如埃及大河。
Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.
6 衪在高天建造了樓閣,在地上奠定了穹蒼,召海水傾流於地面,衪名叫「雅威」。
Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
7 以色列子民! 你們對我豈不是像雇士子民﹖──上主的斷語──豈不是我由埃及領出了以色列,由加非托爾領出了培肋舍特人,由克爾領出了阿蘭人﹖
Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir?
8 看,吾主上主的眼注視這犯罪的國家,我必由此地面上將她消滅。然而我不全然消滅雅各伯家──上主的斷語──
Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
9 看,我必下令,要在萬民中如人用篩子篩以色列,不讓一粒落在地上。
Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè.
10 我百姓中那些人說:「災禍不會臨近,不會來到我們身上」的一罪人,都要死在刀下。
Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè.
11 在那一天,我必樹起達味已塌蹋的帳幕,修補它的缺口,重建它的廢壚:使它重建有如往日,
Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.
12 使他們征服厄木田的遣民和屬於我名下的萬民──行這事的上主的斷語──
Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!
13 看,時日將到,──上主的斷語──那時耕田的人要緊靠著收割的人,榨洒的人要緊靠著播種的人;山嶺要滴下新酒,丘陵都要溶化奔流。
Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.
14 我必要轉變我民以色列的命運,他們必要重建已荒廢的城市,再住在其中;栽植葡萄園,飲其中的美酒;耕種田園,吃其中出產。
M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.
15 我要將他們栽植在自己的地內,他們不會再從我賜與他們的地上被拔除──上主你的天主說。
M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.

< 阿摩司書 9 >